BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr19 no 5 p. 1-4
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2019
  • Soutit
  • 6-12 ME
  • 13-19 ME
  • 20-26 ME
  • 27 ME–2 JEN
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2019
mwbr19 no 5 p. 1-4

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

6-12 ME

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KORENTYEN 4-6

it-1-F 759

Andirans

Li enpòtan tou pou nou pa sispann kite je nou fikse sou esperans nou genyen antanke kretyen an, esperans pou nou viv pou toutan e pou nou vin pafè. E menmsi nou ta mouri anba men moun k ap pèsekite nou yo, sa pa ka kraze esperans nou genyen an (Wm 5:4, 5; 1Te 1:3; Re 2:10). Soufrans nou ap rankontre jodi a pa reprezante anyen lè nou ap konpare yo ak reyalizasyon bèl pwomès sa a (Wm 8:18-25). Menmsi soufrans nou ap rankontre jodi a ta parèt difisil pou nou sipòte, parapò ak lavi pou toutan an, yo “la pou yon ti tan e [yo] lejè”. (2Ko 4:16-18.) Yon kretyen ki sonje soufrans la pou yon ti tan sèlman e ki kenbe esperans li genyen an byen di pap vin dezespere e l ap kontinye rete fidèl ak Jewova Dye.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

w12-F 1/2 28

“Fè Jewova souri”

David Splane, yon manm Kolèj santral la, te pale sou yon sijè ki baze sou 2 Korentyen 4:7. Ki sa trezò sa a ye? Èske se konesans oswa sajès? Frè Splane te reponn: “Non.” Li te ajoute: “Trezò apot Pòl t ap pale de li a se ‘sèvis sa a’ ki se ‘fè verite a vin klè’. ” (2 Korentyen 4:1, 2, 5). Frè Splane te raple etidyan yo senk mwa yo te fè ap etidye yo se te pou prepare yo pou yon asiyasyon espesyal nan travay preche ak anseye a. Yo dwe bay asiyasyon sa a anpil valè.

Oratè a te esplike “veso ki fèt an tè” a gen rapò ak kò nou. Li te montre gwo diferans ki genyen ant yon veso ki fèt an tè ak yon veso ki fèt annò. Yo pa itilize veso ki fèt annò souvan. Sepandan, veso ki fèt an tè a fèt pou yo sèvi avè l. Si nou mete yon trezò nan yon veso ki fèt annò, nou gendwa atire atansyon moun ni sou veso a ni sou trezò ki ladan l lan. Frè Splane te di: “Nou menm etidyan yo, nou pa vle atire atansyon sou nou, pa vre? Antanke misyonè, objektif nou se atire atansyon moun yo sou Jewova. Nou tout se senp veso ki fèt an tè.”

13-19 ME

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KORENTYEN 7-10

“Travay bay èd la”

w98-F 1/11 25 § 1

“Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan”

Pou kòmanse, Pòl te pale kretyen nan vil Korent yo de kretyen Masedwàn yo, ki te bay yon bèl egzanp nan efò yo te fè pou yo te ka ede lòt kretyen parèy yo. Men sa Pòl te ekri: “Pandan yo t ap pase tray anba yon gwo eprèv, yo te gen gwo kè kontan e yo te montre yo donan anpil, malgre yo pòv anpil.” Yo pa t oblije tingting kretyen Masedwàn yo pou yo bay. Okontrè, Pòl te di: “Se yo menm ankò ki t ap plede mande nou pou yo jwenn privilèj pou yo bay ak tout kè yo.” Sa vrèman estrawòdinè dèske kretyen sa yo te bay ak kè kontan, sitou lè n konnen yo te “pòv anpil”. — 2 Korentyen 8:2-4.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

g99-F 8/7 20-21

Èske sa mal pou yon moun gen ògèy?

Nan Liv ki te ekri an grèk yo, vèb grèk kokawomayi a, lè yo tradui l yo mete “montre w fyè, rejwi, vante tèt ou” pou li a, yo konn itilize l ni nan sans pozitif ni nan sans negatif. Pa egzanp, Pòl di nou kapab “rejwi poutèt nou gen esperans n ap resevwa glwa nan men Bondye”. Li te di tou: “Moun k ap vante tèt li, se pou l vante tèt li nan Jewova.” (Women 5:2; 2 Korentyen 10:17). Sa vle di nou dwe fyè dèske Jewova se Bondye nou, yon santiman ki ka fè n kontan anpil lefètke nou konnen non l ak repitasyon l.

20-26 ME

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KORENTYEN 11-13

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-1-F 753

Bo, akolad, bay yon bo, bay yon akolad, anbrase

“Bo ki demontre lanmou”. Premye kretyen yo te gen abitid salye youn lòt ak yon “bo ki demontre lanmou”. (Wm 16:16; 1Ko 16:20; 2Ko 13:12; 1Te 5:26; 1P 5:14.) Li posib pou moun menm sèks te konn salye youn lòt konsa tou. Petèt, menm jan ak premye kretyen yo, Ebre nan tan lontan yo te konn bay yon bo lè youn ap salye lòt. Byenke Ekriti yo pa bay detay sou sa, se sèten, “bo ki demontre lanmou” an te montre jan te gen lanmou sensè ak inite nan mitan kongregasyon kretyen an. — Jan 13:34, 35.

27 ME–2 JEN

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | GALAT 1-3

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-1-F 940

Moun Galasi yo, Lèt pou

Lè Pòl te di “o moun Galasi, nou menm ki san konprann” nan, pa gen anyen ki pwouve li te gen nan tèt li sèlman yon kategori moun byen presi ki soti nan peyi Lagol ki t ap viv nan pati nò Galasi (Ga 3:1). Okontrè, Pòl t ap reprimande kèk moun nan kongregasyon ki nan zòn sa a ki te kite moun ki te atache ak relijyon juif la enfliyanse yo. Juif sa yo te pran Lwa Moyiz la kòm mwayen pou yo etabli pwòp jistis pa yo olye yo te baze yo sou ‘jistis ki gen rapò ak lafwa’ a, ki te vin posib grasa nouvo alyans lan (2:15–3:14; 4:9, 10). Pòl te ekri ni moun ki Juif ni moun ki pa Juif ki te nan “kongregasyon ki nan Galasi yo”. (1:2.) Pami moun ki pa t Juif yo, te genyen ki te konvèti nan relijyon juif la ki te sikonsi, te gen moun lòt nasyon ki pa t sikonsi, e se sèten te gen kèk moun ki te desandan moun nan pèp sèltik la (Tr. 13:14, 43; 16:1; Ga 5:2). Yo te rele yo tout kretyen Galat paske yo te rete nan zòn ki rele Galasi a. Sa k te nan lèt Pòl te ekri a te pou moun li te byen konnen ki te rete nan pati sid zòn sa a ki te nan vil Wòm, se pa t pou moun li pa t menm konnen ki te nan pati nò yo, paske sanble li pa t janm vizite moun sa yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje