Pwogram pou semèn 18 out
SEMÈN 18 OUT
Kantik 78 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 11 § 17-22, kare p. 138 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Nonb 10-13 (10 min.)
No 1: Nonb 10:1-16 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Rezon ki fè lafwa dwe mache ak zèv — rs-F p. 356 § 7–p. 357 § 3 (5 min.)
No 3: Actes d’apôtres — Kòmansman remakab ak devlopman òganizasyon kretyen an — it-1-F p. 41 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
15 min: “Santan depi n ap preche Wayòm nan!”: 1ye pati. (Paragraf 1-3). Konvèsasyon. Li baze sou twa premye paragraf yo ak liv Prédicateurs la, paj 259-260. Apre nou fin egzamine paragraf 3 a, fè entèvyou ak de pwoklamatè ki gen lontan depi yo se Temwen. Mande yo pou yo pale sou kèk eksperyans yo te fè nan travay predikasyon an lè yo te fèk kòmanse preche.
15 min: “Santan depi n ap preche Wayòm nan!”: 2yèm pati. (Paragraf 4-6). Kesyon ak repons. Lè n ap egzamine paragraf 5 ak paragraf 6 la, fè entèvyou ak de pyonye. Mande yo sa yo te fè pou yo te ka antre nan sèvis aplentan.
Kantik 103 ak priyè