BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb23 janvye p. 9
  • Jewova ede nou nan tribilasyon nou yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova ede nou nan tribilasyon nou yo
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Sou menm sijè a
  • Sonje Jewova se “Bondye vivan an”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Nou pa janm poukò n
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Fason Jewova ede n pou n andire
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
mwb23 janvye p. 9
Paran ansanm ak de tipitit yo k ap asiste reyinyon kongregasyon an pa mwayen videyo konferans.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Jewova ede nou nan tribilasyon nou yo

Pandan dènye jou sa yo, nou fè fas ak anpil eprèv ki difisil. Pafwa, nou ka santi eprèv nou yo twòp pou nou. Sepandan, si n kontinye pwoche kot Jewova, l ap ede nou andire menm eprèv ki ta ka bay plis kè kase a (Eza 43:2, 4). Ki jan nou ka pwoche kot Jewova lè n ap fè fas ak eprèv?

Lapriyè. Lè nou vide kè n bay Jewova, li ban nou lapè ak fòs nan domèn emosyonèl pou n andire. — Fp 4:6, 7; 1Te 5:17.

Reyinyon yo. Plis pase nenpòt lè, nou bezwen manje nan domèn espirityèl epi n bezwen pase tan ak frè ak sè Jewova ban nou nan reyinyon nou yo (Eb 10:24, 25). Lè nou prepare, nou asiste e nou patisipe nan reyinyon kongregasyon an, nou byen pwofite èd lespri Jewova. — Re 2:29.

Predikasyon. L ap pi fasil pou n konsantre sou bagay pozitif si n fè tout sa n kapab pou n rete aktif nan travay predikasyon an. Epitou, n ap ranfòse amitye nou genyen ak Jewova e ak konpayon travay nou yo. — 1Ko 3:5-10.

GADE VIDEYO KI GEN TIT JEWOVA AP RESEVWA W KÒM PITIT LI, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki sa k te ede Malu rete pwòch ak Jewova pandan eprèv li t ap rankontre yo?

  • Menm jan ak Malu, ki jan pawòl nou jwenn nan Sòm 34:18 yo ka rekonfòte nou pandan eprèv nou yo?

  • Ki jan eksperyans Malu a montre nou Jewova ban nou “pisans ki depase yon pisans nòmal” la lè n ap fè fas ak eprèv? — 2Ko 4:7

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje