Pwogram pou semèn 2 fevriye
SEMÈN 2 FEVRIYE
Kantik 109 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 19 § 18-23, kare p. 237 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Jij 8-10 (8 min.)
No 1: Jij 8:13-27 (3 minit oubyen mwens)
No 2: Kiyès ki te ekri Bib la? — igw-F p. 6 § 1-5 (5 min.)
No 3: André — Tèm: Li pa t gen gwo pozisyon, men li te abòdab e li te fidèl — it-1-F p. 119 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
Tèm pou mwa a: “Travay tankou esklav pou Seyè a ak anpil imilite.” — Tra. 20:19.
10 min: Annou ofri peryodik yo nan mwa fevriye. Konvèsasyon. Pou kòmanse, fè de demonstrasyon pou montre fason nou ka prezante peryodik yo lè nou sèvi ak de prezantasyon yo bay sou paj sa a. Apre sa, egzamine chak prezantasyon nèt.
10 min: Bezwen kongregasyon an.
10 min: Ki jan nou te fè? Konvèsasyon. Mande pwoklamatè yo ki byenfè yo te jwenn lefètke yo te aplike pwen ki nan atik “Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Fason pou n reponn yon moun ki fache”. Mande yo pou yo rakonte kèk bèl eksperyans yo te fè.
Nouvo kantik “Fè nou gen kran” ak priyè
Rapèl: Tanpri jwe mizik la yon fwa, apre sa, kongregasyon an dwe chante nouvo kantik la.