BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb20 desanm p. 8
  • Ann kontinye sèvi ak peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann kontinye sèvi ak peryodik yo
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Ofri peryodik yo nan ministè w
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Peryodik yo preche mesaj Wayòm nan
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Ann chwazi atik ki vize enterè moun yo
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Ki moun sijè sa a ap enterese?
    Ministè Wayòm nan — 2013
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
mwb20 desanm p. 8
Yon sè k ap pale ak yon dam sou yon sijè ki parèt nan ‘Reveye n!’

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ann kontinye sèvi ak peryodik yo

Depi 2018, chak nimewo peryodik nou yo pale sou yon sèl sijè. Tout peryodik sa yo fè pati zouti nou genyen pou n anseye. Donk, nou ka sèvi avèk yo nan travay predikasyon an. Nou ka pote kèk avèk nou tou lè n ap vwayaje oswa lè n pral achte kèk bagay. Byenke nou pa sèvi ak peryodik yo pou n etidye Labib ak moun, yo kapab fè yon moun anvi konn plis bagay sou Bondye.

Apre w fin kòmanse yon konvèsasyon, ou ka li yon vèsè ak moun nan e w ka atire atansyon l sou yon sijè nan yon peryodik ki ka enterese l. Pa egzanp, si l ap pran swen yon fanmi oubyen l ap fè fas ak lapenn oubyen strès, ou kapab di l: “Mwen te li yon bèl atik sou sijè sa a. Èske m ka montre w li?” Si w wè moun nan enterese, ou ka ba li youn oubyen ou ka voye l ba li sou fòma elektwonik, menmsi se nan premye rankont lan. Byenke bay peryodik se pa prensipal objektif nou, peryodik yo ka ede n jwenn moun ki dispoze aji ann amoni ak sa yo aprann yo. — Tr 13:48.

2018

Foto ki ansanm: Paj kouvèti pou ‘Toudegad’ ak ‘Reveye n!’ ane 2018. 1. ‘Èske Labib toujou itil nou jodi a?’ 2. ‘Ki jan lavni ap ye?’ 3. ‘Èske Bondye enterese nan ou?’ 4. ‘Wout kè kontan an’. 5. ‘12 sekrè pou fanmi yo reyisi’. 6. ‘Èd pou moun ki nan gwo lapenn’.

2019

Foto ki ansanm: Paj kouvèti pou ‘Toudegad’ ak ‘Reveye n!’ ane 2019. 1. ‘Kiyès Bondye ye?’ 2. ‘Èske lavi a gen sans?’ 3. ‘Èske apre lavi sa a pa gen anyen ankò?’ 4. ‘Èske monn nan ap an sekirite yon lè?’ 5. ‘Sis leson timoun yo dwe aprann’. 6. ‘Èske Labib ka fè w viv pi byen?’

2020

Foto ki ansanm: Paj kouvèti pou ‘Toudegad’ ak ‘Reveye n!’ ane 2020. 1. ‘Byen chèche laverite’. 2. ‘Ki sa Wayòm Bondye a ye?’ 3. ‘Bondye renmen nou e li ban nou benediksyon’. 4. ‘Fason w ka jwenn soulajman anba strès’. 5. ‘Repons 5 kesyon konsènan soufrans’. 6. ‘Èske gen yon remèd pou prejije?’

Ki sijè ki enterese moun nan tèritwa w la?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje