Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 28 avril 2014, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la.
Ki sa k te pèmèt Jozèf kouri pou l pa t fè imoralite seksyèl ak madanm Potifa? (Jen. 39:7-12) [3 mas w13 15/2 p. 4 § 6; w07 1/11 p. 15 § 16]
Nan ki sans Jozèf kite yon bon egzanp pou moun k ap sibi enjistis oswa k ap fè fas ak pèsekisyon? (Jen. 41:14, 39, 40) [10 mas, w04 1/3 p. 32 § 6; w04-F 1/6 p. 20 § 4]
Ki sa k fè Jozèf te dispoze fè frè l yo mizèrikòd? [17 mas, w99-F 1/1 p. 30 § 6-7]
Ki fason tribi Benjamen an te rive akonpli pwofesi nou jwenn nan Jenèz 49:27 la? [24 mas, w12-F 1/1 p. 29, kare]
Ki sa Egzòd 3:7-10 aprann nou sou Jewova? [31 mas, w09-F 1/3 p. 15 § 3-6]
Nan epòk Moyiz la, kòman Jewova te montre yon aspè nan siyifikasyon non l? (Egz. 3:14, 15) [31 mas, w13 15/3 p 25-26 § 5-6]
Jan Egzòd 7:1 fè konn sa, nan ki sans Bondye te fè Moyiz vin “tankou Bondye pou Farawon”? [7 avril, w04 1/4 p. 30 § 7]
Malgre Izrayelit yo te wè fason Jewova te sèvi ak pouvwa l pou l te delivre yo nan peyi Ejip, ki atitid yo te vin demontre annapre, e ki leson nou ka aprann? (Egz. 14:30, 31) [14 avril, w12 15/3 p 26-27 § 8-10]
Ki sa k fè ekspresyon “pote nou sou zèl mwen tankou èg” la byen montre bèl fason Jewova te boule ak nasyon Izrayèl la ki te fèk pran nesans? (Egz. 19:4) [28 avril, w96-F 15/6 p. 10 § 5–p. 11 § 2]
Nan ki sans Jewova fè “pinisyon pou fot papa” tonbe sou jenerasyon ki vini apre yo? (Egz. 20:5) [28 avril, w04 1/4 p. 32 § 1]