Ki moun sijè sa a ap enterese?
1. Lè n ap li yon Toudegad oubyen yon Réveillez-vous! ki sa nou dwe mande tèt nou e poukisa?
1 Moun k ap prepare Toudegad ak Réveillez-vous! gen moun toupatou sou tè a nan lespri yo. Se sa k fè, atik ki nan peryodik yo pale sou divès kalite sijè. Lè n ap li chak atik nan yon peryodik, nou dwe mande tèt nou ki kategori moun atik sa a ka pi enterese, apre sa nou dwe pran dispozisyon pou nou ofri moun sa yo atik la.
2. Ki sijè nan peryodik yo ki ka enterese yon kategori moun byen presi?
2 Èske Toudegad la pale sou yon sijè nou te deja pale ak yon kòlèg travay nou? Èske gen yon atik ki pale sou lavi fanmi ki ka ede yon moun nan fanmi nou? Èske gen yon moun nou konnen ki prevwa vwayaje pou l al nan yon peyi e yo te deja pale de peyi sa a nan yon Réveillez-vous!? Èske gen yon peryodik k ap enterese moun ki nan yon kategori biznis byen presi? Oubyen èske gen yon atik ki pale sou yon sijè k ap enterese moun k ap travay nan biwo Leta ki nan tèritwa kongregasyon an e ki bay yon sèvis byen presi? Pa egzanp, yon peryodik ki pale sou pwoblèm granmoun ap rankontre ka enterese moun k ap travay nan mezon retrèt. Yon sijè ki pale sou krim ka enterese moun k ap travay nan lajistis.
3. Rakonte yon eksperyans ki montre jan li enpòtan pou nou ofri peryodik ki pale sou yon sijè byen presi ak moun nou panse k ap enterese ak li?
3 Rezilta sa bay: Lè yon mari ak madanm li, k ap viv ann Afrik disid, te fin resevwa Réveillez-vous! oktòb 2011 lan, ki te gen sijè sa a: “Faites de vos enfants des adultes responsables”, yo te rele 25 lekòl ki nan tèritwa kongregasyon yo a. Te gen 22 nan lekòl sa yo ki te aksepte peryodik yo e yo te distribye yo bay elèv yo. Gen yon lòt koup marye nan menm peyi a ki te gen menm ide a tou, e yo te plase peryodik la nan lekòl ki nan tèritwa pa yo. Kèk pwofesè nan youn nan lekòl yo te deside mete peryodik la nan pwogram oryantasyon yo fè pou timoun yo chak semèn e yo te mete l nan pwogram lekti yo tou. Koup la te rakonte siveyan sikonskripsyon an eksperyans yo te fè a. Apre sa, siveyan an te ankouraje tout kongregasyon nan sikonskripsyon an pou yo preche lekòl ki nan tèritwa yo. Tèlman te gen moun ki t ap mande filyal la peryodik sa a, yo te oblije enprime l ankò.
4. Poukisa nou dwe distribye peryodik yo bay plis moun posib?
4 Peryodik yo pale sou sans reyèl evènman k ap pase nan monn nan genyen e yo atire atansyon moun yo sou Bib la ak sou Wayòm Bondye a. Se sèl peryodik sou latè ki fè moun yo konnen “delivrans” Bondye pral bay la (Iza. 52:7). Se sa k fè, nou dwe distribye peryodik yo bay plis moun posib. Yon bon fason pou nou fè sa, se lè nou mande tèt nou: “Ki moun sijè sa a ap enterese?”