BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr19 no 2 p. 1
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2019
  • Soutit
  • 25 FEVRIYE–3 MAS
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2019
mwbr19 no 2 p. 1

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

25 FEVRIYE–3 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | WOMEN 9-11

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-1-F 1234 § 6

Jalou, Jalouzi

Yon zèl ki pa kòrèk. Yon moun gendwa zele ak tout kè l pou yon bagay, oswa li gendwa jalou pou li, epoutan, li pa gen rezon, e Bondye gendwa pa pran plezi nan moun sa a. Se sa k te rive anpil nan Juif ki t ap viv nan premye syèk la. Yo t ap chèche pou Bondye konsidere yo kòm moun ki jis nan pwòp fason pa yo, pa mwayen aksyon yo t ap fè sou baz Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la. Men, Pòl te montre zèl yo te genyen an pa t kòrèk paske yo pa t gen konesans ki egzak la. Se pou rezon sa a, Bondye pa t konsidere yo kòm moun ki jis vre. Yo te dwe admèt yo nan erè, epi al jwenn Bondye pa mwayen Kris pou Bondye te ka konsidere yo kòm moun ki jis, epi libere yo anba kondanasyon Lalwa a (Wm 10:1-10). Sòl, ki te moun Tas, te youn nan moun sa yo ki te gen zèl depase limit nan jidayis la, opwen li te konn ‘pèsekite kongregasyon Bondye a anpil e l te konn ravaje l’. Li te suiv tout sa ki ekri nan Lalwa, li te “montre [l] san repwòch” nan sans sa a (Ga 1:13, 14; Fp 3:6). Epoutan, zèl li te genyen pou jidayis la pa t kòrèk. Etandone Sòl te sensè, Jewova te fè l favè ki pa gen parèy la lè l te rale l vin nan vrè adorasyon an pa mwayen Kris. — 1Ti 1:12, 13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje