Pwogram pou semèn 26 janvye
SEMÈN 26 JANVYE
Kantik 99 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 19 § 9-17 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Jij 5-7 (8 min.)
No 1: Jij 7:12-25 (3 minit oubyen mwens)
No 2: Amnôn — Tèm: Yon lanmou ki baze sou pasyon e ki egoyis mennen nan malè — it-1-F p. 101 (5 min.)
No 3: Kèk fason nou ka aprann konnen Jewova — igw-F p. 5 § 1-4 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
Tèm pou mwa a: “Travay tankou esklav pou Seyè a ak anpil imilite.” — Tra. 20:19.
10 min: Piblikasyon n ap ofri nan mwa janvye ak fevriye. Konvèsyon. Envite moun yo pou yo rakonte bèl eksperyans yo te fè lè yo t ap ofri bwochi Bon nouvèl la. Fè yon demonstrasyon tou kout pou montre fason nou ka ofri bwochi a. Apre sa, pale sou atik ki gen tit: “Poukisa nou dwe ale tousuit?”
10 min: Ansyen k ap travay tankou esklav pou Seyè a: Kondiktè etid Toudegad la. Fè yon entèvyou ak kondiktè etid Toudegad la. Sèvi ak kesyon sa yo: Ki sa sa mande pou w rive akonpli asiyasyon w lan? Ki jan w prepare w pou etid Toudegad la? Ki sa k fè w pap ka bay tout moun ki leve men yo kòmantè? Ki fason lektè a, moun k ap fè kòmantè yo ak frè k ap pase mikwo yo ka ede w fè etid Toudegad la yon fason ki pwofitab e ki enteresan? Ki jan dènye Lekòl ministè Wayòm nan ede w pi byen akonpli responsablite enpòtan sa a?
10 min: “Sèvi ak jw.org nan ministè a — ‘Fè zanmi ak Jewova.’” Konvèsasyon. Egzamine kèk pwen nan videyo ki sou sit Entènèt nou an, epi jwe yon pati nan yon videyo pou oditwa a. Envite oditwa a pou yo bay kèk sijesyon sou fason yo ka sèvi ak videyo “Fè zanmi ak Jewova” yo lè y ap preche kay an kay, an piblik oubyen lè y ap bay temwayaj enfòmèl.
Kantik 135 ak priyè