BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 janvye p. 9
  • Libète nou pral genyen alavni an grasa Bondye ak Kris

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Libète nou pral genyen alavni an grasa Bondye ak Kris
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Jewova ede nou nan tribilasyon nou yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Fason pou n kontinye gen kè kontan lè n ap andire eprèv
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Di Jewova mèsi e w ap jwenn benediksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 janvye p. 9
Jezi detan l sou twòn li nan syèl la k ap gade, li gen glwa ki soti nan twòn Jewova a pa dèyè l.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Libète nou pral genyen alavni an grasa Bondye ak Kris

Ki sitiyasyon w ap viv chak jou? Èske w se yon chèf fanmi k ap eseye pran swen fanmi an? Èske w se yon paran k ap eseye pran swen fanmi w poukont ou? Èske w se yon jèn ki lekòl k ap fè fas ak brimad lòt jèn? Èske w ap fè fas ak pwoblèm sante oswa pwoblèm laj pote? Tout moun gen pwoblèm. Anpil kretyen ap fè fas ak plizyè pwoblèm anmenmtan. Sepandan, nou konnen talè konsa nou pral libere anba tout pwoblèm sa yo. — 2Ko 4:16-18.

Pandan n ap tann moman sa a rive, nou jwenn rekonfò lè n konnen Jewova konprann sitiyasyon nou, li bay fidelite nou ak andirans nou anpil valè, e li sere anpil benediksyon pou nou (Jr 29:11, 12). Jezi enterese nan nou tou. Pandan n ap ranpli responsablite nou genyen antanke kretyen, men asirans Jezi ban nou: “Mwen avèk nou.” ​(Mt 28:20). Lè n pran yon ti tan pou n medite sou libète nou pral genyen anba Wayòm Bondye a, nou fè esperans nou an vin pi reyèl pou nou, epi nou vin gen plis detèminasyon pou n andire pwoblèm nou jwenn kounye a. — Wm 8:19-21.

GADE VIDEYO KI GEN TIT PISKE TANPÈT LA AP PWOCHE, KITE LESPRI NOU FIKSE SOU JEZI! — BENEDIKSYON WAYÒM NAN PRAL POTE, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki jan lèzòm te fè vin lwen Bondye, e ki rezilta sa bay?

  • Ki avni k ap tann moun ki fidèl ak Jewova yo?

  • Ki jan bèl avni sa a fè posib?

  • Ki benediksyon ou deja chofe pou w jwenn nan monn nouvo Bondye pwomèt la?

Foto ki ansanm: Moun k ap jwi benediksyon paradi a pote. 1. Yon sè k ap bay yon moun ki resisite yon akolad. 2. Yo gen anpil manje, yo gen yon tè ki pwòp e yo gen lapè.

Imajine tèt ou nan monn nouvo a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje