BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb22 mas p. 5
  • Twa fason pou n konte sou Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Twa fason pou n konte sou Jewova
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Sou menm sijè a
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Pran desizyon ki onore Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Fason pou n jwenn fòs nan Pawòl Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
mwb22 mas p. 5

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Twa fason pou n konte sou Jewova

David te pot laviktwa sou Golyat paske l te konte sou Jewova (1Sa 17:45). Jewova vle montre fòs li an favè tout sèvitè l yo (2Kw 16:9). Ki jan nou ka konte sou èd sa a Jewova bay olye nou konte sou pwòp eksperyans nou ak kapasite nou? Men twa fason nou ka fè sa:

  • Priye souvan. Nou pa dwe priye sèlman pou n jwenn padon lè n fin fè yon erè, men nou dwe priye tou pou n jwenn fòs lè n ap fè fas ak tantasyon (Mt 6:12, 13). Nou pa dwe priye Jewova sèlman pou n jwenn benediksyon sou desizyon nou te deja pran, men tou, nou bezwen priye l pou nou jwenn direksyon ak sajès anvan nou pran desizyon. — Jk 1:5

  • Fè yon pwogram pou w li Bib la epi etidye l. Li Bib la chak jou (Sm 1:2). Reflechi sou egzanp ki nan Bib la, epi mete sa w aprann yo an pratik (Jk 1:23-25). Prepare pou travay predikasyon an olye w konte sou eksperyans pèsonèl ou. Byen pwofite reyinyon kongregasyon an lè w prepare sijè yo alavans

  • Kowopere ak òganizasyon Jewova a. Rete ajou ak direksyon òganizasyon an bay, epi suiv yo san pèdi tan (Nb 9:17). Koute ansyen yo lè yo bay konsèy ak enstriksyon. — Eb 13:17

Lapolis k ap mennen yon frè nan gadavi pandan jounalis ak lòt frè ap gade.

GADE VIDEYO KI GEN TIT NOU PA GEN REZON POU N PÈ PÈSEKISYON, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

• Ki sa k te fè frè ak sè yo pè?

• Ki sa k te ede yo fè fas ak laperèz yo a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje