Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
© 2023 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
1-7 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 32-33
Ann konsole moun k ap fè fas ak tètchaje
it-1 724
Eliyou
Eliyou pa t gen patipri, li pa t konn bay okenn moun tit pou flate yo. Menm jan ak Jòb, li te rekonèt li se pousyè e se Toupisan an ki te kreye l. Eliyou pa t gen entansyon fè Jòb pè, men li te pale avè l tankou yon bon zanmi. Li te site non Jòb, yon bagay Elifaz, Bildad ak Sofa pa t fè. — Jòb 32:21, 22; 33:1, 6.
Èske w wè feblès lòt moun menm jan Jewova wè yo?
8 Yon bagay ki kapab ede nou vin anvi demontre plis konsiderasyon pou frè ak sè nou renmen yo, se lè nou sonje gen kèk nan yo ki vin fèb paske y ap fè fas ak divès pwoblèm tankou: sante yo ki pa fin anfòm, y ap viv nan yon kay kote moun yo opoze ak laverite, oubyen y ap fè fas ak depresyon. Yon jou, petèt se nou menm k ap gen pou n fè fas ak sitiyasyon konsa. Lè Izrayelit yo t ap viv ann Ejip, yo te pòv e yo te konn toupizi yo. Anvan yo te antre nan Latè pwomiz, Jewova te fè yo sonje pou yo “pa fèmen kè” yo pou frè ak sè yo k ap soufri. Jewova te atann pou yo konsidere pòv la kòm yon moun ki merite pou yo ede l. — Det. 15:7, 11; Lev. 25:35-38.
9 Olye nou kouri jije frè ak sè ki nan sitiyasyon difisil oswa nou kouri gen dout sou yo, nou dwe rekonfòte yo nan domèn espirityèl pito (Jòb 33:6, 7; Mat. 7:1). Pa egzanp, ann imajine yon chofè moto ki blese nan yon aksidan e yo kouri mennen l lopital. Èske w panse lè l rive lopital la, sa k pral pi enpòtan pou doktè yo se chèche konnen si se li menm oswa yon lòt moun ki lakòz aksidan an? Non. San pèdi tan, doktè yo ap bay moun nan swen ki nesesè yo. Menm jan an tou, lè yon kwayan parèy nou vin fèb paske l gen pwoblèm, sa k dwe pi enpòtan pou nou se ede l nan domèn espirityèl. — Li 1 Tesalonisyen 5:14.
10 Si nou pran yon ti tan pou n reflechi sou sitiyasyon frè ak sè nou yo, nou gendwa vin rann nou kont se pa fèb yo fèb vre. Fè yon ti reflechi ak sè ki gen plizyè ane depi y ap fè fas ak opozisyon nan fanmi yo. Gen nan yo ki gendwa pa twò parèt e ki gendwa parèt fèb nan domèn espirityèl. Sepandan, yo gen anpil kouraj ak bonjan lafwa nan Jewova. Lè w wè yon sè k ap leve pitit li poukont li vin nan reyinyon regilyèman ansanm ak pitit li, èske sa pa gen gwo efè sou ou pou w wè jan l gen lafwa ak detèminasyon? E ki sa n ka di menm konsènan adolesan yo ki kontinye ret atache ak laverite malgre yo nan yon anviwònman ki kapab gen move efè sou yo? Lè n reflechi ak sitiyasyon moun sa yo, n ap vin rann nou kont moun sa yo ki parèt pi fèb yo gendwa “rich nan lafwa” menm jan ak lòt frè ak sè ki nan pi bon sitiyasyon pase yo. — Jak 2:5.
Ki lè ki pi bon pou nou pale?
17 Katriyèm moun ki te vin vizite Jòb se te Eliyou, yon fanmi Abraram. Li te ret ap koute Jòb ak twa mesye yo k ap pale. Sandout li te pran san l pou l byen koute sa k ap di, paske apre sa li te bay kèk konsèy klè avèk konpasyon e sa te ede Jòb korije fason l panse (Jòb 33:1, 6, 17). Sa k te pi enterese Eliyou se te fè louwanj pou Jewova, se pa t ni pou tèt li ni pou okenn lòt moun (Jòb 32:21, 22; 37:23, 24). Egzanp Eliyou aprann nou gen yon tan pou n pa di anyen e pou n koute (Jak 1:19). Mete sou sa, nou aprann lè nou gen pou nou bay konsèy, sa k dwe pi enterese nou se onore Jewova, se pa onore tèt pa nou.
18 Nou ka montre nou bay kapasite nou genyen pou n pale a anpil valè lè nou suiv konsèy nou jwenn nan Bib la sou fason ak lè pou n pale. Jewova te enspire wa Salomon, ki te saj, pou l ekri: “Tankou pòm annò nan kabare ki fèt ann ajan, se konsa pawòl moun di nan bon moman ye.” (Pwo. 25:11). Lè nou pran tan pou nou koute sa lòt moun ap di e lè nou reflechi anvan nou pale, pawòl nou di kapab vin tankou pòm annò sa yo, y ap gen anpil valè e y ap bèl. Lè sa a, kit nou pa pale anpil, kit nou pale anpil, pawòl nou yo ap ankouraje lòt moun e sa ap fè Jewova fyè de nou (Pwo. 23:15; Efe. 4:29). Ki pi bon fason nou ka montre nou gen rekonesans pou kado sa a Bondye ban nou an?
Trezò espirityèl
Kontinye pwoche bò kote Jewova
10 Pa gen anyen ki mal pou nou veye sou aparans nou tou. Men, nou pa dwe ap chèche fè yon bann efò pou nou kache tout ti siy ki montre nou kòmanse ap granmoun. Siy sa yo montre petèt nou se moun ki gen matirite, ki merite respè e ki gen anpil bèl kalite. Pa egzanp, Labib fè konnen moun ki gen “cheve gri [yo] se yon kouwòn bote lè yo twouve yo nan chemen jistis” la (Pwo. 16:31, NW). Se konsa Jewova wè nou, e nou dwe eseye wè tèt nou menm jan an tou. (Li 1 Pyè 3:3, 4.) Kidonk, èske l saj pou n ap pran risk fè chiriji ki pa nesesè e ki ka menm reprezante yon danje pou nou oswa pou n ap suiv tretman nan domèn medikal tou senpleman paske nou vle parèt pi bèl? Kèlkeswa laj yon moun genyen oswa eta sante l, moun sa a ap bèl toutbon lè l gen “lajwa Jewova” bay la (Ney. 8:10, NW). Se sèlman nan monn nouvo a n ap rejwenn yon sante pafè e n ap retounen vin jèn ankò (Jòb 33:25; Iza. 33:24). Annatandan, si nou aji avèk sajès e nou demontre lafwa nan Jewova, sa ap ede nou rete pwòch avè l e sa ap ede nou pou nou rezonab nan fason n ap pran swen tèt nou. — 1 Tim. 4:8.
8-14 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 34-35
Lè malè rive bon moun
Ki kalite moun Bondye ye?
Bondye toujou fè sa ki dwat. An reyalite, “li enposib pou vrè Dye a aji ak mechanste, pou Toupisan an fè sa ki mal”. (Jòb 34:10.) Jewova toujou fè jijman l yo yon fason ki onèt, jan nou ka wè sa nan pawòl youn nan moun ki te ekri Sòm yo te di pandan l t ap pale avè l: “Ou gen pou w jije pèp yo avèk jistis.” (Sòm 67:4). Etandone ‘Jewova wè sa k nan kè yon moun’, pa gen okenn moun k ap aji ann ipokrit ki ka twonpe l. Jewova gen kapasite pou l toujou konnen ki moun ki sensè, e konsa li jije yo kòmsadwa (1 Samyèl 16:7). Anplis de sa, Bondye konnen tout enjistis ak koripsyon ki gen sou latè, e li pwomèt ‘mechan yo pral detwi sou tè a’ talè konsa. — Pwovèb 2:22
Ki sa k pap la ankò lè Wayòm Bondye a vini?
5 Ki sa Jewova pral fè? Jis kounye a Jewova kontinye ap bay moun ki mechan yo posiblite pou yo chanje (Eza. 55:7). Pèsonèlman, yo youn poko resevwa dènye santans yo. Se sistèm sa a ki deja kondane. E moun ki refize chanje yo, ki kontinye ap soutni sistèm sa a jiskaske gwo tribilasyon an kòmanse? Jewova pwomèt l ap elimine moun ki mechan yo sou tè a pou toutan. (Li Sòm 37:10.) Moun ki mechan yo gendwa panse jijman sa a pap frape yo. Gen anpil nan yo ki aprann kache sa yo fè, e nan monn sa a, byen souvan, sanble yo chape anba men lajistis ak anba tout konsekans aksyon yo (Jòb 21:7, 9). Poutan, men sa Bib la fè n sonje: “Bondye ap gade chemen chak moun, e li wè tout kote yo met pye yo, pa gen okenn fènwa ni okenn fènwa pwès pou moun k ap fè sa ki mal yo kache.” (Jòb 34:21, 22). Pa gen okenn kote yon moun ka kache pou Jewova Dye. Pa gen okenn mètdam ki ka twonpe l, ni pa gen okenn fènwa ki twò gwo oswa ki twò pwès ki ka anpeche je Bondye ki pa gen limit wè aklè sa k ap pase. Apre Amagedon, n ap gade kote mechan yo te ye yo, men nou pap wè yo. Yo pap la ankò pou toutan! — Sòm 37:12-15.
Èske w ap kite yon bagay anpeche w suiv Jezi?
19 Èske n wè menm pwoblèm nan jodi a? Wi. Anpil moun jodi a pa dakò avè n paske nou pa mele nan politik. Yo panse nou ta dwe vote lè gen eleksyon. Men, si nou ta chwazi yon chèf pami lèzòm pou dirije nou, nou t ap montre nou pa aksepte Jewova kòm Chèf nou (1 Sam. 8:4-7). Gen moun ki panse nou ta dwe konstwi lekòl ak lopital, epi fè lòt aktivite pou ede moun. Yo pa aksepte mesaj nou an paske nou konsantre sou travay predikasyon an olye nou eseye rezoud pwoblèm ki gen nan monn nan jodi a.
20 Ki sa nou kapab fè pou n pa bite? (Li Matye 7:21-23.) Sa k dwe pi enpòtan pou nou se fè travay Jezi te ban n lòd pou nou fè a (Mat. 28:19, 20). Nou pa ta dwe janm ap chèche rezoud pwoblèm politik ak lòt pwoblèm ki gen nan monn sa a. Nou renmen moun e sa touche nou lè yo gen pwoblèm. Men, nou konnen pi bon fason pou nou ede pwochen nou se lè nou anseye yo konsènan Wayòm Bondye a ak lè nou ede yo vin zanmi Jewova.
Trezò espirityèl
Dezi pou w sèvi kòm volontè a fè Jewova jwenn louwanj!
3 Jewova pa t korije Eliyou dèske l te mande: “Si w ap fè sa ki dwat, ki sa w ba li [Bondye]? Ki sa l jwenn nan men w?” (Jòb 35:7). Èske Eliyou te vle di efò nou fè nan sèvis Bondye a pa gen enpòtans? Non. Li te vle di Jewova pa depann de adorasyon n ap ba l. Jewova pa bezwen pèsonn fè anyen pou li. Nou pa kapab fè l vin pi rich oswa pi pisan. Okontrè, kèlkeswa bèl kalite, talan oswa fòs nou genyen se kado Bondye ban nou e li pran an konsiderasyon fason nou sèvi ak yo.
15-21 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 36-37
Rezon ki fè nou ka kwè nan pwomès Bondye fè pou l ban nou lavi pou toutan an
Èske nou ka jwenn Bondye vre?
BONDYE TE TOUJOU EGZISTE: Bib la anseye Bondye egziste “depi toutan e pou toutan”. (Sòm 90:2, NW.) Sa vle di Bondye pa gen kòmansman e li pap gen fen. “Pèsonn pa ka konte kantite ane li genyen”. — Jòb 36:26, NW.
Byenfè nou jwenn: Bondye pwomèt nou lavi ki pap janm fini an si nou aprann konnen l toutbonvre (Jan 17:3). Èske moun t ap ka fè yon pwomès konsa konfyans si Bondye pa t ka viv pou toutan? Se sèl “Wa letènite a” ki ka reyalize yon pwomès konsa. — 1 Timote 1:17.
Èske w apresye kado Bondye ban nou yo?
6 Dlo egziste sou fòm likid sou tè a paske planèt nou an nan yon distans ideyal parapò ak solèy la. Si tè a te yon tikras pi pre solèy la, tout dlo ki gen sou tè a t ap tounen vapè e tè a t ap tounen yon bout wòch byen cho ki pa gen lavi sou li. Si tè a te yon tikras pi lwen solèy la, tout dlo t ap tounen glas e tè a t ap vin yon gwo boul glas. Kòm Jewova mete tè a nan yon distans ki ideyal parapò ak solèy la, dlo kapab renouvle e sa pèmèt gen lavi. Solèy la chofe dlo ki nan lanmè a ak dlo ki sou tè a e li fè yo tounen vapè pou yo tounen nyaj. Donk, chak ane, se plizyè milyon doum dlo solèy la fè tounen vapè. Dlo sa a rete nan atmosfè a pou anviwon dis jou anvan l tonbe sou fòm lapli oswa nèj. Finalman, dlo a retounen al nan lanmè oswa nan lòt kote ki gen dlo sou tè a, se konsa dlo renouvle. Fason estrawòdinè dlo renouvle montre Jewova gen anpil sajès ak anpil pisans. — Jòb 36:27, 28; Ekl. 1:7.
Ann kenbe esperans nou genyen antanke kretyen an fèm
16 Esperans nou genyen pou n gen lavi ki pap janm fini an se yon kado ki gen anpil valè Bondye ban nou. Nou gen yon bèl avni k ap tann nou, e n kapab gen asirans sa n espere yo ap reyalize. Esperans lan tankou yon lank batiman pou nou, li ede n rete djanm pou n ka andire eprèv, pou n kenbe fèm devan pèsekisyon, e menm devan lanmò. Li tankou yon kas pou nou, li pwoteje panse n pou n vire do bay sa ki mal e pou n ret atache ak sa ki byen. Esperans nou an ki baze sou Bib la fè n vin pi pwòch ak Bondye e l fè nou wè jis nan ki pwen Bondye renmen nou. Nou jwenn anpil byenfè pandan n ap kontinye kenbe esperans nou genyen an fèm.
Trezò espirityèl
it-1 503
Kominikasyon
Nan tan lontan, nan peyi Bib la pale de yo, gen plizyè fason moun te konn bay lòt moun enfòmasyon ak nouvèl. Souvan, se nan bouch yo te konn bay nouvèl lokal ak nouvèl ki sot lòt kote (2Sa 3:17, 19; Jòb 37:20). Jeneralman, moun ki te konn vwayaje nan karavàn yo te konn bay nouvèl sou peyi ki lwen yo lè yo te kanpe pou yo jwenn manje, dlo ak lòt pwovizyon nan vil sa yo oswa sou wout karavàn yo te konn pase yo. Lefètke peyi Palestin nan yon bon pozisyon parapò ak Azi, Afrik ak Ewòp, karavàn yo te konn sot tout kote pou yo travèse Palestin pou y al byen lwen. Donk, moun ki t ap viv Palestin yo te ka jwenn enfòmasyon enpòtan sou sa k ap pase nan lòt peyi byen fasil. Souvan, yo te ka jwenn enfòmasyon sou peyi a ansanm ak lòt peyi nan mache vil la.
22-28 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 38-39
Èske w pran tan pou w admire kreyasyon an?
Èske w dispoze tann Jewova?
7 Lè Bib la ap esplike ki jan Jewova te kreye tè a, li fè konnen se Jewova ki te deside “ki gwosè l ap ye”, se li ki te plante “poto l yo” e ki te poze “wòch li genyen ki nan kwen an”. (Jòb 38:5, 6.) Jewova te menm pran tan pou l reflechi sou travay li fè (Jen. 1:10, 12). Èske w ka imajine jan zanj yo te santi yo lè yo te wè bagay Jewova t ap kreye yo t ap pran fòm tikras pa tikras? Se pa ti kontan yo dwe te kontan! Se poutèt sa yo “te pran rele tèlman yo te gen lajwa”. (Jòb 38:7.) Ki sa sa aprann nou? Sa te pran plizyè milye ane pou Jewova kreye tè a, zetwal yo ak tout sa ki vivan. Men, lè Jewova te gade tout sa l te fè yo, sa l te pran san l pou l kreye yo, li te di “yo bon anpil”. — Jen. 1:31
Rezirèksyon an montre lanmou, sajès ak pasyans Bondye genyen
2 Toudabò, Jewova te kreye Jezi, Pitit li a. Annapre, Li te sèvi ak premye Pitit sa a pou l “kreye tout lòt bagay” san wete plizyè milyon zanj (Kol. 1:16). Jezi te vrèman kontan travay ansanm ak Papa l (Pwo. 8:30). Zanj yo tou te kontan anpil. Se yo menm ki te la lè Jewova ak Jezi t ap fè syèl la ak tè a. Ki jan zanj yo te reyaji? Apre tè a fin fèt, zanj yo “te pran rele tèlman yo te gen lajwa”, e pa gen dout yo te kontinye gen kè kontan chak fwa Jewova te fin kreye yon bagay, san wete lè Jewova te fin fè dènye chedèv la, anpalan de lèzòm (Jòb 38:7; Pwo. 8:31, nòt). Lanmou ak sajès Jewova parèt nan chak bagay li kreye. — Sòm 104:24; Wom. 1:20
Ann aprann plis sou Jewova lè n ap gade sa l kreye yo
8 Jewova merite pou n fè l konfyans. Jewova te ede Jòb pou l vin gen plis konfyans nan Li (Jòb 32:2; 40:6-8). Lè Bondye t ap pale ak Jòb, li te atire atansyon l sou plizyè bagay nan kreyasyon an, pa egzanp zetwal yo, nyaj yo ak zèklè yo. Jewova te pale avè l tou konsènan bèt yo, pa egzanp towo sovaj yo ak cheval yo (Jòb 38:32-35; 39:9, 19, 20). Tout bagay sa yo se prèv ki montre nonsèlman Bondye gen anpil pisans, men tou, li gen lanmou ak anpil sajès. Grasa konvèsasyon sa a Jewova te gen ak Jòb, li te vin fè Jewova plis konfyans toujou (Jòb 42:1-6). Menm jan an tou, lè n egzamine kreyasyon an, sa fè n sonje Jewova gen plis sajès lontan pase n e li gen plis pisans pase n. Epitou, li kapab met yon fen nan tout eprèv nou yo, e l ap fè sa. Lefètke n konn sa, sa kapab ede n pou n fè l plis konfyans.
Trezò espirityèl
it-2 122
Sila a ki bay lwa a
Jewova, Sila a ki bay lwa a. An reyalite, Jewova se sèl Moun ki gen dwa pou l bay lwa nan tout linivè. Se li ki bay lwa fizik ki gen nan lanati yo, sa ki domine sou sa ki pa gen vi ladan yo (Jòb 38:4-38; Sm 104:5-19), ak lwa ki domine sou bèt yo (Jòb 39:1-30). Piske lèzòm se kreyasyon Bondye, yo menm tou yo anba lwa fizik sa yo, mete sou sa, lefètke yo gen yon konsyans ak kapasite pou yo reflechi, e pou yo rezone sou bagay ki gen rapò ak Bondye, yo vin anba lwa Bondye bay nan domèn moral (Wm 12:1; 1Ko 2:14-16). Anplis de sa, kreyati espirityèl yo, sa vle di zanj yo anba lwa Bondye yo. — Sm 103:20; 2P 2:4, 11.
Moun pa ka vyole lwa fizik Jewova bay yo san yo pa peye sa (Jr 33:20, 21). Nan tout pati moun ka wè nan linivè a, lwa Jewova yo tèlman stab e moun ka fè yo konfyans, sa fè nan domèn kote syantifik yo ka aplike lwa sa yo, yo kapab kalkile mouvman lalin nan, planèt yo ak lòt bagay ki nan syèl la yon fason ki prèske egzak. Yon moun ki vyole lwa fizik yo ap peye sa lapoula. Menm jan an tou, lwa moral Bondye yo san fay e moun pa ka pase sou yo, oswa vyole yo, san yo pa peye sa. Yo dwe respekte lwa moral yo menm jan yo respekte lwa fizik yo menmsi lè yon moun vyole lwa moral yo, yo pa peye sa tousuit. “Moun pa ka pase Bondye nan jwèt. Paske, kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou”. — Ga 6:7; 1Ti 5:24.
29 JANVYE–4 FEVRIYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 40-42
Ki sa nou ka aprann nan sa k te rive Jòb la?
“Kiyès ki rive konnen sa k nan panse Jewova?”
4 Lè n ap reflechi sou sa Jewova fè, nou dwe evite jije l selon fason lèzòm panse. Tandans sa a parèt nan pawòl Jewova yo nou jwenn nan Sòm 50:21: “Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye?” Se apeprè sa yon biblis te di sa gen plis pase 175 an: “Lèzòm gen tandans jije Bondye selon fason yo panse e yo konprann Bondye dwe obeyi menm lwa yo menm yo obeyi yo.”
5 Nou dwe fè atansyon pou fason nou wè Jewova a pa chita sou pwennvi pa nou ak sa nou ta renmen. Sa k fè sa enpòtan? Ebyen, pandan n ap etidye Labib, gen kèk bagay Jewova fè ki gendwa pa parèt dwat selon pwennvi nou ki limite e ki enpafè. Izrayelit nan tan lontan yo te vin panse konsa e yo te vin mal konprann fason Jewova te boule ak yo. Gade sa Jewova te di yo: “N’a di [nan] kè nou: Jan [Jewova] ap aji la a pa bon non. Enben, nou menm moun pèp Izrayèl yo, koute. Nou di jan m aji a pa bon. Nou pa kwè se jan nou menm n’ap aji a ki pa bon pito?” — Eze. 18:25.
