Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
© 2023 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
1-7 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 17-19
“Annou wè lòt moun menm jan Jewova wè yo”
Èske w ap kite bagay yo te ekri yo dirije kè w?
7 Ki sa k te pase Jozafa, pitit gason Aza a? Li te gen yon pakèt bèl kalite. Piske Jozafa te konte sou Bondye, li te fè anpil byen. Aktout sa, li te pran move desizyon. Pa egzanp, li te fè yon alyans ak wa Ahab ki nan wayòm ki nan nò a lè l te marye ak pitit fi Ahab. E malgre Mikaya te bay Jozafa avètisman, Jozafa t al akonpaye Ahab nan lagè kont moun Siri yo. Pandan batay la, Jozafa te pase toupre lanmò. Apre sa, li te retounen Jerizalèm (2 Kwo. 18:1-32). Se sa k fè pwofèt Jeyi te mande l: “Èske se moun ki mechan ou ta dwe ede? Èske se moun ki rayi Jewova ou ta dwe renmen?” — Li 2 Kwonik 19:1-3.
Medite sou lanmou Jewova ki la pou toutan
8 Jewova vle n konnen l kòm moun ki renmen n e ki pap gade sou enpèfeksyon nou. L ap chèche sa ki bon lakay nou (2 Kwo. 16:9). Pa egzanp, li te montre sa nan ka Yewochafat ki te wa peyi Jida. Yon lè, Yewochafat pa t montre l saj lè l te aksepte akonpaye Ahab, ki te wa peyi Izrayèl, nan batay kont Siryen yo pou l te ka pran Ramòt-Gileyad. Byenke te gen 400 fo pwofèt ki te bay Ahab asirans l ap reyisi, Mikaya, vrè pwofèt Jewova a te gentan fè l konnen l ap echwe. Ahab te mouri nan batay la, e Yewochafat te manke mouri. Lè l retounen Jerizalèm, li te jwenn reprimann poutèt li te akonpaye Ahab nan batay la. Aktout sa, men sa Yewou, pitit gason Anani an, mesye ki te konn fè vizyon an, te di l: “Bondye wè ou gen kèk bon bagay nan ou.” — 2 Kwo. 18:4, 5, 18-22, 33, 34; 19:1-3, NW.
9 Nan kòmansman rèy Yewochafat la, li te voye prens yo, Levit yo ak prèt yo nan tout tèritwa Jida yo pou yo te anseye pèp la lwa Jewova yo. Kanpay la te tèlman reyisi opwen nasyon ki ozalantou yo te kòmanse gen lakrentif pou Jewova (2 Kwo. 17:3-10). Se vre Yewochafat te fè yon move aksyon, men, Jewova te wè bon bagay li te fè yo tou. Istwa biblik sa a fè n sonje malgre nou enpafè Jewova ap toujou renmen n si n chèche fè l plezi ak tout kè n.
Trezò espirityèl
Sèvi Jewova ak tout kè w!
10 Jozafa, pitit gason Aza, “te kontinye imite Aza, papa l”. (2 Kwo. 20:31, 32.) Sa k fè n di sa? Menm jan ak papa l, Jozafa te ankouraje pèp la chèche Jewova. Li te fè sa lè l te òganize yon kanpay pou anseye moun, kote yo te sèvi ak “liv Lalwa Jewova a”. (2 Kwo. 17:7-10.) Li te menm al nan tèritwa wayòm ki te nan nò Izrayèl la, nan zòn ki gen mòn nan tèritwa tribi Efrayim yo, “pou l fè yo tounen vin jwenn Jewova”. (2 Kwo. 19:4.) Jozafa te yon wa ki te “chèche Jewova ak tout kè l”. — 2 Kwo. 22:9.
11 Nou tout kapab patisipe nan gwo kanpay pou anseye moun Jewova ap fè jodi a. Èske chak mwa ou gen objektif pou w anseye lòt moun Pawòl Bondye a, pou w eseye touche kè yo pou yo vin sèvi Bondye? Lè w fè tout sa w kapab nan travay sa a, e grasa benediksyon Bondye, w ap ka kòmanse yon etid Labib. Èske w konn priye Jewova konsènan objektif sa a? Èske w dispoze aksepte responsablite sa a, e w menm dispoze pran nan tan lib ou pou w fè sa? Epi, menm jan Jozafa t al nan tèritwa Efrayim nan pou l ede moun yo tounen vin nan vrè adorasyon an, nou kapab al chèche moun ki vin inaktif yo. Mete sou sa, ansyen yo nan kongregasyon an kapab pran dispozisyon pou yo vizite moun ki eskominye yo, petèt ki kite peche yo te konn ap fè yo e k ap viv nan tèritwa kongregasyon an, pou yo ede yo.
8-14 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 20-21
“Mete konfyans nou nan Jewova, Bondye nou an”
Ann fè fas ak fen vye monn sa a ansanm
8 Nan epòk wa Yewochafat la, pèp Bondye a te fè fas ak yon kokennchenn ènmi, anpalan de “yon gwo lame” moun ki te soti nan zòn ki ozalantou yo (2 Kwo. 20:1, 2). Sèvitè Bondye yo pa t konte sou pwòp fòs yo pou yo eseye konbat ènmi an, e yo merite felisitasyon pou sa. Olye de sa, yo te chèche èd nan men Jewova. (Li 2 Kwonik 20:3, 4.) Mete sou sa, se pa chak moun ki te chèche èd sa a poukont yo kòmkwa yo chak te fè sa yo vle oswa jan yo pito. Bib la fè n konnen: “Tout moun Jida [yo] te kanpe devan Jewova, menm timoun yo, medam yo, ak pitit yo.” (2 Kwo. 20:13, NW). Ni jèn ni granmoun te met tèt yo ansanm pou yo suiv konsèy Jewova yo, e Jewova te pwoteje yo kont ènmi yo (2 Kwo. 20:20-27). Èske se pa yon bèl egzanp ki montre fason n ka fè fas ak difikilte antanke pèp Bondye?
Nou menm ki fèk marye, bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi n
7 Jewova te sèvi ak yon Levit ki te rele Jayazyèl pou l te pale ak Jozafa. Men sa Jewova te di: “Pran pozisyon nou, ret kanpe la, epi gade jan Jewova ap delivre nou.” (2 Kwo. 20:13-17). Nòmalman, se pa konsa lagè konn fèt! Men, se pa yon senp moun ki te bay enstriksyon sa yo, se Jewova ki te bay yo. Jozafa te met tout konfyans li nan Bondye l la, e li te fè sa Jewova te mande l fè yo. Lè li menm ak pèp li a te soti pou y al fè fas ak ènmi an, se pa t sòlda ki te pi fò yo li te met devan, men, se te yon seri chantè ki pa t gen zam nan men yo. Jewova te kenbe pwomès li te fè Jozafa a, Li te pot laviktwa sou lame ènmi an.
Trezò espirityèl
it-2-F 1190 § 5-6
Jeworam
Petèt nan yon sèten degre, se akoz move enfliyans Atali, madanm Jeworam, ki fè Jeworam pa t kontinye suiv Jozafa, papa l, ki te konn fè sa ki jis (2Wa 8:18). Nonsèlman li te touye sis frè l yo ak kèk nan prens nan Jida yo, men tou, li te fè pèp la vire do bay Jewova pou y al sèvi fo dye (2Kw 21:1-6, 11-14). Pandan tout rèy li a, te toujou gen latwoublay ni anndan ni deyò peyi a. Premyèman, moun Edòm yo te rebele; apre sa, moun Libna yo te revòlte kont Jida (2Wa 8:20-22). Men avètisman Pwofèt Elize te bay Jeworam nan yon lèt: “Se sa k fè Jewova ap frape pèp ou a fò, ni pitit gason w yo, ni madanm ou yo, ni tout sa w posede. Mete sou sa, [ou menm wa Jeworam], w ap gen pou w soufri anba yon gwo maladi w ap gen nan trip. Maladi sa a ap kontinye fè w soufri chak jou jiskaske trip ou sot deyò.” — 2Kw 21:12-15.
Se konsa tout bagay yo te pase. Jewova te kite moun Arab yo ak moun Filisti yo anvayi tèritwa a e yo te pran madanm Jeworam yo ak pitit li yo kòm prizonye. Se sèlman Jewoyakaz, (yo te rele Ahazya tou), dènye pitit gason Jeworam nan, Bondye te fè favè pou l chape, men se te sèlman pou respekte alyans pou yon wayòm Bondye te fè ak David la. “Apre tout bagay sa yo, Jewova te fè l vin gen yon maladi nan trip ki pa t gen gerizon.” Sou dezan, “trip li te soti akoz maladi a”, e avèk letan li te mouri. Se konsa lavi mesye mechan sa a te fini, li menm “pèsonn pa t regrèt li lè l te mouri. Yo te antere l nan Vil David la, men, yo pa t antere l kote yo te antere wa yo”. Ahazya pitit gason l te vin wa nan plas li. — 2Kw 21:7, 16-20; 22:1; 1Kw 3:10, 11.
15-21 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 22-24
“Jewova rekonpanse moun ki fè aksyon ki demontre kouraj”
w09-F 1/4 24 § 1-2
Jewowas te kite Jewova akoz move zanmi
SE TE yon peryòd terib nan Jerizalèm, vil kote tanp Bondye a te ye a. Yo te fèk sot touye wa Ahazya. Sa Atali, manman Ahazya, te fè annapre yo te menm pi rèd pou imajine. Li te fè touye pitit gason Ahazya yo, pwòp pitit pitit li yo! Èske w konn poukisa? Se te yon fason pou l te ka dirije nan plas kèlkeswa pitit pitit ki t ap gen pou dirije a.
Sepandan, Jewowas ki te yon ti bebe, youn nan pitit pitit Atali yo, te chape e grann li pa t menm okouran de sa. Èske w ta renmen konn ki jan? Bon, ti bebe a te gen yon matant li ki te rele Jewochabat ki te kache l nan tanp Bondye a. Li te ka fè sa paske se Jewoyada, mari l, ki te gran prèt. Kidonk, yo toulede te asire yo Jewowas jwenn pwoteksyon.
w09-F 1/4 24 § 3-5
Jewowas te kite Jewova akoz move zanmi
Pandan sizan, yo te kache Jewowas nan tanp lan. Se la a yo te anseye l tout bagay sou Jewova Dye ak sou lwa l yo. Finalman, lè Jewowas te vin gen setan, Jewoyada te poze aksyon pou mete Jewowas wa. Èske w ta renmen tande ki jan Jewoyada te fè sa e ki sa k te rive Atali, grann Jewowas, rèn ki te mechan an?
Ebyen, san moun pa konnen, Jewoyada te rele gad espesyal wa yo ki te Jerizalèm nan epòk sa a. Li rakonte yo fason li menm ak madanm li te sove pitit gason wa Ahazya a ki te bebe. Apre sa, Jewoyada montre gad yo Jewowas, yo te konprann se li ki gen dwa pou dirije. Epi, yo te fè yon plan.
Jewoyada te mennen Jewowas deyò e li kouwone l. Apre sa, pèp la “kòmanse bat bravo e yo t ap di: ‘Se pou wa a viv lontan!’” Gad yo te antoure Jewowas pou yo pwoteje l. Bon, lè Atali tande bri moun yo k ap rejwi, li kouri soti e li pwoteste. Men, sou lòd Jewoyada, gad yo te touye Atali. — 2 Wa 11:1-16.
it-1-F 776 § 8
Tonm, kote yo antere moun
Jewoyada te jwenn gwo onè lè yo te antere l “nan Vil David la bò kote wa yo”, se sèl moun ki pa t nan liy fanmi wa yo ki te jwenn kalite privilèj sa a. — 2Kw 24:15, 16.
Trezò espirityèl
it-2-F 1231 § 10
Zakari
12. Pitit gason gran prèt Jewoyada. Apre lanmò Jewoyada, wa Jewowas te vire do bay vrè adorasyon an, lè l te koute move konsèy olye l te koute pwofèt Jewova yo. Zakari, kouzen Jewowas (2Kw 22:11), te avèti pèp la yon fason ki fèm anrapò ak sa, men olye yo te repanti, yo te kalonnen l nan lakou tanp lan. Men pawòl Zakari te di pandan l ap mouri a: “Se pou Jewova fè w peye pou aksyon w yo.” Pwofesi sa a te reyalize paske nonsèlman Siri te fè gwo dega nan Jida, men tou, de nan sèvitè Jewowas yo te touye l “poutèt li te touye pitit gason prèt Jewoyada yo”. Vèsyon grèk Septant lan ak vèsyon laten Vilgat la fè konnen yo te touye Jewowas pou yo te ka vanje san “pitit gason” Jewoyada a. Sepandan, tèks Masorèt la ak tèks Pechita siryak la te sèvi ak mo “pitit gason” an o pliryèl, petèt pou yo te montre tout valè ak enpòtans Zakari, pitit gason Jewoyada a te genyen, li menm ki te sèvi kòm pwofèt ak prèt anmenmtan. — 2Kw 24:17-22, 25.
22-28 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 25-27
“Jewova ka ba w plis pase sa lontan”
it-2-F 1186 § 3
Jewowas
Epitou, Jewowas te angaje san mil nan sòlda l yo pou y al jwenn wa Jida a pou y al batay ak moun Edòm yo. Sepandan, dapre konsèy “yon sèvitè vrè Dye a”, yo te anpeche yo ale, malgre yo te gentan peye yo san talan ajan (660 600 dola ameriken) alavans, yo te fache poutèt yo te fè yo retounen lakay yo, petèt akoz yo pèdi sa yo te panse yo t apral jwenn apre batay la. Donk, lè yo retounen nan N, yo piye vil ki te nan pati sid wayòm nan soti Samari (petèt ki te baz operasyon yo) pou rive jis Bètowon. — 2Kw 25:6-10, 13.
Fason nou kapab “goute” jan Jewova bon
16Fè sakrifis pou Jewova. Nou pa bezwen abandone tout bagay nou renmen pou nou kapab fè Jewova plezi (Ekl. 5:19, 20). Men, si nou pa ta vle fè plis pou Jewova paske nou pa vle abandone kèk bagay nou renmen, nou t ap fè menm erè ak mesye ki nan egzanp Jezi te bay la ki te travay di pou l gen anpil bon bagay, men ki pa t bay Bondye regle anyen pou li. (Li Lik 12:16-21.) Men sa yon frè ki rele Christian k ap viv nan peyi Lafrans di: “Mwen pa t bay Jewova ak fanmi m pifò tan m ak fòs mwen.” Christian ak madanm li te deside vin pyonye. Men, pou yo te ka reyalize objektif sa a, yo te oblije kite travay yo. Pou yo te pran swen tèt yo, yo te fè yon ti biznis netwayaj e yo te aprann viv ak mwens kòb. Èske yo te kontan poutèt yo te fè sakrifis sa a? Men sa Christian di: “Nou gen plis kè kontan nan sèvis nou kounye a, e nou kontan wè moun n ap etidye Labib avèk yo ak moun nou retounen vizite yo k ap aprann konnen Jewova.”
Trezò espirityèl
w07-F 15/12 10 § 1-2
Èske w gen yon moun k ap ba w fòmasyon nan domèn espirityèl?
LÈ OZYAS te gen 16 an, li te vin wa nan pati sid wayòm Jida a. Li te dirije pandan plis pase 50 an, soti nan fen nevyèm syèk anv.e.n pou rive nan kòmansman uityèm syèk anvan epòk nou an. Depi lè Ozyas te tou jèn, li “te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova.” Ki sa k te enfliyanse l pou l te fè sa ki dwat? Men sa istwa a rapòte: “[Ozyas] te kontinye chèche Bondye nan epòk Zakari a, yon mesye ki te konn anseye l pou l gen lakrentif pou vrè Dye a. Nan epòk li t ap chèche Jewova a, vrè Dye a te beni l.” — 2 Kwonik 26:1, 4, 5.
Nou pa konnen anpil bagay sou Zakari, li menm ki te konseye wa a, eksepte sa Bib la di sou li nan istwa sa a. Sepandan, antanke “yon mesye ki te konn anseye l pou l gen lakrentif pou vrè Dye a”, Zakari te gen yon bon enfliyans sou jèn dirijan an, sa ki te ede l fè sa ki dwat. Yon liv referans (The Expositor’s Bible) fè konnen vrèmanvre Zakari te “yon moun ki te plonje nan bagay sakre yo, li te gen anpil eksperyans nan domèn espirityèl e l te gen kapasite pou l transmèt konesans li te genyen an”. Men ki konklizyon yon biblis fè konsènan Zakari: “Li te plonje nèt nan pwofesi yo [...] e li te entèlijan, devwe, bon moun; e sanble li te gen yon gwo enfliyans sou Ozyas.”
29 ME–4 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 28-29
“Ou ka sèvi Jewova malgre w te leve nan yon sikonstans ki difisil”
Ann imite bon zanmi Jewova yo
8 Ezekyas pa t leve menm jan ak Rit. Ezekyas te fèt nan yon nasyon ki te fè yon alyans ak Bondye. Men, se pa tout Izrayelit yo ki te ret fidèl. Wa Ahaz, ki te papa Ezekyas, te mechan anpil. Li pa t gen respè pou tanp Bondye a e l te konvenk pèp la pou yo adore lòt dye. Ahaz te menm fè boule kèk nan frè Ezekyas yo vivan pou l ofri yo kòm sakrifis bay yon fo dye. Antanke timoun, Ezekyas pa t grandi nan yon bon anviwònman! — 2 Wa 16:2-4, 10-17; 2 Kwonik 28:1-3.
Ann imite bon zanmi Jewova yo
9 Move egzanp Ahaz te kite pou Ezekyas, pitit gason l lan, te ka fè Ezekyas vin egri oswa an kòlè kont Jewova. Jodi a, gen kèk moun ki pa menm jwenn tout pwoblèm Ezekyas te jwenn yo ki panse yo gen bonjan rezon pou yo “an kòlè [...] sou Jewova” oubyen pou yo egri kont òganizasyon l lan (Pwovèb 19:3). Gen lòt menm ki santi fason yo te grandi nan fanmi yo ka fè yo mennen yon move vi oswa sa ka fè yo fè menm erè ak paran yo (Ezekyèl 18:2, 3). Men, èske lide sa yo kòrèk?
10 Lavi Ezekyas montre repons kesyon sa a se non! Pa janm gen yon bon rezon pou yon moun vin an kòlè sou Jewova. Se pa li menm ki fè malè rive pèsonn (Jòb 34:10). Se vre, paran yo kapab montre pitit yo sa ki byen ak sa ki mal (Pwovèb 22:6; Kolosyen 3:21). Men, sa pa vle di se fason nou te leve nan fanmi nou k ap di ki kalite moun n ap vin ye. Sa k fè n di sa? Se paske Jewova ban nou libète pou n chwazi, sa vle di nou ka deside fè sa ki byen oubyen sa ki mal (Detewonòm 30:19). Ki jan Ezekyas te itilize bèl kado sa a Bondye te ba li a?
11 Menm lè papa Ezekyas te youn nan pi move wa ki te ka genyen nan peyi Jida, Ezekyas te vin youn nan pi bon wa peyi sa a te genyen. (Li 2 WA 18:5, 6.) Li pa t chwazi imite move egzanp papa l la. Olye de sa, li te chwazi pran san l pou l koute pwofèt Jewova yo tankou Ezayi, Miche ak Oze. Li te pran tan pou l koute konsèy yo ba li e l te aksepte disiplin yo ba li. Sa te ede l rezoud anpil nan pwoblèm papa l te lakòz yo. Li te netwaye tanp lan, li te mande Bondye padon pou peche pèp la e l te detwi zidòl yo nan tout peyi a (2 Kwonik 29:1-11, 18-24; 31:1). Annapre, lè Senakerib, wa Asiri a, te menase pou l atake Jerizalèm, Ezekyas te montre l gen anpil kran ak anpil lafwa. Li te gen konfyans Jewova t ap pwoteje l e l te ankouraje pèp la (2 Kwonik 32:7, 8). Rive yon lè, Ezekyas te vin gen ògèy, men, lè Jewova te korije l, avèk imilite, li te aksepte koreksyon an (2 Kwonik 32:24-26). Li klè, Ezekyas se yon bèl egzanp pou n imite. Li pa t kite erè fanmi l te fè yo fè l gache lavi l. Okontrè, li te montre l se zanmi Jewova.
Trezò espirityèl
Natàn te defann vrè adorasyon an avèk fidelite
Kòm Natàn t ap adore Bondye fidèlman, li te byen kontan lè David te pale l de plan li te genyen pou l bati premye tanp ki t ap gen sou tè a pou vrè adorasyon an. Sepandan, nan okazyon sa a, sanble Natàn se opinyon pa l li te bay, paske sa l te di a se pa Jewova ki te di l di l. Nan menm nuit sa a, Bondye te voye pwofèt la al bay wa a yon lòt mesaj. Se pa David ki t ap gen pou l bati tanp Jewova a. Se youn nan pitit gason David yo ki t ap gen pou l fè sa. Men, Natàn te fè David konnen Bondye t ap fè yon alyans ak David e twòn David la t ap “kanpe fèm pou tout tan”. — 2 Sam. 7:4-16.
Anrapò ak konstriksyon tanp lan, Bondye ak Natàn pa t wè bagay yo menm jan. Sepandan, kòm pwofèt la te enb, li te aksepte volonte Jewova e li te kolabore ak Jewova san l pa t plenyen. Si Jewova ta korije nou, li t ap bon pou nou suiv bèl egzanp Natàn kite pou nou an. Antanke pwofèt, Natàn pa t pèdi favè Bondye. Nou konn sa akoz aksyon li te fè annapre. Okontrè, sanble Jewova te enspire Natàn ak pwofèt Gad pou yo ede David òganize 4 000 mizisyen pou jwe mizik pou Jewova nan tanp lan. — 1 Kwo. 23:1-5; 2 Kwo. 29:25.
5-11 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 30-31
“Lè nou reyini ansanm, sa bon pou nou”
it-1-F 1132 § 4
Ezekyas
Li te zele nan vrè adorasyon an. Tousuit apre Ezekyas te fin monte sou twòn nan a 25 an, li te montre l zele pou adorasyon Jewova a. Premye aksyon l te fè se ouvri tanp lan ankò epi repare l. Apre sa, li te rele prèt yo ak Levit yo, li te di yo: “Mwen pran desizyon nan kè m pou m fè yon alyans ak Jewova, Bondye Izrayèl la.” Se te yon alyans fidelite, jan alyans Lalwa a ki te fèt ak Jida a te fè konn sa, yon alyans ki te toujou la byenke yo te neglije l. Avèk anpil enèji, li te kòmanse mete Levit yo nan sèvis yo, li te retabli aranjman pou gen enstriman mizik ak chante pou fè louwanj. Se te nan mwa Nizan, moman kote yo te dwe selebre fèt Pak la, men tanp lan, prèt yo ak Levit yo pa t pwòp. Anvan jou ki te 16 Nizan an, yo te netwaye tanp lan ansanm ak veso l yo. Apre sa, yo te dwe ofri yon sakrifis espesyal pou peche tout Izrayèl. Pou kòmanse, prens yo te pote sakrifis, ofrann pou peche pou wayòm nan, pou tanp lan ansanm ak pèp la, e apre sa te gen plizyè milye ofrann yo te boule nèt pou pèp la. — 2Kw 29:1-36.
it-1-F 1132 § 5
Ezekyas
Kòm pèp la pa t pwòp, sa ki te anpeche yo selebre fèt Pak la nan moman apwopriye a, Ezekyas te pwofite posiblite lwa a te bay pou moun ki pa t pwòp yo te selebre fèt Pak la yon mwa annapre. Li te rele nonsèlman moun Jida yo, men tou moun Izrayèl l yo lè l te bay moun ki konn kouri yo pote lèt soti Beyècheba rive Dann. Anpil moun te pase moun ki t ap kouri yo nan rizib; men kèk moun ki te soti sitou nan tribi Achè, Manase ak Zabilon te imilye tèt yo pou yo vini, kèk moun nan tribi Efrayim ak tribi Isaka te asiste tou. Mete sou sa, anpil moun ki t ap adore Jewova men ki pa t Izrayelit te la tou. Ta sanble se te yon bagay difisil pou moun ki t ap viv nan wayòm nò a e ki te pran pozisyon pou vrè adorasyon an te asiste fèt Pak la. Yo menm ansanm ak mesaje yo t apral jwenn pèsekisyon e yo t apral pase yo nan rizib, toutpandan wayòm dis tribi yo ki t ap degrengole te plonje nan fo adorasyon epi yo t ap fè fas ak menas moun Asiri yo. — 2Kw 30:1-20; Nb 9:10-13.
it-1-F 1132 § 6-7
Ezekyas
Apre fèt Pak la, yo te tèlman kontan selebre fèt Pen san ledven ki te fèt pandan sèt jou a opwen tout kongregasyon an te deside kontinye fèt la pandan sèt jou ankò. Menm nan yon moman ki te danjere konsa, grasa benediksyon Jewova yo “te gen anpil kè kontan nan Jerizalèm, paske depi epòk Salomon, pitit gason David la, wa Izrayèl la, pa t janm gen yon bagay konsa ki te fèt Jerizalèm”. — 2Kw 30:21-27.
Sa k te pase annapre a montre yo te retabli vrè adorasyon an toutbon e yo te mete l kanpe ankò, men se pa t jis yon senp seremoni kote moun yo te kontan anpil pou yon ti tan. Anvan moun ki t ap selebre yo te retounen lakay yo, yo te soti e yo t al kraze poto sakre ki fèt an wòch yo, kote ki te wo ak lotèl yo e yo te koupe poto sakre ki fèt an bwa yo ki te nan tout tèritwa tribi Jida ak tribi Benjamen an e menm nan tèritwa tribi Efrayim ak tèritwa tribi Manase a (2Kw 31:1). Ezekyas te bay egzanp lè l te kraze sèpan an kuiv Moyiz te fè a, paske pèp la te fè l tounen yon zidòl, yo te konn boule sakrifis pou li (2Wa 18:4). Apre gwo fèt la, Ezekyas te asire l y ap kontinye pratike vrè adorasyon an lè l te òganize prèt yo nan gwoup yo te dwe ye yo e l te fè aranjman pou soutni sèvis ki t ap fèt nan tanp lan; li te ankouraje moun yo pou yo obeyi Lwa sou ladim ak ofrann premye manje angren pou Levit yo ak prèt yo, e moun nan pèp la te dakò ak tout kè yo. — 2Kw 31:2-12.
Trezò espirityèl
“Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo”
14 Yon lòt fason nou ka montre jis nan ki pwen nou gen imilite se lè n dispoze koute lòt moun. Jak 1:19 di nou “dwe dispoze koute”. Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan sans sa a (Jen. 18:32; Joz. 10:14). Ann wè sa n ka aprann nan konvèsasyon ki nan Egzòd 32:11-14 la. (Li vèsè yo.) Aktout Jewova pa t bezwen konsèy nan men Moyiz, li te ba l posiblite pou l di sa l santi. Ki moun ki t ap pran tout tan l pou l koute rezònman yon lòt moun k ap fè move rezònman epi pou l fè sa moun sa a di a? Sepandan, avèk pasyans, Jewova koute moun ki rele l sou baz lafwa yo gen nan li.
15 L ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Si Jewova ka bese pou l pale ak moun e pou l koute yo jan l te fè sa ak Abraram, Rachèl, Moyiz, Jozye, Manowa, Eli ak Ezekyas, èske l pa t ap bon pou m onore tout frè m yo, pou m ba yo valè, pou m koute sa y ap di e pou m menm suiv bon ide yo bay? Èske gen yon moun nan kongregasyon m nan oswa nan fanmi m ki merite pou m ba l atansyon kounye a menm? Ki sa m dwe fè pou sa? Ki sa m pral fè pou sa?’ — Jen. 30:6; Jij 13:9; 1 Wa 17:22; 2 Kwo. 30:20.
12-18 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 32-33
“Fòtifye frè nou yo nan moman detrès”
it-1-F 212 § 6
Asiri
Senakerib. Senakerib, pitit gason Sagon II, te atake wayòm Jida a (732 anv. e. n.) nan 14yèm ane rèy Ezekyas (2Wa 18:13; Eza 36:1). Ezekyas te rebele kont jouk moun Asiri yo te mete sou do yo akoz aksyon Ahaz, papa l, te fè yo (2Wa 18:7). Senakerib te reyaji lè l te antre nan Jida, yo fè konnen l te pran 46 vil. (Konpare ak Eza 36:1, 2.) E annapre, pandan li te nan kan li a ki te nan zòn Lakis, li te mande Ezekyas pou l peye 30 talan lò kòm taks (anviwon 11 560 000 dola ameriken) ak 300 talan ajan (anviwon 1 982 000 dola ameriken). (2Wa 18:14-16; 2Kw 32:1; Konpare ak Eza 8:5-8.) Byenke yo te peye montan sa a, Senakerib te voye pòtpawòl li a pou di yo ba l Jerizalèm san kondisyon (2Wa 18:17–19:34; 2Kw 32:2-20). Se sa k fè, Jewova te detwi 185 000 sòlda nan lame l la nan yon nuit, sa ki te oblije Asiryen awogan sa a fè bak epi retounen Niniv (2Wa 19:35, 36). E se la a annapre, de nan pitit gason l yo te asasinen l epi Esaradon, yon lòt pitit gason l te vin wa nan plas li (2Wa 19:37; 2Kw 32:21, 22; Eza 37:36-38). Evènman sa yo, eksepte destriksyon lame Asiri a, te parèt tou sou yon moso wòch yo te ekri sou li ki rele pris Senakerib ak sou yon lòt ki rele pris Esaradon. — ILLUSTRATION et PHOTO, Vol. 1, p. 957.
Sèt bèje, uit dik: Ki sa sa vle di pou nou jodi a?
12 Jewova toujou dispoze fè pou nou tout sa n pa ka fè pou tèt nou, men, li vle pou n fè sa n kapab. Izkiya t al pale ak ‘tout moun ki gen otorite yo ansanm ak chèf lame l yo’, epi, yo te deside “bouche tout sous dlo ki andeyò lavil la [...]. [Anplis de sa, Izkiya] mete gason sou li. Li fè repare tout miray lavil la, li bati fò won sou li ak yon lòt miray sou deyò [...]. Li fè fè anpil frenn ak manch long ak anpil plak pwotèj”. (2 Kwo. 32:3-5.) Pou Jewova te pwoteje pèp li a epi pou l te dirije l nan epòk sa a, li te sèvi ak plizyè gason vanyan tankou Izkiya, prens Izkiya yo ansanm ak kèk pwofèt ki te djanm nan domèn espirityèl.
Sèt bèje, uit dik: Ki sa sa vle di pou nou jodi a?
13 Sa Izkiya te fè annapre a te gen plis valè lontan pase bouche sous dlo yo oswa repare miray vil la. Antanke yon bèje ki te gen sousi pou pèp li, Izkiya te rasanble pèp la epi l te fòtifye yo nan domèn espirityèl pa mwayen pawòl sa yo: “Pa kite anyen fè nou pè, ni devan wa peyi Lasiri a [...] paske nou gen plis fòs avèk nou pase li menm li gen avè l. Li menm, li konte sou fòs sòlda li yo. Nou menm, nou gen Senyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou.” Jewova t apral goumen pou pèp li a! Se pa ti fòtifye pawòl sa yo te fòtifye lafwa yo! Bib la fè konnen, lè Juif yo “tande pawòl sa yo sòti nan bouch [Izkiya], wa peyi Jida a, yo tout pran kouray”. N ap remake se ‘pawòl Izkiya’ yo ki te ankouraje pèp la. Ni Izkiya, ni prens li yo ak tout gason vanyan nan lame l yo, san wete pwofèt Mika ak pwofèt Izayi, yo tout te pwouve yo se bon bèje egzakteman jan Jewova te predi sa pa mwayen pwofèt li a. — 2 Kwo. 32:7, 8; li Mika 5:5, 6.
Trezò espirityèl
Ki lè yon moun repanti toutbon?
11 Rive yon lè, Jewova te reponn priyè Manase. Li te wè kè mesye sa a chanje, jan sa te parèt nan priyè l te fè yo. Jewova te tande Manase lè l te mande padon, e Li te fè l vin wa ankò. Manase te fè tout sa l kapab pou l montre li te repanti toutbon. Li te fè yon seri bagay Ahab pa t janm fè. Li te chanje fason l te konn aji. Li te konbat fo adorasyon e li te ankouraje vrè adorasyon an. (Li 2 Kwonik 33:15, 16.) Se sèten sa te mande kouraj ak lafwa, paske Manase te yon move egzanp pou fanmi l, pou gwo potanta nan wayòm li an e pou pèp li a pandan plizyè dizèn ane. Men, nan dènye ane l te fè ap viv yo, li te fè efò pou l korije kèk nan bagay mal li te fè yo. Pa gen dout, li te bay Jozyas, pitit pitit li, bèl egzanp. E Jozyas te vin yon bon wa annapre. — 2 Wa 22:1, 2.
12 Ki sa nou ka aprann nan istwa Manase? Nonsèlman li te imilye tèt li, li te fè lòt bagay ankò. Li te priye Bondye, li te sipliye l pou l fè l mizèrikòd. Epi, li te chanje fason l t ap viv. Li te fè anpil efò pou l repare mal li te fè yo, e li te fè tout sa l kapab pou l adore Jewova e pou l ede lòt moun fè menm jan an. Istwa Manase a bay menm moun ki fè sa k pi mal la espwa. Sa se bonjan prèv ki montre Jewova Dye “bon e [li] dispoze padone”. (Sòm 86:5.) Jewova ap padone moun ki repanti toutbon.
19-25 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 34-36
“Èske w ap pwofite Pawòl Bondye a nèt?”
it-1-F 1152 § 6
Oulda
Lè Jozyas te tande y ap li “liv Lalwa a”, liv Ilkya te jwenn pandan yo t ap repare tanp lan, li te voye yon delegasyon al kot Jewova. Yo t al kot Oulda ki li menm te transmèt yo pawòl Jewova a, li te fè yo konnen tout kalamite ki te ekri nan “liv” la t apral tonbe sou nasyon ki aposta a poutèt dezobeyisans yo. Oulda te fè konnen tou piske Jozyas te imilye tèt li devan Jewova, li pa t ap gen pou l wè kalamite sa yo, men l t apral reyini ak zansèt li yo e yo t ap mete l nan tonm li anpè. — 2Wa 22:8-20; 2Kw 34:14-28.
Annou montre nou gen zèl pou kay Jewova a!
20 Pandan yo t ap fè travay Yochiya te bay fè pou restore tanp lan, Ilkya, gran prèt la, te “jwenn liv Lalwa Senyè a te bay Moyiz” la. Li te bay Chafàn, sekretè wa a liv la, e Chafàn te li l pou Yochiya. (Li 2 Kwonik 34:14-18.) Ki efè sa te fè sou wa a? Menm moman an, wa a te chire rad sou li tèlman li te chagren e li bay mesye yo lòd pou yo mande Jewova sa pou yo fè. Pa mwayen pwofetès Oulda, Bondye te bay yon mesaj kote l te kondane kèk nan pratik relijye ki te gen nan Jida yo. Men, Jewova te remake bon efò Yochiya te fè pou l elimine idolatri. Se sa k fè Yochiya te kontinye gen favè Jewova malgre kalamite Li te anonse ki t apral frape tout nasyon an (2 Kwo. 34:19-28). Ki sa sa aprann nou? Asireman, nou gen menm dezi ak Yochiya. Se sa k fè nou dwe suiv direksyon Jewova bay yo san pèdi tan e nou dwe reflechi seryezman sou sa nou aprann nan egzanp sa yo konsènan sa ki ka rive nou si nou ta tonbe nan apostazi e nou ta sispann adore Jewova avèk fidelite. Egzanp sa yo se avètisman pou nou. Nou mèt gen asirans, menm jan Jewova te wè zèl Yochiya te genyen an e sa te fè l kontan, se konsa tou li wè zèl nou genyen pou vrè adorasyon an e sa fè kè l kontan.
