BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp20 no 3 p. 13
  • Moun ki ede moun ki nan bezwen ap jwenn benediksyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Moun ki ede moun ki nan bezwen ap jwenn benediksyon
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI SA PAWÒL BONDYE A DI?
  • KI SA SA VLE DI EDE MOUN KI NAN BEZWEN?
  • Èske w aksepte èd Jewova ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Ki sa ki ka ede moun venk prejije ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Èske w “ rich anvè Bondye ” ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Parabòl bon samariten an
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
wp20 no 3 p. 13
Yon mesye k ap sèvi ak yon kat pou montre yon lòt mesye ki wout pou l fè.

Èske w kapab ede lòt moun, kèlkeswa laj yo, nasyonalite yo oswa relijyon yo?

Moun ki ede moun ki nan bezwen ap jwenn benediksyon

Anpil moun k ap viv toupatou nan monn nan bezwen manje ak kote pou yo rete. Gen ladan yo ki sèlman bezwen yon espwa pou demen. Kòman efò nou fè pou n ede kèk ladan yo ap fè yo jwenn favè Bondye ak benediksyon l?

KI SA PAWÒL BONDYE A DI?

“Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete, e Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a.” — PWOVÈB 19:17.

KI SA SA VLE DI EDE MOUN KI NAN BEZWEN?

Jezi te rakonte yon istwa konsènan yon mesye vòlè te atake e yo te kite l twaka mò (Lik 10:29-37). Gen yon etranje ki te kanpe sou wout li pou l pran swen mesye a ki te blese grav. Li te fè sa, malgre li pa t soti nan menm ras ak mesye a.

Mesye sa a ki te gen pitye a pa t sèlman bay mesye ki te blese a yon premye swen ak èd materyèl, men li te konsole l e li te fè l jwenn soulajman.

Ki sa nou aprann nan istwa sa a? Jezi te vle montre nou dwe ede moun ki nan bezwen, kèlkeswa fason nou kapab la (Pwovèb 14:31). Pawòl Bondye a anseye Bondye pral met fen nan povrete ak soufrans talè konsa. Men, nou ka ap mande: Ki jan e kilè Bondye pral fè sa? Atik ki vin apre a pral pale sou yon seri benediksyon Kreyatè w la ki renmen w pral fè w jwenn.

“BONDYE PA T JANM ABANDONE M”!

Dapre yon mesye ki soti nan peyi Ganbi

“Lè m te rive ann Ewòp, m pa t gen anyen, ni travay, ni lajan, ni kote pou m rete. Ansèyman ki nan Ekriti sakre yo te ede m vin yon moun ki debouya, ki travay di e k ap ede lòt moun olye m te annik ret ap mande èd. Bondye pa t janm abandone m, e m te jwenn benediksyon l!”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje