18-24 me
JENÈZ 40-41
Kantik 8 ak priyè
Pawòl entwodiksyon (1 min.)
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
“Jewova delivre Jozèf”: (10 min.)
Jen 41:9-13 — Farawon te tande yo di l Jozèf kapab di moun sans rèv yo fè (w15 1/2 14 § 4-5)
Jen 41:16, 29-32 — Jewova te fè Jozèf konnen sans rèv Farawon yo (w15 1/2 14-15)
Jen 41:38-40 — Jozèf te vin dezyèm moun ki t ap dirije Ejip apre Farawon (w15 1/2 15 § 3)
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl: (10 min.)
Jen 41:14 — Poukisa Jozèf te fè bab li anvan l t al kote Farawon? (w15 1/11 9 § 1-3)
Jen 41:33 — Ki sa n ka aprann nan fason Jozèf te pale ak Farawon an? (w09 15/11 28 § 14)
Ki trezò espirityèl ou te jwenn sou Jewova, sou travay predikasyon an oubyen sou yon lòt bagay nan lekti Labib pou semèn sa a?
Lekti Labib: (4 minit oubyen mwens) Jen 40:1-23 (th leson 2)
BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
Videyo pou premye nouvèl vizit: (5 min.) Konvèsasyon. Pase videyo a, epi poze moun yo kesyon ki annapre yo: Ki sa k montre mari a ak madanm nan te prepare ansanm pou yo fè nouvèl vizit sa a? Ki jan frè a te aplike vèsè a yon fason ki klè?
Premye nouvèl vizit: (4 minit oubyen mwens) Sèvi ak modèl konvèsasyon an. (th leson 11)
Premye nouvèl vizit: (5 minit oubyen mwens) Kòmanse ak modèl konvèsasyon an, epi ofri moun nan yon piblikasyon ki nan Bwat zouti pou anseye a. (th leson 13)
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Menm jan ak Jozèf, kontinye andire malgre enjistis: (6 min.) Pou kòmanse, pase videyo Fè zanmi ak Jewova — Kontinye andire malgre enjistis. Apre sa, envite kèk timoun pou yo monte sou estrad la, epi mande yo: Ki enjistis Kalèb ak Sofya te sibi? Ki sa w panse yo te aprann nan istwa Jozèf la?
Bezwen kongregasyon an: (9 min.)
Etid biblik kongregasyon an: (30 min.) jy chap. 115
Pawòl konklizyon (3 minit oubyen mwens)
Kantik 124 ak priyè