6 Yon bagay ki ka ede nou pa fè erè pou n jije Jewova selon nou menm, se lè nou rekonèt nou gen limit nan fason nou wè bagay yo e pafwa fason nou wè bagay yo pa bon menm. Jòb te oblije aprann sa. Lè l t ap soufri a, li te lite ak dekourajman e l te vin wè tèt li sèlman. Li te bliye kesyon ki pi enpòtan yo. Men, Jewova te ede Jòb wè bagay yo yon lòt jan, yon fason ki te demontre li gen lanmou pou Jòb. Lè Jewova te poze Jòb plis pase 70 kesyon, e Jòb pa t ka reponn youn, Jewova te montre se pa tout bagay Jòb te konprann. Jòb te reyaji avèk imilite, li te korije fason l wè bagay yo. — Li Jòb 42:1-6.
Kite je w fikse sou kesyon ki pi enpòtan an
12 Èske Jewova te aji di ak Jòb lè l te ba l konsèy yon fason ki dirèk apre Jòb te fin sibi yon eprèv terib konsa? Bondye pa t fè sa, e Jòb pa t panse sa nonplis. Malgre tout difikilte Jòb te jwenn yo, finalman, li te kòmanse pale yon fason ki montre l gen rekonesans. Li te menm di: “Mwen retire sa m te di a e mwen chita nan pousyè ak nan sann pou m montre m repanti.” Pawòl sa yo montre efè konsèy klè e ki ankourajan Jewova te bay Jòb yo te gen sou li (Jòb 42:1-6). Anvan sa, Jòb te jwenn konsèy tou nan men Eliyou ki te jèn ki te ede l korije fason l panse (Jòb 32:5-10). Apre Jòb te fin aksepte reprimann Bondye te ba l la e l te korije fason l panse, Jewova te fè lòt moun konnen li apwouve fidelite Jòb te demontre devan eprèv li te rankontre yo. — Jòb 42:7, 8.
“Met espwa nou nan Jewova”
17 Jòb se youn nan sèvitè Jewova ki te met kouraj sou li e ki te ret djanm lè l te nan gwo eprèv. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te pale de anpil lòt sèvitè Jewova, li te rele yo “yon gwo nyaj temwen”. (Ebre 12:1.) Yo tout te pase anba gwo eprèv, men, yo te ret fidèl ak Jewova pandan tout vi yo (Ebre 11:36-40). Èske se pou granmesi yo te andire e yo te fè gwo efò? Jamè! Menm lè yo pa t rive wè tout pwomès Jewova yo reyalize devan je yo, yo pa t janm sispann met espwa yo nan li. E piske yo te sèten yo te gen favè Jewova, yo te gen konfyans Jewova t ap kenbe pwomès li (Ebre 11:4, 5). Egzanp moun sa yo kapab fè n gen plis detèminasyon pou n kontinye met espwa nou nan Jewova.
18 Jodi a, n ap viv nan yon monn k ap vin pi mal chak jou (2 Tim. 3:13). Satan poko fin pase pèp Bondye a anba eprèv. Kèlkeswa difikilte nou ka jwenn pi devan, ann pran detèminasyon pou n travay di pou Jewova, piske n konnen “nou mete esperans nou nan yon Dye ki vivan”. (1 Tim. 4:10.) Nou bezwen sonje fason Jewova te fè bagay yo fini pou Jòb montre Li “gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd”. (Jak 5:11.) Nou menm tou, ann ret fidèl ak Jewova toutpandan nou gen konfyans l ap rekonpanse “moun k ap chèche l toutbonvre”. — Li Ebre 11:6.
Trezò espirityèl
it-2 344
Pase nan rizib
Jòb, yon moun ki jis, te kontinye kenbe entegrite l malgre moun te pase l nan rizib. Men, li te vin gen yon move pwennvi e li te fè yon erè, se sa k fè yo te korije l. Men sa Eliyou te di l: “Kiyès moun ki tankou Jòb, yon moun ki swaf pou yo pase l nan rizib tankou se te dlo li t ap bwè?” (Jòb 34:7). Jòb te vin gen twòp sousi pou l defann tèt li olye l defann Bondye, e li te menm panse li pi dwat pase Bondye (Jòb 35:2; 36:24). Lè twa “zanmi l yo” te vrèman ap pase l nan rizib, Jòb te santi se li menm y ap manke dega, se pa t Bondye. Konsa, li te aji tankou yon moun ki pran plezi lè y ap pase l nan rizib, li te aksepte sa san plenyen kòmsi se dlo l t ap bwè. Annapre, Bondye te esplike Jòb moun ki t ap pase l nan rizib yo (an reyalite) se sou Bondye menm yo t ap bay manti (Jòb 42:7). Menm jan an tou, men sa Jewova te di pwofèt Samyèl lè pèp Izrayèl la te mande yon wa: “Se pa ou menm yo pa vle, men se mwen menm yo pa vle kòm wa yo.” (1Sa 8:7). Epi, men sa Jezi te di disip li yo: “Tout nasyon ap rayi nou [se pa poutèt non pa nou, men se] poutèt non mwen.” (Mt 24:9). Lè yon kretyen sonje bagay sa yo, sa ap ede l gen yon bon etadespri pou l andire lè y ap pase l nan rizib e l ap jwenn rekonpans pou andirans li. — Lk 6:22, 23.
5-11 FEVRIYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 1-4
Pran pozisyon pou Wayòm Bondye a
“M ap souke tout nasyon yo”
8 Ki jan moun yo reyaji devan mesaj sa a? Pifò moun pa aksepte l. (Li Sòm 2:1-3.) Nasyon yo ap bat kò yo. Yo refize aksepte Dirijan Jewova mete a. Yo pa konsidere mesaj Wayòm nan n ap preche a kòm yon “bon nouvèl”. An reyalite, gen kèk gouvènman ki menm entèdi travay predikasyon an! Menm lè anpil nan dirijan ki nan nasyon sa yo fè konnen se Bondye y ap sèvi, yo pa vle kite pouvwa ak otorite yo genyen an. Donk, menm jan dirijan yo nan epòk Jezi a te opoze avè l, se konsa tou, dirijan yo jodi a opoze ak Sila a Jewova chwazi a lè yo atake disip fidèl li yo. — Tra. 4:25-28.
Pa antre nan zafè monn divize sa a
11 Materyalis. Lè n bay lajan ak bagay nou posede yo anpil enpòtans, nou ka twouve l difisil pou n pa antre nan zafè monn nan. Apre ane 1970, gen anpil Temwen nan peyi Malawi ki te oblije abandone tout sa yo te genyen paske yo pa t vle fè pati yon gwoup politik. Malerezman, gen kèk ki pa t abandone vi konfòtab yo t ap mennen an. Men sa yon sè ki rele Ruth sonje: “Gen kèk moun ki t al ann egzil ak nou, men, annapre, yo te antre nan pati politik la e yo te retounen lakay yo paske yo pa t vle kontinye nan move kondisyon yo t ap viv nan kan refijye a.” Men, pifò moun nan pèp Bondye a pa t aji konsa. Yo pa t antre nan zafè monn nan menmsi sa te lakòz yo pa gen anpil lajan oswa pèdi tout sa yo posede. — Ebre 10:34.
Trezò espirityèl
it-1 261
Pay
Se yon ti po fen ki kouvri manje angren tankou lòj ak ble pou pwoteje yo. Se vre, se nan sans senbolik Bib la pale de pay, men, sa ede n wè metòd yo te konn itilize nan tan lontan pou yo bat manje angren. Apre rekòt la, ti po fen ki te kouvri manje angren yo pa t gen okenn valè, se te yon bon senbòl ki reprezante yon bagay ki lejè, ki san valè, yon bagay yo pa bezwen, yon bagay yo te dwe retire sou manje angren yo, epi voye l jete.
Pou kòmanse, yo te konn bat manje angren an pou yo retire pay la sou li. Apre sa, lè y ap vannen l, pay la ki lejè al nan van an tankou pousyè. (Gade VANNAGE.) Sa byen montre fason Jewova retire aposta yo pami pèp li a ak fason li elimine moun ki mechan ansanm ak nasyon ki opoze avè l yo (Jòb 21:18; Sm 1:4; 35:5; Eza 17:13; 29:5; 41:15; Oz 13:3). Wayòm Bondye a pral kraze ènmi l yo tankou ti pay van pote ale byen fasil. — Dn 2:35.
Souvan, yo te konn rasanble pay yo pa t bezwen yo, epi yo boule yo pou van pa t pote yo ale e pou yo pa t sal manje angren yo. Menm jan an tou, Jan ki te konn batize moun nan te anonse yon gwo destriksyon t ap tonbe sou mechan ki nan fo relijyon yo. Jezi Kris, moun ki konn vannen an ap rasanble ble a, men “l ap boule pay la nan yon dife ki pa ka etenn”. — Mt 3:7-12; Lk 3:17; gade BATTAGE.
