Pwogram pou semèn 19 me
SEMÈN 19 ME
Kantik 131 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 7 § 9-17 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Egzòd 30-33 (10 min.)
No 1: Egzòd 32:1-14 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Dis Kòmandman yo te aboli menm lè ak Lwa mozayik la — rs-F p. 346 § 2-3 (5 min.)
No 3: Abraham— Nou dwe gen lafwa nan pwomès Jewova yo — it-1 p. 29 § 1–p. 30 § 5 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
10 min: Rezon ki fè n ap preche bon nouvèl la. Diskou. Mete vi nan diskou a. Li baze sou liv Organisés a, soti nan paj 77 pou rive nan paj 78, paragraf 2. Envite moun yo pou yo di rezon ki fè yo kontan patisipe nan travay predikasyon an.
10 min: Èske nou ka pyonye oksilyè pandan vakans lan? Konvèsasyon. Fè yon ti pale sou paragraf 1, paj 113, nan liv Organisés a. Atire atansyon moun yo sou kondisyon yon moun dwe ranpli pou l ka pyonye oksilyè. Apre sa, mande pwoklamatè k ap travay yo oswa pwoklamatè ki lekòl yo pou yo di ki byenfè yo te jwenn lefètke yo te pyonye pandan yo te an vakans. Ankouraje tout moun pou yo reflechi sou posiblite pou yo pyonye oksilyè pandan vakans yo pral genyen.
10 min: “Annou pa pran abitid rive anreta.” Kesyon ak repons. Lè n ap egzamine paragraf 4 la, mande moun yo pou yo di ki sa k ede yo pou yo pa rive anreta.
Kantik 44 ak priyè