BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb17 fevriye p. 6
  • Rejwi nan esperans nou genyen an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rejwi nan esperans nou genyen an
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Ann kenbe esperans nou genyen antanke kretyen an fèm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Met espwa w nan Jewova, epi met kouraj sou ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Ki kote nou ka jwenn bonjan espwa?
    Reveye n! — 2004
  • Esperans nou genyen an pap desevwa nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
mwb17 fevriye p. 6
Yon fanmi k ap fè repetisyon pou predikasyon pandan adorasyon an fanmi y ap fè

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Rejwi nan esperans nou genyen an

Esperans tankou lank yon batiman (Eb 6:19). Li ede nou lè n nan tanpèt pou n pa fè nofraj, sa vle di pou n pa pèdi relasyon nou gen ak Bondye a (1Ti 1:18, 19). Tanpèt sa yo se kapab lè nou dekouraje, nou pèdi bagay materyèl nou te posede, nou gen yon maladi ki pwolonje, nou gen yon moun pa n ki mouri oswa nenpòt lòt bagay ki vle anpeche n ret fidèl ak Bondye nan tout bagay.

Lafwa ak esperans ka ede n wè rekonpans Bondye pwomèt la byen klè (2Ko 4:16-18; Eb 11:13, 26, 27). Se poutèt sa, kit nou gen esperans pou n al viv nan syèl la, kit nou gen esperans pou n viv sou tè a, nou dwe byen nouri nou nan Pawòl Bondye a lè n medite sou pwomès ki ladan l yo. Epi, lè n anba eprèv k ap ban nou sakad, l ap difisil pou n pèdi jwa nou. — 1P 1:6, 7.

GADE VIDEYO REJWI NAN ESPERANS LAN, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Poukisa Moyiz se yon bon egzanp pou n imite?

  • Ki responsablite chèf fanmi yo genyen?

  • Ki sijè konsa nou ka egzamine nan adorasyon an fanmi n ap fè?

  • Ki jan esperans lan ka ede n fè fas ak eprèv yo avèk konfyans?

  • Ki sa n ap tann ki gen pou reyalize?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje