Pwogram pou semèn 17 novanm
SEMÈN 17 NOVANM
Kantik 26 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 16 § 1-9 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Detewonòm 23-27 (10 min.)
No 1: Detewonòm 25:17–26:10 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Ki sa Bib la di konsènan nanm nan? — rs-F p. 28 § 1-5 (5 min.)
No 3: Ornements — Sa Ekriti yo di konsènan òneman — it-2-F p. 457 § 2–p. 458 § 3 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
10 min: Ki lè yon moun se yon bon zanmi? Konvèsasyon. Li baze sou desen anime ki gen tit: Qu’est-ce qu’un vrai ami? (Ale sou sit jw.org la, nan antre LA BIBLE ET VOUS > ADOLESCENTS.) Pou kòmanse, pase videyo a pou moun ki nan oditwa a. Apre sa, sèvi ak kesyon ki vin apre yo pou w fè konvèsasyon an: 1) Ki lè yon moun se yon bon zanmi? 2) Ki sa w dwe chèche lakay yon moun ou ta renmen vin zanmi w? 3) Ki sa w ka fè pou w jwenn yon bon zanmi? 4) Ki kalite efò ou dwe fè pou w ka fè amitye w gen ak moun nan vin pi solid?
10 min: Lanmou pèmèt yo idantifye nou (Jan 13:35). Konvèsasyon. Li baze sou Annuaire 2014, paj 48, paragraf 1 rive nan paj 49, paragraf 3; ak paj 69, paragraf 1 rive nan paj 70, paragraf 2. Mande moun yo fè kòmantè sou leson yo te aprann.
10 min: “Yon nouvo fason nou bay temwayaj an piblik ki bay anpil kè kontan.” Kesyon ak repons. Si kongregasyon an gen tèritwa kote anpil moun ap pase, fè entèvyou ak siveyan sèvis la konsènan aranjman yo fè nan kongregasyon an pou yo bay temwayaj an piblik, epi mande moun nan oditwa a pou yo rakonte kèk eksperyans yo te fè.
Kantik 92 ak priyè