Pwogram pou semèn 15 septanm
SEMÈN 15 SEPTANM
Kantik 105 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 13 § 1-10 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Nonb 26-29 (10 min.)
No 1: Nonb 27:15–28:10 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Se pa Bondye ki kreye Dyab la — rs-F p. 366 § 3 (5 min.)
No 3: Adam — Konsekans terib peche pote— it-1-F p. 44 § 6-8 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
15 min: Ki sa n te akonpli? Diskou. Se siveyan sèvis la ki pou fè l. Pale sou sa kongregasyon an te akonpli pandan ane sèvis ki sot pase a, san wete pandan kanpay espesyal ki te fèt nan mwa out la. Konsantre sou pwen pozitif ki nan travay kongregasyon an te akonpli yo. Felisite pwoklamatè yo lè sa apwopriye. Mande moun yo pou yo rakonte nenpòt bèl eksperyans yo te fè pandan mwa out la, epi fè entèvyou ak yon pwoklamatè ki te chèche fè plis nan ministè l. Pou fini, pale de youn oswa de pwen kongregasyon an ap bezwen travay pandan ane k ap vini an, epi bay moun yo kèk sijesyon pratik ki ka ede yo.
15 min: “Pran pwofèt yo kòm egzanp: Nawoum.” Kesyon ak repons.
Kantik 46 ak priyè