BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr19 no 8 p. 1-6
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2019
  • Soutit
  • 12-18 OUT
  • 19-25 OUT
  • 26 OUT–1YE SEPTANM
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2019
mwbr19 no 8 p. 1-6

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

12-18 OUT

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | TIT 1–FILEMON

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

w89-F 15/5 31 § 5

Kesyon lektè yo poze

Se sèten Pòl pa t dakò ak okenn moun ki t ap joure moun Krèt yo poutèt prejije yo te gen kont yo. Nou di sa paske Pòl te konnen nan vil Krèt te gen anpil bon kretyen Bondye te apwouve e Bondye te chwazi pa mwayen lespri sen l pou y al viv nan syèl (Travay 2:5, 11, 33). Te gen ase kretyen ki zele pou fòme plizyè kongregasyon soti nan “yon vil apre yon lòt”. Se vre, kretyen sa yo pa t pafè, men yon bagay ki sèten, yo pa t moun ki toujou ap bay manti, yo pa t ni saf ni parese. Sinon yo t ap pèdi apwobasyon Jewova (Filipyen 3:18, 19; Revelasyon 21:8). Pa gen dout nan sa, nan vil Krèt, te gen anpil moun ki sensè ki te tris lè yo wè jan prensip moral yo t ap degrade toupatou bò kote yo e yo te dispoze aksepte mesaj kretyen yo t ap preche a. Se menm bagay la nou wè tou jodi a nan tout nasyon. — Ezekyèl 9:4; konpare ak Travay 13:48.

19-25 OUT

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EBRE 1-3

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-1-F 1170 § 5

Imaj

Èske Jezi te toujou pòtre Papa l nan menm nivo?

Premye Pitit Gason Bondye a, ki te vin rele Jezi annapre, se pòtre Papa l (2Ko 4:4). Etandone li klè se ak Pitit Gason sa a Bondye t ap pale lè l te di: “Annou fè lòm pòtre ak nou” an, se depi lè Pitit sa a te fèt li te pòtre Papa l, Kreyatè a (Jen 1:26; Jan 1:1-3; Kl 1:15, 16). Lè Jezi te sou tè a antanke yon moun pafè, li te reflete kalite Papa l yo ak pèsonalite l nan nivo ki pi wo yon moun ka atenn, se sa k fè Jezi te kapab di: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” (Jan 14:9; 5:17, 19, 30, 36; 8:28, 38, 42). Sepandan, se sèten Jezi te vin sanble ak Papa l pi plis toujou apre l te fin resisite antanke yon kreyati espirityèl epi Jewova, Papa l, te ba l “tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a”. (1P 3:18; Mt 28:18.) Piske Bondye te mete Jezi nan “yon pozisyon ki pi wo”, kounye a, Pitit Gason Bondye a te vin reflete glwa Papa l nan yon nivo ki pi wo pase nivo l te genyen anvan l te kite syèl la pou l vin sou tè a (Fp 2:9; Eb 2:9). Kounye a, li se “pòtre egzak sa Bondye ye a menm”. — Eb 1:2-4.

it-1-F 478 § 1

Syèl

Pawòl nou jwenn nan Sòm 102:25, 26 yo konsène Jewova, tandiske apot Pòl te aplike pawòl sa yo sou Jezi Kris. Pòl te fè sa paske sèl Pitit Gason Bondye a se prensipal ouvriye Bondye te itilize pou l kreye linivè. Pòl te montre diferans ki genyen ant Pitit Gason an k ap la nètale ak linivè a ki ka peri, yon linivè si se te volonte Bondye, li ‘t ap vlope l tankou yon manto’ epi mete l apa. — Eb 1:1, 2, 8, 10-12; konpare ak 1P 2:3, nòt.

26 OUT–1YE SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EBRE 4-6

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-1-F 799 § 7

Esperans, espwa

Esperans pou moun viv pou toutan an ak pou moun ‘yo te rele pou y al nan syèl la’ vin gen yon kò ki pa ka dekonpoze a gen yon bonjan baz, e nou ka fè l konfyans (Eb 3:1). Li chita sou de bagay ki pa ka chanje e li enposib pou Bondye bay manti anrapò ak yo, anpalan de pwomès ak sèman li fè. Anplis de sa, esperans sa a rete nan Kris, li menm ki nan syèl kounye a e ki pa ka mouri. Labib fè konnen esperans sa a tankou “yon lank batiman pou nanm nou, li sèten e anmenmtan li solid, e li travèse rido a [menm jan gran prèt la te konn antre kote ki pi sen nan jou Pirifikasyon an], kote Jezi antre an premye pou l ouvri chemen an pou nou, li menm ki vin gran prèt pou toutan, menm jan ak Mèlkisedèk”. — Eb 6:17-20.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje