Pwogram pou semèn 11 out
SEMÈN 11 OUT
Kantik 71 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 11 § 9-16 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Nonb 7-9 (10 min.)
No 1: Nonb 9:9-23 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Sove yon fwa pa vle di sove pou toutan — rs-F p. 356 § 3-6 (5 min.)
No 3: Akân — Lè yon moun vòlè sa k pou Bondye, l ap peye sa chè — it-1-F p. 70 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
5 min: “1914-2014: Santan depi Wayòm nan ap dirije!” Konvèsasyon. Mande pou yo li paragraf ki anlè paj sa a. Patisipasyon nan reyinyon sèvis yo pou mwa sa a ap met aksan sou Wayòm nan. Fè yon ti pale sou dispozisyon yo pran nan kongregasyon an pou reyinyon predikasyon yo.
10 min: “Byen sèvi ak nouvo feyè sit Entènèt la.” Pale sou sa ki nan feyè a. Fè yon demonstrasyon kote yon pwoklamatè ap ofri yon moun feyè a. Li itilize aparèy elektwonik li genyen an pou l atire atansyon moun nan sou sit Entènèt jw.org la.
15 min: “Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Mete kouraj sou nou pou nou pale konsènan Wayòm nan.” Konvèsasyon. Fè de pwoklamatè jwe sèn sa a: Yo nan yon makèt e yo kanpe nan yon liy. Youn ladan yo, ki pa yon Temwen, voye je l nan yon jounal ki nan makèt la, epi li di: “Monn sa a tèt anba! Chak moun panse yo ka ranje bagay yo, epoutan se pi mal bagay yo ap vin pi mal.” Pwoklamatè a ap reflechi, li di tèt li: ‘M dwe di moun sa a yon bagay. Fòk mwen pale l de Wayòm nan.’ Li di moun nan: “Se vre, gen anpil move nouvèl. Mwen gen yon feyè avè m la a mwen ta renmen ba ou. Li pale de yon sit Entènèt ki ede m anpil. Sit sa a ede m jwenn repons pou anpil nan kesyon enpòtan moun poze sou lavi a.” Pwoklamatè a pale sou youn nan pwen ki nan feyè a, e moun nan montre li enterese.
Kantik 92 ak priyè