TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KORENTYEN 11-13
Pòl te gen yon “pikan nan chè” l
Nan Bib la, souvan yo konn itilize mo pikan an kòm yon senbòl. Li ka fè referans ak moun ki konn lakòz moun soufri e k ap simen latwoublay, oubyen ak bagay k ap bay pwoblèm (Nb 33:55; Pw 22:5; Eze 28:24). Lè Pòl t ap pale de “pikan nan chè” l la, petèt li t ap pale de fo apot yo ak lòt moun ki t ap kritike l antanke apot ansanm ak travay li t ap fè a. Ki jan vèsè ki pi ba yo montre petèt gen yon lòt bagay ki te reprezante yon “pikan nan chè” Pòl?
Ki sa ki “pikan nan chè” pa w?
Ki jan w ka konte sou Jewova pou l ede w andire?