BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr17 no 11 p. 1-3
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2017
  • Soutit
  • 6-12 NOVANM
  • 13-19 NOVANM
  • 20-26 NOVANM
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2017
mwbr17 no 11 p. 1-3

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

6-12 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | AMÒS 1-9

“Chèche Jewova, epi n ap kontinye viv”

jd-F 90-91 § 16-17

Sèvi Jewova ann amoni ak prensip wo nivo l yo

Adan, premye gason an, te fè yon move chwa lè l te gen pou l deside ki pi bon prensip pou l suiv anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal. Èske n ap fè pi bon chwa? Amòs te ankouraje nou pou nou byen reflechi sou sa, li te di: “Rayi sa ki mal e renmen sa ki byen.” (Amòs 5:15). Men sa William Rainey Harper, ki mouri kounye a e ki t ap travay kòm pwofesè lang ak literati nan inivèsite Chikago, te di sou vèsè sa a: “Prensip anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal ki te nan lespri [Amòs la] se fè volonte Yawe.” Se pwen prensipal nou ka aprann nan men 12 pwofèt yo. Èske nou dispoze aksepte prensip Jewova bay anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal? Nou jwenn prensip wo nivo sa yo nan Bib la, e “esklav fidèl ki prevwayan an”, yon seri kretyen ki gen matirite e ki gen eksperyans, esplike nou prensip sa yo. — Matye 24:45-47.

Lè nou rayi sa ki mal, sa ap ede nou pa fè yon seri bagay ki pa fè Bondye plezi. Pa egzanp, yon moun ka konnen danje ki genyen nan gade pònografi sou Entènèt, e li fè efò pou l pa gade l. Men, ki jan ‘moun li ye pa anndan an’ santi l anrapò ak sa ki sou sit Entènèt ki gen pònografi yo (Efezyen 3:16). Lè l suiv konsèy Bondye bay nou jwenn nan Amòs 5:15 lan, l ap twouve li pi fasil pou l rayi sa ki mal. Konsa, l ap pote laviktwa nan gè espirityèl l ap mennen an.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

w07-F 1/10 14 § 8

Pwen enteresan ki nan liv Jowèl ak Amòs la

2:12. Nou pa dwe dekouraje frè ak sè k ap travay di swa kòm pyonye, swa kòm siveyan itineran, misyonè yo oswa manm fanmi Betèl yo, pou yo kite sèvis aplentan pou y al mennen swadizan yon vi nòmal. Olye nou fè sa, l ap pi bon pou nou ankouraje yo kenbe nan bon travay y ap fè a.

w07-F 1/10 14 § 6

Pwen enteresan ki nan liv Jowèl ak Amòs la

8:1, 2 — Ki sans “pànye ki gen fwi ki bon nan sezon ete” a genyen? Se yon siy ki montre jou Jewova a toupre. Yo te konn keyi fwi ki bon nan sezon ete yo nan zòn fen sezon rekòt yo, sa vle di nan zòn fen ane agrikòl la. Lè Jewova te fè Amòs wè yon “pànye ki gen fwi ki bon nan sezon ete”, sa te vle Izrayelit yo te prèske rive nan dènye jou yo. Se sa k fè Bondye te di Amòs: “Pèp Izrayèl, pèp mwen an, rive nan dènye jou l. Mwen pap padone yo ankò.”

13-19 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | OBADYA 1–JONAS 4

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

jd-F 112 § 4-5

Trete lòt moun jan Bondye vle

Nou ka aprann yon leson nan kondanasyon Bondye te bay Edòm, yon peyi ki toupre Izrayèl, li te di: “Lè malè te rive frè w la, ou pa t dwe kontan poutèt sa k te rive l la. Lè malè te rive moun Jida yo, ou pa t dwe kontan poutèt sa k te rive yo a.” (Obadya 12). Li pwobab pou yo te rele moun Ti yo “frè” Izrayelit yo paske yo te konn nan aktivite biznis ansanm, men moun Edòm yo se te bonjan “frè” Izrayelit yo paske yo se desandan Ezaou ki te marasa ak Jakòb. Menm Jewova te rele moun Edòm yo “frè” Izrayelit yo (Detewonòm 2:1-4). Donk, moun Edòm yo te vrèman montre yo mechan lè yo te kontan poutèt Juif yo t ap soufri anba men Babilónyen. — Ezekyèl 25:12-14.

