Pwogram pou semèn 28 avril
SEMÈN 28 AVRIL
Kantik 35 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 6 § 9-15 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Egzòd 19-22 (10 min.)
Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik (20 min.)
Reyinyon sèvis
5 min: Ann kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa a. Diskou. Pale sou dispozisyon yo pran pou yo fè reyinyon predikasyon an premye samdi nan mwa me a, epi ankouraje tout moun pou yo patisipe. Sèvi ak modèl prezantasyon ki nan paj 8 la pou n fè yon demonstrasyon tou kout.
15 min: “Bèl fason yo fè nouvo feyè nou yo!” Kesyon ak repons. Fè yon demonstrasyon ki gen de pati. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre kòman nou ka ofri youn nan nouvo feyè yo nan travay predikasyon kay an kay la, epi, nan lòt la, montre kòman nou ka kontinye konvèsasyon an lè n retounen vizite yon moun ki te montre l enterese.
10 min: “Yon nouvo videyo pou n kòmanse etid Labib.” Diskou. Pase videyo a oswa anrejistreman odyo a pou moun yo. Mande moun yo pou yo di ki lòt fason ankò yo ka sèvi ak videyo a.
Kantik 75 ak priyè