Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
7-13 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 28-31
“Jewova te rekonpanse yon nasyon ki pa t ap sèvi l”
it-2-F 1125 § 3
Ti
Destriksyon vil la. Nebikadneza te ansèkle vil Ti pandan yon bon ti tan, e pandan tan sa a, tèt sòlda yo te “vin chòv” akoz fwotman tèt yo ak kas yo, e zepòl yo te “vin dekale” nan pote ekipman pou fè travay konstriksyon ki t ap pèmèt yo ansèkle vil la. Se vre, Nebikadneza pa t resevwa okenn “rekonpans” poutèt li te travay kont vil Ti, men Jewova te pwomèt li t ap ba l richès peyi Ejip kòm rekonpans (Eze 29:17-20). Selon sa Jozèf, yon istoryen Juif, fè konnen, Babilónyen yo te okipe vil la pandan 13 an (Against Apion, I, 156 [21]), e sa te koute yo chè anpil. Listwa pa bay detay presi sou tout efò sa te mande Nebikadneza pou l fè sa. Men, kantite moun vil Ti ki te pèdi lavi yo ak kantite byen moun sa yo te pèdi dwe te anpil. — Eze 26:7-12.
it-1-F 713 § 8
Ejip, Ejipsyen
Yo jwenn yon tèks Babilónyen yo te ekri ki pale sou yon kanpay Nebikadneza te fè kont Ejip sou 37yèm ane l t ap dirije a (ane 588 anvan epòk nou an). Nou pa ka di egzakteman si se de yon ti atak yo t ap pale oswa si se de yon gwo atak militè. Antouka, Nebikadneza te resevwa richès Ejip yo kòm rekonpans paske l te egzekite jijman Jewova a grasa travay lame l la te fè kont vil Ti, yon vil ki te opoze ak Jewova. — Eze 29:18-20; 30:10-12.
g86-F 8/11 27 § 4-5
Èske se tout taks nou dwe peye?
Pou nou ka reponn kesyon sa a, nou ka pran yon egzanp kote Kreyatè a li menm te rekonpanse yon gouvènman lèzòm pou sa l te fè pou li. Jewova te gen bon rezon pou l te fache kont vil Ti, yon vil nan tan lontan, se sa k fè, li te anonse li t ap detwi vil sa a. Pou Jewova te ka reyalize sa l te anonse a, li te sèvi ak lame Babilòn wa Nebikadneza t ap dirije a. Menmsi Babilòn te ranpòte laviktwa, sa te koute l chè anpil. Jewova te vle rekonpanse l pou sa. Pawòl Jewova te di yo parèt nan Ezekyèl 29:18, 19. Men sa l te di: “Pitit lòm, Nebikadneza, wa Babilòn nan, te fè lame l la travay di anpil kont Ti. [...] Men, ni li menm ni lame l la pa t resevwa okenn rekonpans pou tout travay yo te fè kont Ti a. Kidonk, men sa mwen menm, Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen di: ‘M ap lage peyi Ejip nan men Nebikadneza, wa Babilòn nan. Li prale ak richès li yo e l ap pran anpil nan bagay li genyen yo. Se konsa m ap peye lame l la.’”
Moun ki etidye Bib la konnen wa Nebikadneza pa t ap sèvi Jewova, li te awogan e li te egoyis. Babilòn ak lame l yo te gen repitasyon moun ki konn maltrete moun yo te pran kòm esklav. Jewova pa t dakò ak konduit sa yo te genyen an, men kòm li te di l t ap rekonpanse yo, li te fè sa. Li te ba yo anpil rekonpans.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 550 § 3-4
Pèfeksyon
Konparezon ant premye kreyati ki te peche a ak wa Ti a. Anfèt, peche ak enpèfeksyon te parèt nan monn envizib la anvan menm lòm te vin peche epi vin pa pafè ankò, jan sa parèt nan pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 8:44 ak nan istwa yo rakonte nan chapit 3 liv Jenèz la. Chante tris nou jwenn nan Ezekyèl 28:12-19 Ezekyèl te fè anrapò ak moun ki gen tit “wa Ti a” sanble se yon konparezon ant wa sa a ak yon espri, yon pitit gason Bondye, ki se premye kreyati ki te peche. Lefètke yo pale de ògèy “wa Ti a” te genyen, li te fè tèt li tounen yon ‘dye’, li pote non cheriben, e yo pale de “jaden Edenn” nan, tout sa montre se sèten enfòmasyon sa yo Bib la bay koresponn ak Satan Ledyab, ki te vin chaje ak ògèy e ki te sèvi ak yon sèpan ann Edenn. E yo rele l “dye sistèm sa a”. — 1Ti 3:6; Jen 3:1-5, 14, 15; Re 12:9; 2Ko 4:4.
Wa Ti a, yon wa moun pa konnen, t ap viv nan yon vil yo di ‘pa gen pi bèl pase l’, se yon wa ki ‘gen anpil sajès, e pi bèl pase l pa genyen [adjektif ki gen rapò ak mo ebre kalal]’, ‘li fè tout bagay byen [ann ebre, tamim]’ nan fason l aji depi lè l te fèt pou jis li te vin gen sa k pa bon nan li (Eze 27:3; 28:12, 15). Premye aplikasyon chante ki tris ki nan liv Ezekyèl la ka fè referans ak liy fanmi moun ki t ap dirije Ti yo olye pou se yon sèl moun. (Konpare ak pwofesi yo te anonse kont “wa Babilòn” moun pa konnen ki nan Eza 14:4-20.) Nan ka sa a, petèt y ap pale de moman kote wa Ti yo te gen bon relasyon ak David ak Salomon e yo te konn kolabore avèk yo nan moman David ak Salomon t ap dirije a, nan moman sa yo, Ti te menm pote patisipasyon pa l lè yo t ap konstwi tanp Jewova a sou mòn Moriya. Donk, nan premye moman yo, moun Ti yo te byen aji ak Izrayelit yo, pèp Jewova a (1Wa 5:1-18; 9:10, 11, 14; 2Kw 2:3-16). Men, wa ki te vin annapre yo te sispann “fè tout bagay byen”, se sa k fè kèk nan pwofèt Bondye yo, tankou Jowèl, Amòs ak Ezekyèl te anonse yo t apral detwi vil Ti (Jl 3:4-8; Am 1:9, 10). Menmsi detay yo bay sou “wa Ti a” sanble gen rapò ak pi gwo advèsè Bondye a, egzanp sa a yo pran an montre yo ka itlize ekspresyon “pèfeksyon” ak “entegrite” nan yon sans ki limite.
w03-F 1/7 32 § 1-3
Ki sa k te rive yo?
VIL NÒF ak vil No se fason yo te rele kapital Ejip yo nan Bib la moun te plis konnen lontan sou non Menmfis ak Tèb. Nòf (Menmfis) te nan yon distans 23 kilomèt nan sid vil Kè, nan pati wès Rivyè Nil la. Sepandan, rive yon lè, Menmfis te vin pa kapital Ejip ankò. Nan 15yèm syèk anvan epòk nou an, vil No (Tèb) te vin nouvo kapital Ejip la, li te nan yon distans 500 kilomèt nan sid Menmfis. Pami tout tanp ki vin tounen dekonm nan vil Tèb la, gen tanp Kanak la. Yo konsidere tanp sa a kòm pi gwo konstriksyon lèzòm rive fè ak yon seri gwo poto. Yo te fè vil Tèb la ak tanp Kanak la pou yo te adore Amon, dye Ejipsyen yo te genyen ki pi enpòtan an.
Ki sa Bib la te gentan anonse konsènan Menmfis ak Tèb? Gen yon jijman kondanasyon ki te anonse kont Farawon ak dye Ejipsyen yo, sitou “Amon ki soti No”, dye yo t ap sèvi ki te pi enpòtan an (Jeremi 46:25, 26). Yo t ap “detwi” tout foul moun ki te konn vin adore nan vil sa yo (Ezekyèl 30:14, 15). E se sa ki te rive. Tanp kote yo te konn adore Amon an te vin tounen dekonm. Jodi a, gen yon pati nan vil Luxor ki rive sou yon pati kote vil Tèb tan lontan te ye a, e vin gen lòt ti vilaj sou dekonm li yo.
