Pwogram pou semèn 24 fevriye
SEMÈN 24 FEVRIYE
Kantik 101 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 3 § 11-18 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Jenèz 32-35 (10 min.)
Revizyon Lekòl ministè teyokratik (20 min.)
Reyinyon sèvis:
5 min: Ann kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa a. Diskou. Pale sou dispozisyon yo pran pou yo fè reyinyon predikasyon premye samdi nan mwa mas la. Sèvi ak modèl prezantasyon ki nan paj 4 la pou nou fè yon demonstrasyon.
15 min: Li enpòtan pou n pa bay legen. Konvèsasyon. Li baze sou Annuaire 2013 la, paj 45, paragraf 1 pou rive nan paj 46, paragraf 1 ak paj 136 pou rive nan paj 137. Mande moun yo pou yo fè kòmantè sou sa yo te aprann.
10 min: “Kanpay envitasyon pou Memoryal la ap kòmanse 22 mas.” Diskou. Se siveyan sèvis la ki pou fè l. Bay chak moun nan reyinyon an yon fich envitasyon epi fè yon ti pale sou sa yo di nan fich la. Egzamine kèk pwen ki ka itil kongregasyon an nan lèt yo te voye bay ansyen yo, epi di ki dispozisyon nou pran pou n rive preche tout tèritwa kongregasyon an.
Kantik 109 ak priyè