Li klè, Bondye pa t dakò pou jan moun Edòm yo te trete Juif yo pwòp frè yo. Donk, li ta bon pou nou mande tèt nou: ‘Ki sa Jewova t ap di sou jan m boule ak frè m yo?’ Yon bagay nou dwe reflechi sou li se ki jan nou wè yon frè oswa nou boule avè l lè nou gen pwoblèm avè l. Pa egzanp, ann imajine yon kretyen fè w fache oswa li gen pwoblèm avèk yon moun nan fanmi w. Si w gen “dekwa pou [w] plenyen kont” li, èske w ap kenbe rankin, ou pa vle kite sa oswa w pa eseye fè anyen pou ranje sitiyasyon an (Kolosyen 3:13; Jozye 22:9-30; Matye 5:23, 24). Si w ta aji konsa, sa ta ka gen efè sou jan w ap boule ak frè a, ou ta ka vin frèt avè l, ou ta ka evite l oswa pale l mal. Ann ale pi lwen toujou, ann imajine frè sa a ta vin fè yon peche, ki petèt menm mande pou l jwenn konsèy oswa disiplin nan men ansyen yo nan kongregasyon an (Galat 6:1)? Èske w t ap aji menm jan ak moun Edòm yo, èske w t ap kontan pou malè sa a ki rive l la? Ki jan Bondye t ap vle w aji?

20-26 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MICHE 1-7

“Ki sa Jewova mande nou pou nou fè?”

w12-F 1/11 22 § 4-7

“Ki sa [Jewova] mande w pou w fè?”

“Fè sa ki dwat.” Selon yon ouvraj referans, mo ebre lè yo tradui l yo mete “sa ki dwat” pou li a “gen rapò ak sa ki jis ak sa ki dwat ki fèt nan yon kominote”. Bondye mande pou nou trete lòt moun selon sa ki dwat e ki jis ki ann amoni ak prensip li yo. Nou fè sa ki dwat lè nou pa nan patipri e nou onèt ak lòt moun (Levitik 19:15; Ezayi 1:17; Ebre 13:18). Lè nou aji dwat ak lòt moun, sa ka pouse yo aji dwat avèk nou tou. — Matye 7:12.

“Renmen fidelite.” Bondye pa jis mande pou nou demontre fidelite, men li mande nou pou nou renmen fidelite. Mo ebre yo lè yo tradui l ki bay “fidelite” a (cheʹsedh) ta kapab vle di tou “lanmou ki fidèl”. Men sa yon biblis di: “Nou pa ka mete mo tankou lanmou, mizèrikòd oswa fidelite pou tradui [mo ebre cheʹsedh la]; li pa youn nan kalite sa yo, men li se tout kalite sa yo met ansanm.” Si nou renmen fidelite, n ap kontan demontre l, n ap pran plezi ede moun ki nan bezwen. Kòm rezilta, n ap jwenn kè kontan ki genyen nan bay. — Travay 20:35.

“Mache avèk Bondye w la toutpandan w rekonèt limit ou.” Nan Bib la, ekspresyon “mache” a vle di “suiv yon direksyon”. Nou mache avèk Bondye lè nou suiv direksyon li ban nou pa mwayen Bib la nan lavi nou. Nou bezwen “rekonèt limit nou” lè n ap fè sa. Sa k fè nou di sa? Lè nou rekonèt limit nou devan Bondye, nou montre nou rezonab nan fason nou rekonèt pozisyon nou genyen devan l. Se sa k fè, ekspresyon “mache avèk [toutpandan w] rekonèt limit ou” an vle di pou nou montre nou rezonab anrapò ak sa li mande e ak sa nou ka bay.

Erezman, Jewova pa janm mande nou fè plis pase sa nou ka bay. Li kontan lè nou fè tout sa n kapab pou n sèvi l (Kolosyen 3:23). Li konprann limit nou (Sòm 103:14). Lè nou rekonèt nou gen limit nou e nou aprann aksepte sa, n ap kontan mache avèk Bondye. Poukisa w pa aprann fason w ka kòmanse mache avèk Bondye? Si w fè sa, Bondye ap vide benediksyon sou ou. — Pwovèb 10:22.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje