Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
© 2023 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
3-9 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | ESDRAS 4-6
“Pa deranje travay la”
Èske w wè sa Zakari te wè yo?
13 Yo te entèdi Juif yo rekonstwi tanp lan. Malgre sa, mesye ki te alatèt yo, anpalan de gran prèt Jechwa (Jozye) ak gouvènè Zowobabèl, “te kòmanse rebati kay Bondye a”. (Esd. 5:1, 2.) Kèk Juif te ka panse desizyon sa a pa t bon. Juif yo pa t ka anpeche ènmi yo wè y ap rekonstwi tanp lan, e yo te konnen ènmi yo t apral fè tout sa yo kapab pou anpeche yo kontinye travay la. De mesye ki te responsab travay la, anpalan de Jozye ak Zowobabèl, te bezwen gen asirans Jewova t ap soutni yo. Jewova te soutni yo vre. Ki jan l te fè sa?
w86-F 1/2 29, kare § 2-3
Je Jewova te “sou ansyen” yo
Apre Juif ki t ap viv Babilòn yo te retounen, te gen yon peryòd long ki te dire 16 ane ki te pase kote yo pa t fè okenn aktivite. Pwofèt Aje ak pwofèt Zakari te fè efò pou ede pèp la pran konsyans, konsa travay rekonstriksyon tanp lan te rekòmanse. Sepandan, tousuit annapre, otorite nan peyi Pès yo te kòmanse ba yo pwoblèm. Opozan yo te mande yo: “Kiyès ki ban nou lòd pou n bati kay sa a?” — Esdras 5:1-3.
Repons kesyon sa a te vrèman enpòtan. Si ansyen yo te pran nan presyon, travay restorasyon tanp lan te ka kanpe bridsoukou. Si ansyen yo te riposte ak otorite sa yo, yo te ka entèdi travay la tousuit. Donk, ansyen yo (sandout, ki te anba direksyon gouvènè Zowobabèl ak gran prèt Jechwa) te reponn avèk tak e yon fason ki efikas. Yo te fè otorite yo sonje yon dekrè yo te bliye ki te la lontan, kote Wa Siris te bay Juif yo pèmisyon pou yo avanse ak travay la. Piske yo te konnen abitid moun peyi Pès yo ki pa t janm pase sou lwa ki tabli yo, avèk pridans, otorite sa yo te evite opoze ak yon dekrè wa a te bay. Konsa, travay la te ka kontinye jiskaske wa Dariyis te bay pèmisyon ofisyèl li annapre! — Esdras 5:11-17; 6:6-12.
Èske w wè sa Zakari te wè yo?
7 Te vin gen yon chanjman ki te pote yon ti soulajman pou moun ki t ap travay nan konstriksyon tanp lan. Ki chanjman sa a? Nan ane 520 anvan epòk nou an, Dariyis 1ye te vin wa peyi Pès. Nan dezyèm ane rèy li a, li te vin wè entèdiksyon yo te met sou konstriksyon tanp lan te ilegal. Lè sa a, wa Dariyis te bay otorizasyon pou yo fin fè travay la (Esd. 6:1-3). Tout moun te sezi tande nouvèl sa a, men, wa a te fè plis pase sa. Li te bay nasyon ki ozalantou yo lòd pou yo te sispann opoze ak travay rekonstriksyon ki t ap fèt la e pou yo te bay Juif yo kòb ak tout sa yo bezwen pou travay la te fin fèt (Esd. 6:7-12)! Se sa k fè Juif yo te fin konstwi tanp lan yon tikras plis pase katran annapre, nan ane 515 anvan epòk nou an. — Esd. 6:15.
Èske w wè sa Zakari te wè yo?
16 Yon lòt fason Jewova ban nou enstriksyon se pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45.) Pafwa, esklav sa a ka bay enstriksyon nou pa fin konprann. Pa egzanp, nou ka resevwa yon seri enstriksyon byen klè sou fason pou n prepare n pou yon katastwòf natirèl nou panse ki pap rive nan zòn kote n ap viv la. Oswa nou ka santi esklav la pran twòp prekosyon lè gen yon pandemi. Ki sa n ta dwe fè si n santi enstriksyon yo ban nou yo pa vrèman itil? Nou kapab reflechi sou byenfè Izrayelit yo te jwenn lè yo te suiv konsèy Jozye ak Zowobabèl te ba yo. Nou kapab reflechi tou sou lòt istwa nou te li nan Bib la. Pafwa, pèp Bondye a te resevwa enstriksyon ki pa t parèt itil selon pwennvi lèzòm, men ki te sove lavi yo. — Jij 7:7; 8:10.
Trezò espirityèl
w93-F 15/6 32 § 3-5
Èske w ka fè Bib la konfyans?
Pyès monnen sa a te fèt nan vil Tas, yon vil ki nan pati sidès peyi yo rele Tiki kounye a. Yo te fè pyès monnen an pandan rèy gouvènè peyi Pès ki rele Madzayeyis pandan katriyèm syèk anvan epòk nou an. Yo fè konnen se li ki te gouvènè ki t ap dirije “zòn ki pa lòtbò Rivyè a”, anpalan de rivyè Efrat la.
Men, poukisa fraz sa a enteresan? Paske w ap jwenn menm ekspresyon sa a nan Bib ou a. Esdras 5:6–6:13 fè yon lyen ant Dariyis, wa peyi Pès la ak yon gouvènè yo rele Tatenayi. Yo t ap pale de travay juif yo t ap fè a, anpalan de rekonstriksyon tanp yo a ki nan Jerizalèm. Esdras te yon moun ki fò nan rekopye Lwa Bondye a, e w ka atann pou l presi e pou l egzak nan sa l ap ekri yo. W ap wè nan Esdras 5:6 ak 6:13, li pale de Tatenayi kòm “gouvènè zòn ki pa lòtbò Rivyè a”.
Esdras te fè konnen se ozanviwon ane 460 anvan epòk nou an, anviwon 100 ane anvan sa, yo te fè pyès monnen sa a. Bon, kèk moun ta ka panse ekspresyon sa a konsènan yon otorite nan tan lontan, se yon ti detay. Men, si w ka fè ekriven biblik yo konfyans menm nan ti detay sa yo, èske sa pa ta dwe ogmante konfyans ou nan lòt bagay yo ekri yo?
10-16 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | ESDRAS 7-8
“Konduit Esdras te fè Jewova jwenn onè”
w00-F 1/10 14 § 8
Byenfè ak plezi nou jwenn nan etidye
8 Wi, lanmou nou gen pou Pawòl Jewova a ta dwe soti nan kè nou, kote emosyon nou yo chita a. Nou ta dwe pran plezi nan fouye plis sou kèk pasaj nou fèk sot li. Nou bezwen reflechi sou panse espirityèl ki pwofon yo, plonje nèt ladan yo epi medite sou yo. Sa mande pou n reflechi an silans e pou n priye. Menm jan ak Esdras, nou bezwen prepare kè nou pou n li epi etidye Pawòl Bondye a. Men sa Bib la di sou Esdras: “Esdras te prepare kè l pou l byen egzamine Lwa Jewova a, pou l obeyi l e pou l anseye lwa ak kòmandman ki ladan l yo ann Izrayèl.” (Esdras 7:10). Gade pou ki twa objektif Esdras te prepare kè l: pou l etidye, pou l aplike sa l aprann yo nan lavi l, epi pou l anseye. Nou ta dwe suiv egzanp li.
si-F 76 § 5
1 Kwonik, liv nimewo 13 ki nan Bib la
5 Pa t gen pèsonn ki te pi kalifye pase Esdras pou konpile istwa sa a ki otantik e ki egzak. “Esdras te prepare kè l pou l byen egzamine Lwa Jewova a, pou l obeyi l e pou l anseye lwa ak kòmandman ki ladan l yo ann Izrayèl.” (Esdras 7:10). Jewova te ede Esdras avèk lespri sen l. Dirijan peyi Pès la ki t ap dirije tout monn nan nan epòk sa a, te wè Esdras gen sajès ki soti nan Bondye a, e li te ba l anpil pouvwa lè l te mete l responsab tout zòn ki te nan distri Jida a (Esdras 7:12-26). Lefètke ni Bondye ni wa a te ba l otorite, Esdras te ka konpile istwa li a ak pi bon dokiman ki te egziste yo.
it-1-F 1155 § 9
Imilite
Li ede nou jwenn bon direksyon. Yon moun ki imilye tèt li devan Bondye ka espere jwenn direksyon Li bay. Esdras te gen yon gwo responsablite pou l mennen yon gwoup moun soti Babilòn pou ale Jerizalèm, gwoup sa a te gen plis pase 1 500 gason, san konte prèt yo, Netinim yo, medam yo ansanm ak timoun yo. Mete sou sa, yo te pote yon gwo kantite lò ak ajan pou yo te ka anbeli tanp lan. Yo te bezwen pwoteksyon pandan vwayaj la, men, Esdras pa t mande wa peyi Pès la pou ba l yon twoup militè, sa ki ta ka montre li te konte sou pouvwa lèzòm. San n pa bliye anvan sa, li te di wa a: “Bondye avèk tout moun k ap sèvi l.” Se poutèt sa, li te mande tout moun pou yo fè yon jèn, yon fason pou moun nan pèp la ka imilye tèt yo devan Jewova. Yo te mande Bondye èd, e li te koute yo, li te ba yo pwoteksyon sou wout la devan anbiskad ènmi yo, pou yo te ka reyisi vwayaj rikse sa a (Esd 8:1-14, 21-32). Bondye te fè Pwofèt Danyèl ki te ann egzil nan Babilòn yon gwo favè, lè l te voye yon zanj pou ba l yon vizyon, paske Danyèl te imilye tèt li devan Bondye pandan l t ap chèche direksyon ak bon konprann. — Dn 10:12.
Trezò espirityèl
Pwen enteresan ki nan liv Ezra a
7:28–8:20 — Poukisa anpil Juif ki t ap viv Babilòn pa t dispoze monte Jerizalèm avèk Ezra? Menmsi plis pase 60 an te gentan pase depi premye gwoup Juif yo te retounen nan peyi yo, Jerizalèm te sèlman gen kèk moun abite ladan l. Si yon moun ta retounen Jerizalèm, li t apral kòmanse yon lòt vi nan sikonstans difisil e danjere. Jerizalèm nan epòk sa a pa t ofri bèl posiblite materyèl pou Juif ki petèt t ap pwospere nan Babilòn yo. Fòk nou pa bliye tou vwayaj la se te yon vwayaj danjere. Juif ki te retounen yo te bezwen gen yon fwa solid nan Jewova, yo te bezwen gen zèl pou vrè adorasyon an e yo te bezwen gen kouraj pou yo fè deplasman an. Menm Ezra te fòtifye tèt li selon men Jewova ki te sou li. Grasa ankourajman Ezra, te gen 1 500 fanmi, petèt 6 000 moun antou, ki te deplase. Apre lòt inisyativ Ezra te pran, te gen 38 Levit ak 220 Netinim ki te ale.
17-23 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | ESDRAS 9-10
“Dezobeyisans gen move konsekans”
Pwen enteresan ki nan liv Ezra a
9:1, 2 — Poukisa maryaj Juif yo avèk moun ki t ap viv nan peyi a se te yon gwo menas? Nasyon sa a ki retabli a ta dwe sèvi kòm gadyen adorasyon Jewova jiskaske Mesi a vini. Marye avèk moun lòt nasyon t ap yon menas reyèl pou vrè adorasyon an. Piske kèk Juif te marye avèk moun ki t ap adore zidòl, avèk letan, tout nasyon an te ka vin melanje ansanm ak nasyon payen. Adorasyon ki pwòp la te ka disparèt sou tè a nèt. Epi, kiyès Mesi a t ap vin jwenn? Nou pa bezwen mande poukisa Ezra te choke lè l wè sa k te pase a!
w09-F 1/10 10 § 6
Ki sa Jewova mande nou fè?
Lè nou dispoze obeyi, sa ap fè nou jwenn benediksyon. Men sa Moyiz ekri: ‘Obeyi kòmandman m ap ban nou jodi a, yon fason pou tout bagay ka mache byen pou nou.’ (Vèsè 13). Wi, tout kòmandman Jewova yo, tout sa l mande nou fè, se pou byen nou. Li pa ta ka lòt jan! Bib la di: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Se poutèt sa, se sèlman pou nou ka viv pi byen nètale ki fè li ban nou tout kalite kòmandman sa yo (Ezayi 48:17). Lè nou fè sa Jewova mande nou fè yo, sa ap epaye nou anpil tètchaje depi kounye a e l ap mennen nou nan benediksyon etènèl anba dominasyon Wayòm li an.
Trezò espirityèl
Pwen enteresan ki nan liv Ezra a
10:3, 44 — Poukisa yo te fè timoun yo ale ansanm ak manman yo? Si timoun yo te rete, li t ap trè pwobab pou medam yo voye ale yo ta retounen vin wè yo. Anplis de sa, timoun piti an jeneral bezwen swen manman yo.
24-30 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NEYEMI 1-2
“Menm kote a, mwen priye”
Mete Jewova devan w toutan
5 Pafwa, nou ka bezwen priye Bondye rapidman pou l ede nou. Yon lè, Atakzèksès, yon wa nan peyi Pès, te remake Neyemya, moun ki t ap sèvi l bwason an, te tris. Wa a mande l: “Ki sa menm ou ta renmen jwenn? La menm, [Neyemya] priye Bondye nan syèl la.” Priyè sa a Neyemya te fè nan kè l la dwe te tou kout. Poutan, Bondye te reponn li, paske wa a te bay Neyemya sipò l pou l rekonstwi miray Jerizalèm yo. (Li Neyemya 2:1-8.) Wi, menm yon priyè tou kout nou fè nan kè nou kapab bay bon rezilta.
Bay diskou a san se pa li w ap li nòt ou yo
Lè yo mande w pou w esplike kwayans ou san w pa t prepare pou sa, ki sa k ka ede w byen prezante sa w ap di yo? Imite Neyemya, ki te priye an silans anvan l te reponn yon kesyon wa Atakzèksès te poze l (Ney. 2:4). Apre sa, fè yon plan nan lespri w byen vit. Ou ka ranje plan sa a konsa: 1) Chwazi youn oswa de pwen ki dwe gen nan esplikasyon w ap bay yo (ou ka chwazi sèvi ak kèk pwen ki nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la). 2) Chwazi vèsè w ap itilize pou w soutni pwen sa yo. 3) Reflechi sou fason w ka demontre w gen konsiderasyon pou moun ki poze w kesyon an depi lè w ap kòmanse reponn li kesyon an, yon fason pou l ka dispoze koute w. Ansuit, kòmanse pale.
Trezò espirityèl
w86-F 15/2 25
Vrè adorasyon an pot laviktwa
Non, paske sa te fè kèk tan deja depi Neyemi t ap priye “lajounen kou lannuit” pou Jerizalèm ki te ravaje (1:4, 6). Lè Neyemi te jwenn opòtinite pou l te pale ak wa Atagzèsès anrapò ak dezi li te genyen pou l rebati miray Jerizalèm yo, yon lòt fwa ankò, li te priye, jan li te deja fè sa plizyè lòt fwa. Lefètke Jewova te reponn priyè sa a, sa te pèmèt yo jwenn pèmisyon pou yo rebati miray vil la.
Leson pou nou: Neyemi te chèche direksyon Jewova. Lè nou gen gwo desizyon pou nou pran, nou menm tou, nou bezwen “pèsevere nan lapriyè” epi aji ann amoni ak direksyon Jewova bay. — Women 12:12.
31 JIYÈ–6 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NEYEMI 3-4
“Èske travay mànyèl twò rabesan pou ou?”
Pwen enteresan ki nan liv Neyemi a
3:5, 27. Nou pa dwe panse travay mànyèl nou fè nan enterè vrè adorasyon an retire nan diyite nou, jan “gwo potanta” pami Tekoyit yo te panse sa. Okontrè, se pou nou imite lòt Tekoyit yo ki te dispoze bay tout yo menm.
Ki sa Jewova ap fè w vin tounen?
11 Plizyè syèk annapre, pitit fi Chaloum yo te pami moun Jewova te itilize pou repare miray Jerizalèm yo (Ney. 2:20; 3:12). Byenke Chaloum, papa yo, se te yon prens, pitit fi Chaloum yo te dispoze fè yon travay ki difisil e ki gen danje ladan l (Ney. 4:15-18). Se pa t menm bagay ditou ak mesye ki te moun Tekowa yo, yon seri mesye enpòtan, ki “pa t vle desann tèt yo pou yo patisipe” nan travay la (Ney. 3:5). Eseye imajine jan pitit fi Chaloum yo te kontan lè konstriksyon an te fini nèt nan 52 jou sèlman (Ney. 6:15)! Jodi a, sè ki ofri tèt yo kòm volontè yo byen kontan ede nan yon fòm sèvis espesyal ki se konstriksyon ak antretyen lokal yo dedye pou Jewova yo. Ladrès yo genyen, fason yo chofe pou yo fè travay la ak fidelite yo enpòtan anpil pou travay la byen fèt.
Ann kiltive menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran
16 Tout kretyen, jèn kou granmoun, dwe chèche kiltive menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran. Nan kongregasyon an, gen yon pakèt travay ki bezwen fèt. Pinga w janm fache si yo ta mande w pou w fè yon travay ou wè ki parèt degradan (1 Samyèl 25:41; 2 Wa 3:11). Paran, èske w ankouraje pitit ou yo, piti kou gran, pou yo byen kontan fè nenpòt travay yo ta mande yo fè, keseswa se nan Sal Wayòm nan oubyen kote yo fè asanble? Èske yo wè, ou menm tou, ou patisipe nan travay sa yo? Gen yon frè k ap travay kounye a nan syèj mondyal Temwen Jewova yo ki pa janm bliye egzanp paran l te ba li. Men sa l di: “Fason yo te patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan oswa kote nou te konn gen asanble te montre m yo konsidere travay sa yo kòm travay ki trèzenpòtan. Yo te konn ofri tèt yo pou yo akonpli travay ki ka itil kongregasyon an, ki ka itil tout frè yo, menmsi travay sa a ta parèt yon travay raz. Atitid sa a te ede m aksepte san pwoblèm nenpòt travay yo ban m fè isit la nan Betèl.”
Trezò espirityèl
Pwen enteresan ki nan liv Neyemi a
4:17, 18 — Ki jan yon moun ta ka fè travay rekonstriksyon an avèk yon sèl men? Pou pòtè fado yo se pa t ap yon pwoblèm. Yonfwa yo te mete chaj la sou tèt yo oswa sou zepòl yo, fasilman yo t ap ka soutni l ak yon men ‘tandiske lòt men an t ap kenbe zam nan’. Bòs ki te bezwen de men yo pou yo travay “te mare senti yo, yo chak ak epe yo sou ranch yo, etan y ap konstwi”. Yo te pare pou pase alaksyon si ènmi ta atake yo.
7-13 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NEYEMI 5-7
“Neyemi te vle sèvi moun, men li pa t vle moun sèvi l”
w02-F 1/11 27 § 3
Moun ki konn soutni vrè adorasyon an, nan tan lontan ak kounye a
Neyemi pa t sèlman bay tan l ak kapasite li te genyen pou l òganize a. Li te sèvi ak sa l posede tou pou l soutni vrè adorasyon an. Li te sèvi ak pwòp lajan l pou l rachte Juif parèy li yo ki te nan esklavaj. Li te prete lajan san enterè. Li pa t janm “mete twòp chay” sou do Juif yo lè l ta mande yo lajan ki pou gouvènè yo, yon bagay li t ap gendwa fè. Olye de sa, li te gen yon kote li te konn bay “150 Juif ak lòt chèf [...] manje, ansanm ak lòt moun ki te [...] vin kote [l]”. Chak jou li te konn bay “yon towo bèf, sis bèl mouton ak plizyè bèt volay” pou envite l yo. Mete sou sa, yon fwa chak dis jou li te ofri yo “tout kalite diven agogo”, li te fè tout sa ak lajan pa l. — Neyemi 5:8, 10, 14-18.
“Pinga w kite men w vin fèb”
16 Grasa èd Jewova, Neyemi ak Juif yo te bay men yo fòs. Yo te fin konstwi miray Jerizalèm nan nan 52 jou sèlman (Neyemi 2:18, nòt; 6:15, 16)! Neyemi pa t annik ret ap gade moun yo k ap travay, li te bay kout men tou nan travay rekonstriksyon miray Jerizalèm nan (Neyemi 5:16). Se konsa tou, anpil ansyen imite Neyemi lè yo bay kout men nan travay konstriksyon k ap fèt oswa nan netwayaj ak nan antretyen Sal Wayòm yo. Epitou, mesye sa yo ki gen lanmou bay frè ak sè “k ap viv ak kè sote yo” fòs lè yo vizite yo e lè yo patisipe nan travay predikasyon an avèk yo. — Li Ezayi 35:3, 4.
w00-F 1/2 32
Ki fason Jewova ap sonje w?
Souvan, lè Bib la sèvi ak eskpresyon Bondye “sonje” a, li vle di Bondye fè bonjan aksyon pou l montre sa. Pa egzanp, apre tè a te fin inonde akoz delij la ki te dire 150 jou, “Bondye vin sonje Noye [...] e Bondye te fè yon van soufle sou tè a, epi dlo yo te kòmanse bese”. (Jenèz 8:1.) Plizyè syèk annapre, lè yo Filisten yo te fin pete je Samson e yo te mete l nan chenn, men ki sa l te di nan yon priyè: “Jewova [...] tanpri sonje m. Tanpri, ban mwen fòs yon dènye fwa.” Jewova te sonje Samson lè l te ba l fòs ki depase fòs natirèl lèzom genyen an, yon fason pou l te ka vanje tèt li kont ènmi Bondye yo (Jij 16:28-30). Nan ka pa Neyemi, Jewova te beni efò l te fè yo, e vrè adorasyon an te retabli nan Jerizalèm.
Trezò espirityèl
“Kontinye venk mal la avèk byen”
15 Twazyèmman, ènmi Neyemya yo te sèvi ak yon trèt, yon Izrayelit ki te rele Chemaya, pou yo te eseye fè Neyemya vyole Lwa Bondye a. Men sa Chemaya te di Neyemya: “Annou rankontre sou randevou nan kay vrè Dye a, anndan tanp lan, e annou fèmen pòt tanp lan, paske y ap vini pou yo touye w.” Chemaya te di Neyemya yo t ap asasinen l, men li t ap ka sove lavi l si l al kache nan tanp lan. Sepandan, Neyemya pa t yon prèt. Li t ap komèt yon peche si l t al kache nan kay Bondye a. Èske li t ap dakò vyole Lwa Bondye a pou l eseye sove lavi l? Neyemya reponn, li di: “Kiyès tankou m ki ka rantre nan tanp lan pou l ret vivan? Mwen pap rantre.” Sa k fè Neyemya pa t pran nan pyèj yo te tann pou li a? Paske li te konnen, menmsi Chemaya se yon Izrayelit parèy li, “se pa t Bondye ki te voye l”. Epitou, yon vrè pwofèt pa t ap janm ba l konsèy pou l vyole Lwa Bondye a. Yon lòt fwa ankò, Neyemya pa t kite opozan malveyan yo venk li. Yon ti tan apre, li te ka di: “Finalman, miray la fini sou vennsenkyèm jou Eloul, nan senkannde jou.” — Neyemya 6:10-15; Nonb 1:51; 18:7.
14-20 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NEYEMI 8-9
“Lajwa Jewova bay la se fòs nou”
Leson nou aprann nan yon priyè ki te byen prepare
2 Juif yo te gentan fin rebati miray Jerizalèm nan yon mwa anvan rasanbleman an (Ney. 6:15). Pèp Bondye a te fè travay sa a nan 52 jou sèlman, epi, annapre, yo te kòmanse konsantre yo sou bezwen espirityèl yo. Se sa k fè, nan premye jou nouvo mwa a, sa vle di mwa Tichri a, yo te rasanble sou plas piblik la pou yo koute Ezra ansanm ak lòt Levit yo k ap li e k ap esplike Lwa Bondye a awotvwa (Foto 1). Tout fanmi yo nèt, san wete “tout moun ki te ase entèlijan pou koute” yo, te kanpe e yo t ap koute “depi solèy leve jiska midi”. Ala yon bèl egzanp moun sa yo kite pou moun k ap asiste reyinyon nan Sal Wayòm ki konfòtab jodi a! Nan okazyon sa yo, èske sa konn rive nou pa konsantre sou sa k ap di yo epi nou kòmanse ap reflechi sou bagay ki pa gen anpil enpòtans? Si sa konn rive n, panse ak egzanp Izrayelit nan tan lontan yo. Nonsèlman yo t ap koute, men tou, yo te tèlman bay sa yo t ap koute a enpòtans, yo te kòmanse kriye lè yo te rann yo kont jan yo pa t obeyi Lwa Bondye a antanke nasyon. — Ney. 8:1-9, NW.
w07 15/7 22 § 9-10
Èske n ap “kontinye mache selon lespri”?
9 Lajwa se yon gwo kè kontan yon moun genyen. Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Timote 1:11; Sòm 104:31.) Pitit la pran plezi pou l fè volonte Papa l (Sòm 40:8; Ebre 10:7-9). E, “lajwa Jewova a se fòtrès nou”. — Neyemya 8:10.
10 Lè nou fè volonte Bondye menm nan moman difisil, lè nou nan lapenn oswa lè nou jwenn pèsekisyon, lajwa Bondye ban nou fè nou jwenn bonjan satisfaksyon. Se pa ti lajwa “konesans Bondye bay la” ban nou (Pwovèb 2:1-5)! Nou gen yon relasyon avèk Bondye ki baze sou konesans egzak nou gen sou li, sou lafwa nou gen nan li e ki baze tou sou lafwa nou gen nan sakrifis ranson Jezi a, e relasyon sa a fè kè nou kontan (1 Jan 2:1, 2). Lefètke nou fè pati sèl vrè fanmi entènasyonal ki gen sou tè a, se yon lòt rezon ki fè nou gen lajwa (Sefànya 3:9; Agayi 2:7). Esperans nou genyen nan Wayòm nan ansanm ak gwo privilèj nou genyen pou nou pwoklame bon nouvèl la fè nou gen kè kontan (Matye 6:9, 10; 24:14). Nou gen kè kontan tou paske nou gen esperans lavi etènèl la (Jan 17:3). Piske nou gen yon bèl esperans konsa, “se lajwa sèlman [nou] dwe genyen”. — Detewonòm 16:15.
Trezò espirityèl
it-1-F 151 § 7
Arameyen
Kèk ane apre Juif yo te soti ann egzil nan peyi Babilòn, Esdras, prèt la, te li liv Lalwa a pou Juif ki te rasanble Jerizalèm yo, epi plizyè Levit te esplike pèp la liv la. Neyemi 8:8 fè konnen: “Yo te kontinye li Lalwa vrè Dye a byen fò, yo te esplike l byen klè e yo te fè yo konprann li. Konsa, yo te ede pèp la konprann sa yo t ap li a.” Lè yo t ap bay esplikasyon sa a, sa te ka gen ladan l yon rezime tèks ki te ann Ebre a nan lang Arameyen, yon lang petèt Juif yo te vin adopte pandan yo te Babilòn. Sandout, esplikasyon sa a te gen ladan l tou fè kèk diskou devan Juif yo, konsa, byenke yo te deja konnen lang Ebre a, yo t ap pi byen konprann siyifikasyon sa yo t ap li pou yo a.
21-27 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NEYEMI 10-11
“Yo te sakrifye sa yo posede pou Jewova”
w98-F 15/10 22 § 13
Yon Jerizalèm ki fidèl ak non l
13 Nan epòk Neyemi an, te gen yon “angajman fèm” yo te mete so sou li ki te prepare pèp Bondye nan tan lontan an pou jou inogirasyon miray Jerizalèm yo. Men, te gen yon lòt bagay ki te pi ijan pou yo jere. Piske Jerizalèm te antoure ak yon gwo miray ki gen 12 pòtay, yo te bezwen plis moun nan vil la. Byenke te deja gen kèk Izrayèlit ki t ap viv ladan l, “vil la te gen anpil espas e li te gwo anpil, men pa t gen anpil moun ladan l”. (Neyemi 7:4.) Pou rezoud pwoblèm nan, pèp la te “fè tiraj osò pou yon moun sou dis al viv Jerizalèm, vil sakre a”. Lefètke yo te dispoze soutni angajman sa a, sa te pouse pèp la beni “tout mesye ki te dispoze al abite Jerizalèm”. (Neyemi 11:1, 2.) Ala yon bèl egzanp pou vrè adoratè ki gen posiblite deplase al sèvi kote yo bezwen plis kretyen ki gen matirite!
w86-F 15/2 26
Vrè adorasyon an pot laviktwa
Lefètke yo t ap kite byen fanmi yo te posede pou y al viv Jerizalèm, sa t ap lakòz kèk depans ak kèk dezavantaj. Moun ki t apral viv nan vil te ka ekspoze ak plizyè danje tou. Nan sikonstans sa yo, lòt moun yo te wè Izrayelit ki te dispoze ale yo kòm moun ki merite louwanj, e sandout, yo te priye pou Jewova beni yo.
N ap jwenn favè Bondye si nou fidèl
15 Lè n vwe lavi nou bay Jewova, se pwomèt nou pwomèt pou n fè kèlkeswa sa l mande n fè a. Nou te konnen l pa t ap fasil ditou pou n kenbe pwomès sa a. Men, ki jan nou reyaji lè yo mande n fè yon bagay nou pa renmen? Si n domine santiman nou epi n obeyi Bondye san fòse, n ap montre nou kenbe pwomès nou. Sakrifis nou fè yo ka fè n mal anpil, men, benediksyon Jewova bay yo toujou pi bon lontan (Malachi 3:10). Ki sa n ka di konsènan pitit fi Jefte a? Ki jan l te reyaji lè l te tande pwomès papa l te fè a?
Trezò espirityèl
Pwen enteresan ki nan liv Neyemi a
10:34 — Poukisa yo te mande pèp la pou l founi bwa? Se pa t Lwa Moyiz la ki te mande pou yo fè ofrann bwa. Sepandan, sa te vin yon egzijans patikilyèman akoz nesesite ki te vin genyen. Yo te bezwen yon gwo kantite bwa pou yo boule sakrifis sou lotèl la. Aparamman, pa t gen ase Netinim, anpalan de esklav ki pa t Izrayelit ki te konn sèvi nan tanp lan. Se poutèt sa, yo te fè tiraj osò pou yo asire ap toujou gen moun pou founi bwa
28 OUT–3 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NEYEMI 12-13
“Se pou n fidèl ak Jewova lè n ap chwazi zanmi”
it-1-F 100 § 8
Amonit
Apre yo te fin mete Tobya deyò nan lakou tanp lan, yo te li e yo te aplike Lwa Bondye te bay nan Detewonòm 23:3-6 la, Lwa sa a te entèdi moun Amon ak moun Moab yo vin fè pati pèp Izrayèl la (Ne 13:1-3). Yo te bay restriksyon sa a anviwon 1 000 an anvan sa, poutèt moun Amon yo ak moun Mowab yo te refize ede Izrayèlit yo lè yo t ap pwoche Peyi Bondye te pwomèt la, restriksyon sa a te fè konprann moun sa yo pa t ap ka vin fè pati nasyon Izrayèl la nèt, kote yo t ap jwi tout dwa legal yo ta dwe genyen yo ansanm ak privilèj ki mache avèk dwa sa yo. An gwo, sa pa t vle di yon moun Amon oswa yon moun Mowab pa t ap ka asosye avèk pèp Izrayèl la oswa li pa t ap ka abite avèk yo, dayè sa t ap pèmèt moun sa a jwenn benediksyon Bondye bay pèp Izrayèl la, e sa parèt klè nan fason yo te mansyone Zelèk pi wo a pami sòlda vanyan David te genyen yo, menm jan ak istwa ki konsène Rit, moun Mowab la. — Rt 1:4, 16-18.
Yo fè nou vin sen
5 Li Neyemya 13:4-9. Piske se tout kote nou jwenn bagay ki pa pwòp, li pa fasil pou nou rete sen. Ann konsidere egzanp Elyachib ak Tobya. Elyachib te gran prèt la e Tobya te yon Amonit, ki petèt, te yon ofisyèl ki t ap travay kòm administratè pou wa peyi Pès la nan Jide. Tobya ansanm ak zanmi l yo te opoze ak efò Neyemya t ap fè pou l rebati miray Jerizalèm yo (Ney. 2:10). Amonit yo pa t gen dwa antre nan tanp lan (Det. 23:3). Kidonk, poukisa gran prèt la te bay yon moun tankou Tobya yon kote nan salamanje tanp lan pou l rete?
6 Tobya te vin bon zanmi Elyachib. Tobya ansanm ak pitit gason l, Yewoyanàn, te marye ak fi ki Juif, e anpil Juif te konn pale an byen de Tobya (Ney. 6:17-19). Gen youn nan pitit pitit Elyachib yo ki te marye ak pitit fi Sànbalat. Sànbalat t ap dirije Samari e li te youn nan pi bon zanmi Tobya yo (Ney. 13:28). Petèt, se akoz relasyon sa yo ki fè Elyachib, gran prèt la, te kite yon moun ki pa kwayan e ki te yon opozan gen enfliyans sou li. Sepandan, Neyemya te montre l fidèl anvè Jewova lè l te voye tout mèb Tobya te gen nan salamanje a jete.
w96-F 15/3 16 § 6
Fason nou rive kenbe fidelite n
6 Si nou fidèl ak Jewova Dye, n ap evite fè zanmi ak tout moun ki ènmi l yo. Se sa k fè disip Jak te ekri: “Nou menm moun ki pa fidèl ak Bondye, èske nou pa konnen lè yon moun fè zanmi ak monn nan li vin ènmi ak Bondye? Donk, nenpòt moun ki vle zanmi monn nan, li fè tèt li tounen ènmi Bondye.” (Jak 4:4). Nou vle gen menm kalite fidelite David te pwouve l genyen an lè l te di: “O Jewova, èske m pa rayi moun ki rayi w yo? Èske m pa gen degoutans pou moun ki fè rebèl avè w yo? Se pa ti rayi m rayi yo. Yo se ènmi m toutbon.” (Sòm 139:21, 22). Nou pa vle fè zanmi ak okenn moun ki chwazi pratike peche, paske pa gen anyen ki fè nou sanble avèk yo. Èske fidelite nou anvè Jewova pap ede n rete lwen kalite ènmi Jewova sa yo, kit se an pèsònn kit se pa mwayen televizyon?
Trezò espirityèl
it-2-F 359 § 8
Mizik
Yo te bay chante yon gwo enpòtans nan tanp lan. Sa parèt klè nan anpil vèsè nan Bib la ki fè referans ak chantè yo, ak lefètke yo “pa t gen [...] responsablite” menm jan ak lòt Levit yo, yon fason pou yo te ka bay tout yo menm nan sèvis yo (1Kw 9:33). Yo te mete aksan sou gwoup Levit espesyal sa a lè yo te anrejistre yo apa pami moun ki t ap retounen sot Babilòn yo (Esd 2:40, 41). Yo te menm sèvi ak otorite Atagzèsès (Menlong) wa peyi Pès la te genyen an, pou yo te aji an favè gwoup Levit sa a, lè yo pa t kite yo menm ansanm ak lòt gwoup espesyal yo peye ‘taks, ni enpo, ni lajan pou kite yo pase nan wout yo’. (Esd 7:24.) Annapre, wa a te bay lòd pou “gen yon kantite pwovizyon yo te dwe ba yo selon bezwen yo genyen chak jou”. Byenke se Atagzèsès yo di ki te bay lòd sa a, ta sanble se te Esdras ki te bay lòd sa a pa mwayen pouvwa Atagzèsès te ba li (Ne 11:23; Esd 7:18-26). Donk, li nòmal pou nou konprann, byenke chantè yo se te Levit, Bib la fè referans avèk yo antanke yon kò espesyal lè l pale de yo kòm “Levit yo ak chantè yo”. — Ne 7:1; 13:10.