Trezò espirityèl
Èske w ap kite bagay yo te ekri yo dirije kè w?
15 Finalman, ki avètisman nou kapab jwenn nan sa k te rive Jozyas ki te yon bon wa? Ann egzamine sa k te lakòz yo pot laviktwa sou li ak sa k te lakòz li te pèdi lavi l. (Li 2 Kwonik 35:20-22.) Jozyas t “al rankontre” Neko, wa peyi Ejip la, “pou l batay avè l” byenke wa a te di Jozyas li pa gen pwoblèm avè l. Bib la di pawòl Neko yo te “soti nan bouch Bondye”. Bon, poukisa Jozyas t al goumen ak Neko? Bib la pa bay rezon an.
16 Bon, ki jan Jozyas t ap fè konnen pawòl Neko yo te soti nan bouch Jewova? Ebyen, li te ka mande Jeremi, youn nan pwofèt fidèl yo (2 Kwo. 35:23, 25). Men, pa gen okenn prèv ki montre li te fè sa. Epitou, Neko te nan wout pou l al Kakemich pou l al fè lagè “ak yon lòt nasyon”, se pa t ak Jerizalèm li t apral fè lagè. Mete sou sa, sa pa t gen rapò ak non Bondye, paske Neko pa t ap pwovoke ni Jewova ni pèp li a. Kidonk, lefètke Jozyas t al goumen ak Neko, sa montre li te manke bonsans. Èske nou wè yon leson nou kapab aprann nan istwa sa a? Lè n gen yon pwoblèm, l ap bon pou n chèche konnen ki sa petèt ki volonte Jewova nan sitiyasyon sa a.
17 Si vin gen yon pwoblèm, nou dwe chèche konn ki prensip biblik ki gen rapò ak pwoblèm nan epi aplike yo yon fason ki ekilibre. Gen kèk sitiyasyon kote nou ka vle pale ak ansyen yo. Petèt, nou deja reflechi sou sa n konnen sou sijè a, e nou gendwa menm gentan fè rechèch nan piblikasyon nou yo. Poutan, kapab gen lòt prensip biblik nou bezwen pran an konsiderasyon e yon ansyen kapab ede nou egzamine yo. Pa egzanp, yon sè konnen li gen responsablite pou l preche bon nouvèl la (Tra. 4:20). Sepandan, ann sipoze li gen pwojè soti nan predikasyon yon jou, men, mari l ki pa Temwen vle l ret avè l. Mari l di l yo pa pase anpil tan ansanm sèjousi e l ta renmen yo fè kèk aktivite ansanm antanke mari ak madanm. Petèt, sè a egzamine kèk vèsè enpòtan, tankou vèsè ki montre enpòtans pou n obeyi Bondye antanke chèf ak lòd pou nou fè disip la (Mat. 28:19, 20; Tra. 5:29). Men, mete sou sa, antanke madanm, li bezwen reflechi sou enpòtans pou l soumèt devan mari l e pou l montre l rezonab (Efe. 5:22-24; Flp. 4:5). Èske mari l pa vle l soti nan predikasyon ditou, oubyen èske se mande li jis mande l fè yon lòt bagay pou jou sa a sèlman? Nou bezwen montre nou gen ekilib toutpandan n ap chèche fè volonte Bondye e n ap chèche fè tout sa n kapab pou n gen yon konsyans ki klè.
26 JEN–2 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | ESDRAS 1-3
“Kite Jewova sèvi avè w”
Èske w wè sa Zakari te wè yo?
JUIF yo te kontan anpil. Jewova Dye te fè “Siris, wa peyi Pès la,” libere Izrayelit yo ki te pase plizyè dizèn ane kòm prizonye nan peyi Babilòn. Wa a te pase yon dekrè pou Juif yo retounen nan peyi yo e pou yo “rebati kay Jewova, Bondye Izrayèl la”. (Esd. 1:1, 3.) Dekrè sa a te estrawòdinè! Sa t ap pèmèt Juif yo rekòmanse adore vrè Dye a nan peyi l te ba yo a.
Yon seri charyo ak yon kouwòn ap pwoteje nou
2 Zakari te konnen Juif ki te vin Jerizalèm yo se gason ak fi ki te gen lafwa. Se te moun “vrè Dye a te touche kè yo” pou yo kite kay yo ak biznis yo (Esd. 1:2, 3, 5). Yo te kite yon peyi yo te konnen byen pou yo vin yon kote pifò nan yo potko janm wè. Si travay rekonstriksyon tanp Jewova a pa t enpòtan pou yo, yo pa t ap janm fè vwayaj difisil sa a sou yon distans 1 600 kilomèt nan move wout.
Trezò espirityèl
Pwen enteresan ki nan liv Esdras la
1:3-6. Menm jan ak Izrayelit ki te rete Babilòn yo, gen anpil Temwen Jewova ki pa ka pran sèvis aplentan oswa ki pa ka al sèvi kote ki gen plis bezwen. Toutfwa, yo soutni moun ki kapab yo, yo ankouraje yo, epi yo fè ofrann volontè pou soutni travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la.