Pwogram pou semèn 7 jiyè
SEMÈN 7 JIYÈ
Kantik 99 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 9 § 21-24, kare p. 115 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Levitik 17-20 (10 min.)
No 1: Levitik 19:19-32 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Rezon ki fè kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl pa mwayen lespri sen l, oswa “Sen” yo pa libere anba peche — rs-F p. 353 § 2 (5 min.)
No 3: Abîme — Sa Bib la di konsènan twou san fon an — it-1-F p. 22-23 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
10 min: Ann ofri peryodik yo pandan mwa jiyè a.Konvèsasyon. Pou kòmanse, fè de demonstrasyon pou montre fason nou ka prezante peryodik yo lè nou sèvi ak de prezantasyon yo bay sou paj sa a. Apre sa, egzamine chak prezantasyon nèt. Fè yon konklizyon ki tou kout pou ankouraje pwoklamatè yo vin byen konnen sa k nan peryodik yo e pou yo prezante moun yo peryodik yo ak tout kè yo.
10 min: Bezwen kongregasyon an.
10 min: Ki travay nou te fè? Konvèsasyon. Se sekretè a ki pou fè l. Felisite pwoklamatè yo pou bon travay yo te fè nan epòk Memoryal la epi fè ti pale sou sa. Envite yo rakonte kèk bèl eksperyans yo te fè lè yo t ap bay fich envitasyon Memoryal la oubyen lè yo te pran sèvis pyonye oksilyè.
Kantik 123 ak priyè