Pwogram pou semèn 2 mas
SEMÈN 2 MAS
Kantik 5 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 21 § 1-8 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Rit 1-4 (8 min.)
No 1: Rit 3:14–4:6 (3 minit oubyen mwens)
No 2: Aquila — Tèm: Preche avèk zèl epi demontre ospitalite — it-1-F p. 144 (5 min.)
No 3: Imilite ak pisans Kris genyen antanke Wa — igw-F p. 8 § 5–p. 9 § 4 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
Tèm pou mwa a: Se pou nou ‘zele pou n fè bèl travay’! — Tit 2:14.
10 min: Annou ofri peryodik yo pandan mwa mas la. Konvèsasyon. Pou kòmanse, fè de demonstrasyon pou n montre fason nou ka prezante peryodik yo lè nou sèvi ak prezantasyon yo bay nan paj sa a. Apre sa, ankouraje tout moun pou yo byen konnen sijè ki nan peryodik yo.
10 min: “Avèk zèl, annou youn ankouraje lòt fè bèl aksyon.” Konvèsasyon. Montre fason yo te mete aksan sou tèm pou mwa a nan reyinyon sèvis ki te fèt nan mwa fevriye.
10 min: Ki jan nou te fè? Konvèsasyon. Mande pwoklamatè yo ki byenfè yo te jwenn lefètke yo te suiv konsèy yo te bay nan atik “Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Temwayaj nan entèfòn”. Si sa aplikab, mande pwoklamatè yo sa yo te fè pou yo te bay temwayaj nan entèfòn. Si sijè sou entèfòn nan pa apwopriye pou tèritwa kongregasyon nou, nou kapab fè yon diskou nan plas li ki baze sou sijè sa a “Pa souzestime tèt ou: Venk santiman ki fè w kwè ou pa kalifye a”. N ap jwenn li nan paj 2 Ministè Wayòm novanm 2012 la.
Nouvo kantik “Non ou se Jewova” ak priyè
Rapèl: Tanpri jwe tout mizik la yon fwa, apre sa, kongregasyon an dwe chante nouvo kantik la.