TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | TRAVAY 6-8
Nouvo kongregasyon kretyen an pase anba eprèv
Te gen patipri nan fason yo te trete vèv ki pale grèk ki te fèk batize yo e ki te rete pi lontan Jerizalèm pase sa yo te prevwa. Èske enjistis yo te sibi a te fè yo trebiche oubyen yo te ret tann Jewova avèk pasyans pou l korije sitiyasyon sa yo?
Apre yo te fin kalonnen Etyèn ak kout wòch e kretyen nan Jerizalèm yo te vin jwenn gwo pèsekisyon ki te lakòz yo kouri al Jide ak Samari, èske sa te fè yo ralanti nan travay predikasyon an?
Grasa èd Jewova, nouvo kongregasyon kretyen an te andire e yo te kontinye ogmante. — Tr 6:7; 8:4.
MANDE TÈT OU: ‘Ki jan m reyaji devan eprèv?’