Pwogram pou semèn 25 out
SEMÈN 25 OUT
Kantik 112 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 12 § 1-8 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Nonb 14-16 (10 min.)
Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik (20 min.)
Reyinyon sèvis
5 min: Eksperyans pwoklamatè yo fè. Fè youn oswa de demonstrasyon ki baze sou eksperyans pwoklamatè yo te fè kote yo te mete kouraj sou yo pou yo pale konsènan Wayòm nan. Fè yon ti pale tou kout sou Ebre 6:11, 12. Mete aksan sou rezon ki fè li enpòtan pou n gen devouman, pou n toujou ap chèche okazyon pou n pale de Wayòm nan.
10 min: Esplike sa Wayòm nan ye: 1ye pati. Diskou. Se yon ansyen ki pou fè l. Li baze sou liv Lekòl ministè teyokratik la, paj 280, paragraf 1-4.
15 min: Esplike sa Wayòm nan ye: 2yèm pati. Konvèsasyon. Li baze sou liv Lekòl ministè teyokratik la, soti nan paj 280, paragraf 5, rive nan paj 281, paragraf 1. Fè yon demonstrasyon kote yon pwoklamatè ap rezone ak yon moun pou l montre l aklè Wayòm nan se yon gouvènman ki egziste toutbon.
Kantik 101 ak priyè