LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Menm jan ak Jozèf, kouri pou imoralite
Jozèf kite yon bèl egzanp pou nou si n ta jwenn tantasyon pou n fè imoralite seksyèl. Chak fwa madanm mèt li a te eseye sedui l, li pa t aksepte (Jen 39:7-10). Repons li te bay kote l te di: “Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye?” a montre li te deja konnen sa Jewova panse sou enpòtans pou moun ki marye yo fidèl youn ak lòt. Annapre, lè bagay yo te vin dejenere, olye l te rete la epi kite madanm nan febli detèminasyon l te genyen an, li te kouri. — Jen 39:12; 1Ko 6:18.
GADE VIDEYO KOURI POU IMORALITE SEKSYÈL LA, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Nan ki sitiyasyon Jin te twouve l?
Ki kesyon Jin te poze tèt li pou l te reflechi sou sa k te ka rive l lè Mee-Kyong te mande l ede l fè yon devwa matematik?
Ki jan demann Mee-Kyong te fè Jin nan te fè l santi l?
Ki jan Jin te chèche jwenn èd?
Ki sa Jin te fè pou l te kouri pou imoralite seksyèl?
Ki leson w aprann nan videyo a?