LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Ou kapab reyisi menmsi w gen yon “pikan nan chè” w
Pandan dènye jou sa yo ki difisil pou moun sipòte, se toupatou sou tè a sèvitè Bondye yo ap rankontre pwoblèm ki tankou pikan (2Ti 3:1). Ki jan nou ka kontinye konte sou Jewova pou n fè fas ak pwoblèm sa yo? Gade videyo “Je moun ki avèg yo ap ouvri” pou w wè ki sa Talita Alnashi ansanm ak paran l te fè, epi reponn kesyon ki annapre yo:
Ki sa ki yon “pikan nan chè” pou Talita?
Ki pwomès nan Bib la ki te ede Talita ak paran l rete pozitif?
Ki jan paran Talita yo te montre yo konte sou Jewova, tousuit apre Talita te fin opere?
Ki jan paran Talita yo te byen sèvi ak tout sa òganizasyon an ban nou pou ede Talita gen lanmou pou Jewova?
Ki jan Talita te montre li te kontinye ap vin pi pwòch Jewova malgre “pikan nan chè” l la?
Ki jan egzanp Talita a ankouraje w?