Kanta pou Menmfis li menm, se simetyè l yo ki rete ase. Men ki sa Louis Golding ki fè kòmantè sou Bib la di: “Pandan plizyè syèk, Arab ki te pran Ejip yo te itilize pakèt dekonm Menmfis yo pou yo te ka bati kapital yo a [Kè] sou lòt bò rivyè a. Rivyè Nil la ak travay konstriktè Arab yo te fè a sitèlman byen tonbe sou plizyè kilomèt ansyen vil la te pran an, sa fè pa menm gen yon wòch ki rive sou tè nwa a.” Vrèmanvre, jan Bib la te anonse sa, Menmfis te vin tounen yon ‘kote moun pè e pa gen moun ki rete ladan l ankò’. — Jeremi 46:19.
14-20 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 32-34
“Moun k ap veye a gen yon gwo responsablite sou do l”
it-2-F 1044 § 3
Veyè, moun k ap veye
Imaj. Jewova te chwazi kèk pwofèt ki te tankou veyè pou nasyon Izrayèl la (Jr 6:17), e yo menm, bò kote pa yo, te konn pran veyè yo kòm egzanp lè y ap pale (Eza 21:6, 8; 52:8; 62:6; Oz 9:8). Pwofèt sa yo ki t ap veye te gen responsablite pou yo te avèti mechan yo konsènan destriksyon ki te pandye sou tèt yo, e si yo pa t fè sa se yo menm yo t ap mande kont. Pa gen dout nan sa, si mechan yo te fè tèt di e yo pa t koute avètisman an, se yo ki t ap responsab pwòp san yo (Eze 3:17-21; 33:1-9). Yon pwofèt ki pa t fidèl pa t gen plis valè pase yon moun k ap veye ki avèg oubyen yon chen ki pa ka jape. — Eza 56:10.
w88-F 1/1 28 § 13
Ann kontinye preche mesaj konsènan Wayòm nan
Evite gen dèt san
Nou ka konpare responsablite Temwen fidèl Jewova yo genyen pou yo avèti moun yo sou jijman Bondye a ki pral vini an ak jijman Ezekyèl te gen pou l anonse nan epòk pa li a. Yo te chwazi l kòm yon moun k ap veye pou nasyon Izrayèl la. Ezekyèl te gen responsablite pou l avèti Izrayelit yo gen yon jijman ki t ap vin sou yo si yo pa t vire do bay bagay mal yo t ap fè yo. Si li menm antanke veyè li pa t bay avètisman an, jijman an t ap toujou vin sou mechan yo, men, se moun k ap veye a ki t ap responsab san yo poutèt li pa t avèti yo. Konsa, Jewova montre ki jan li konsidere kesyon jije mechan yo. Men sa l di: “Mwen pa pran plezi nan lanmò moun ki mechan, e mwen ta pito wè yon moun ki mechan chanje fason l ap aji pou l ka rete an vi. Kase tèt tounen! Kite move chemen nou pran an! Pou ki rezon pou n ta oblije mouri, o nou menm moun Izrayèl yo?” — Ezekyèl 33:1-11.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w91-F 15/3 17 § 16-17
Ann mache pazapa ak cha selès Jewova a
Pa kite atitid moun ki pa enterese fè n dekouraje
Ezekyèl kite yon bèl egzanp tou anrapò ak obeyisans e li pa t kite atitid lòt moun ki pa t enterese nan mesaj la oswa ki t ap fawouche l fè l dekouraje. Menm jan an tou, lè nou kontinye pale lang pwòp la, nou montre n ap mache kòtakòt ak Wa k ap kondui cha a. Konsa, nou gen tout sa n bezwen pou nou obeyi kòmandman l yo, nou jwenn fòs pou n pa sispann anonse mesaj jijman Jewova a malgre moun yo pa enterese nan mesaj la oswa y ap fawouche nou. Menm jan sa te ye nan epòk Ezekyèl la, Bondye te gentan anonse gen moun ki t ap vrèman opoze ak nou, yo t ap montre yo gen tèt di e yo gen kè di. Gen lòt ki pa t ap koute nou paske yo jis pa vle tande Jewova (Ezekyèl 3:7-9). Gen lòt menm ki t ap aji tankou ipokrit, men sa Ezekyèl 33:31, 32 di: “Y ap vin an foul bò kote w, y ap chita devan w antanke pèp mwen. Y ap koute pawòl ou yo, men yo pap obeyi yo. Paske, y ap flate w ak bouch yo, men sèl sa k nan kè yo se jwenn avantaj nan move kondisyon. Tande! Pou yo, ou tankou yon moun ki gen bèl vwa, ki jwe enstriman akòd byen, k ap chante yon chante ki pale sou lanmou. Y ap tande sa w ap di yo, men pèsonn pap fè sa ou di yo.”
Ki rezilta sa t ap bay? Men ki sa vèsè 33 a di: “Lè pawòl sa yo reyalize, paske y ap reyalize kanmenm, lè sa a y ap konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo.” Pawòl sa yo montre Ezekyèl pa t dekouraje malgre moun yo pa t byen reyaji. Moun yo pa t enterese nan sa li t ap di yo men, li menm li te kontinye montre l enterese nan moun yo. Kit moun yo te koute, kit yo pa t koute, li te obeyi Bondye e li te ranpli misyon li te konfye l la.
21-27 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 35-38
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w02-F 15/6 20 § 12
Ann aprann konnen sa moralite kretyen an ye e ann anseye lòt moun li
Apot la te montre rezon ki pi enpòtan ki fè n dwe aprann prensip moral ki nan Bib la epi mete yo an pratik. Fason Juif yo t ap aji te gen efè sou non Jewova. Men sa Jewova te di: “Ou menm ki santi w fyè dèske w gen lalwa, w ap dezonore Bondye nan dezobeyi Lalwa? Paske, jan sa ekri: ‘Non Bondye sal nan mitan nasyon yo akoz nou menm.’” (Women 2:23, 24). Donk, menm jan an tou, si nou pa suiv prensip moral kretyen yo, nou meprize Moun ki ban nou yo a. Men, si nou byen suiv prensip moral li yo, sa ap gen bon efè sou non Bondye, n ap montre nou onore l (Ezayi 52:5; Ezekyèl 36:20). Lefètke nou konn sa, sa kapab fè n gen plis detèminasyon n pou n suiv prensip kretyen yo lè n devan tantasyon oubyen lè nou nan sitiyasyon kote li ka sanble l pi fasil pou n pa suiv prensip sa yo. Yon lòt bò, nou aprann yon lòt bagay nan pawòl apot Pòl yo. Nonsèlman nou konnen fason n aji gen efè sou non Jewova, lè n ap anseye lòt moun nou bezwen ede yo wè lè yo aplike prensip moral Jewova yo ki jan sa ap gen bon efè sou non Jewova. Nonsèlman prensip moral kretyen yo ap suiv yo fè yo gen kè kontan, men, yo pwoteje sante yo tou. Yo gen efè tou sou non Sila a ki bay yo a e ki ankouraje n pou nou suiv yo. — Sòm 74:10; Jak 3:17.
w88-F 15/9 24 § 11
“Y ap konnen mwen se Jewova”
Apre ti gwoup moun ki te rete a te tounen Jida, peyi sa a ki te tounen yon dezè te vin pwodui anpil tankou “jaden Edenn”. (Li Ezekyèl 36:33-36.) Menm jan an tou, depi ane 1919, Jewova te pèmèt kondisyon espirityèl rès kretyen ki gen esperans pou y al nan syèl la, ki te tankou yon dezè, vin tounen yon paradi espirityèl ki pwodui anpil, e jodi a, y ap pataje paradi sa a ak “gwo foul” la. Piske paradi sa a se moun ki sen ki ladan l, se pou nou chak ki vwe lavi n bay Jewova antanke kretyen fè efò pou n kenbe l pwòp. — Ezekyèl 36:37, 38.
28 OUT–3 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 39-41
“Tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an konsène w”
w99-F 1/3 11 § 16
“Byen suiv” tanp Bondye a!
Pou n ka jwenn yon repons, ann tounen nan vizyon an. Men ki sa Ezekyèl te ekri: “Nan yon vizyon Bondye te fè m wè, li te mennen m nan peyi Izrayèl e li te mete m sou yon mòn ki byen wo. Sou mòn nan, nan direksyon sid, te gen yon bagay ki te tankou yon vil.” (Ezekyèl 40:2). Kote vizyon an fèt la, sou “mòn ki byen wo” a, fè n sonje pawòl nou jwenn nan Miche 4:1 ki di: “Nan dènye jou yo, mòn kote kay Jewova a ye a ap tabli byen djanm, e l ap vin pi wo pase lòt mòn yo. L ap vin pi wo pase ti mòn yo, e pèp yo ap vin an foul sou li.” Ki lè pwofesi sa a t ap reyalize? Miche 4:5 montre li kòmanse reyalize pandan nasyon yo toujou ap sèvi fo dye. Anfèt, se nan epòk nou an, “nan dènye jou yo”, yo mete adorasyon ki pwòp la byen wo, li vin gen plas li ankò nan lavi sèvitè Bondye yo.
w07-F 1/8 10 § 2
Pwen enteresan nan liv Ezekyèl la — II
40:3–43:17 — Ki sans sa genyen lefètke yo mezire tanp lan? Mezire yo mezire tanp lan se yon siy ki montre objektif Jewova genyen anrapò ak adorasyon ki pwòp la ap reyalize san mank.
w07-F 1/8 11 § 5
Pwen enteresan nan liv Ezekyèl la — II
40:14, 16, 22, 26. Pye palmye yo te desine sou mi ki nan antre tanp lan montre se sèlman moun ki fè sa ki dwat nan domèn moral ki ka antre ladan l (Sòm 92:12). Sa aprann nou se sèlman si n fè sa ki dwat Jewova ap aksepte adorasyon n ap ba li a.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w12-F 1/9 21 § 2
“Nasyon yo ap konnen mwen se Jewova”
Men ki sa Jewova te di: “Mwen pap kite moun derespekte non m ankò.” Lè lèzòm ap blame Bondye pou enjistis y ap sibi, se non l y ap sal. Kòman sa? Nan Bib la, souvan, “non” yon moun gen rapò ak repitasyon moun nan. Gen yon liv referans ki fè konnen non Bondye vle di “sa moun konnen de li, sa vle di sa l fè moun konnen sou li, li reprezante tou glwa l genyen ak onè l genyen”. Non Jewova makònen ak repitasyon l genyen. Ki sa moun konnen sou Jewova parapò ak enjistis? Li rayi enjistis! Li gen konpasyon tou pou moun k ap sibi enjistis (Egzòd 22:22-24). Donk, lè moun rann Bondye responsab bagay li rayi, yo sal repitasyon l. Lè konsa, yo “montre [yo] pa gen respè pou non [l]”. — Sòm 74:10.
w89-F 15/8 14 § 20
Y ap ouvri chemen pou lèzòm retounen nan Paradi a
Men, ki sa k ap rive ak tout zam nasyon yo kite yo te konn itilize pou fè lagè yo? Lè nou byen gade kantite tan sa ap mande nan yon sans pou n limen dife ak pati nan zam sa yo ki kapab boule yo, sa montre se yon pil ak yon pakèt zam k ap genyen (Ezekyèl 39:8-10). Moun k ap travèse Amagedon yo ap ka itilize zam nasyon yo te konn itilize pou fè lagè yo pou yo fè zouti k ap itil yo pou yo travay. — Ezayi 2:2-4.