12-18 FEVRIYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 5-7
Ann rete fidèl kèlkeswa sa lòt moun fè
Fason pou n jwenn fòs nan Pawòl Bondye a
7 Èske yon zanmi w oswa yon moun nan fanmi w te trayi konfyans ou? Si sa te rive w, ou kapab aprann nan sa k te rive wa David lè Absalon, pitit gason l, te trayi l e l te eseye pran pouvwa a nan men l. — 2 Sam. 15:5-14, 31; 18:6-14.
8 1) Priye. Pandan w ap panse ak istwa a, fè Jewova konnen ki jan w santi w lefètke yo te mal aji avè w (Sòm 6:6-9). Fè Jewova konn egzakteman sa w santi. Apre sa, mande l ede w wè prensip ki kapab gide w pandan w ap fè fas ak sitiyasyon difisil sa a.
Se pou w gen konviksyon ou nan laverite
3 Lafwa nou pa dwe baze sèlman sou lanmou sèvitè Bondye yo genyen ki tankou lanmou Kris la. Poukisa? Ann sipoze yon kwayan parèy nou, menm yon ansyen oswa yon pyonye, ta fè yon peche grav. Oubyen ki sa w ap fè si yon frè oswa yon sè ta aji yon fason ki fè w mal? Oubyen petèt yon moun vin aposta e l ap fè konnen nou pa gen laverite. Si yon bagay konsa rive, èske sa ap fè w bite epi w sispann sèvi Jewova? Men leson nou aprann: Si lafwa ou gen nan Bondye a baze sèlman sou sa lòt moun ap fè olye l baze sou pwòp relasyon pa w ak Jewova, li pap solid. Se vre, santiman w gen pou Jewova e pou moun k ap sèvi l yo ka ede w vin gen lafwa nan yon sèten degre. Men, li enpòtan anpil pou w etidye Bib la seryezman pou w konprann sa w ap etidye yo, pou w fè rechèch pou w ka vin gen konviksyon sa w ap aprann sou Jewova yo se laverite. Ou bezwen sèten sa Bib la anseye sou Jewova yo se laverite. — Wom. 12:2.
4 Jezi te di gen kèk moun ki t ap aksepte laverite “ak kè kontan”, men lafwa yo t ap febli lè yo jwenn eprèv. (Li Matye 13:3-6, 20, 21.) Petèt yo pa t imajine yon moun k ap suiv Jezi te ka jwenn pwoblèm (Mat. 16:24). Oubyen, petèt yo te panse yon kretyen pap jwenn pwoblèm ditou nan lavi l, se benediksyon sèlman l ap jwenn, li pap jwenn eprèv. Men, nan monn enpafè sa a, ap gen pwoblèm. Sitiyasyon nou ka chanje e sa ka fè kè nou pa vrèman kontan pandan yon ti tan. — Sòm 6:6; Ekl. 9:11.
Trezò espirityèl
it-1 776
Tonm
Nan Women 3:13, apot Pòl site Sòm 5:9 ki konpare gòj mechan yo ak moun k ap twonpe moun yo ak “yon tonm ki tou ouvri”. Menm jan yon tonm ki tou ouvri la pou yo mete kadav ansanm ak bagay ki kontamine, se konsa tou gòj mechan yo ouvri pou yo di pawòl ki lakòz lanmò ak koripsyon. — Konpare ak Mt 15:18-20.
19-25 FEVRIYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 8-10
“O Jewova, m ap fè louwanj pou ou!”
Ann bay plas nou gen nan fanmi Jewova a anpil valè
6 Jewova te prepare yon kote espesyal pou nou pou n abite. Byen lontan anvan Jewova te kreye premye moun nan, li te prepare tè a pou lèzòm (Jòb 38:4-6; Jer. 10:12). Piske Jewova bon e li donan, li ban nou anpil bon bagay pou fè kè n kontan (Sòm 104:14, 15, 24). Detanzantan, li te pran tan pou l reflechi sou sa l te kreye yo e li “te wè yo bon”. (Jen. 1:10, 12, 31.) Li onore lèzòm lefètke li te ba yo “pouvwa sou” tout bèl bagay li te kreye sou tè a (Sòm 8:6). Bondye vle pou lèzòm vin pafè e pou yo gen kè kontan pandan y ap pran swen bèl bagay li kreye yo pou toutan. Èske w toujou di Jewova mèsi pou bèl pwomès sa a li fè a?
Èske w apresye kado Bondye ban nou yo?
10 Youn nan fason nou ka montre nou apresye kado Bondye ban nou pou nou pale a se lè nou esplike moun ki sezi poutèt nou pa aksepte ansèyman sou evolisyon an rezon ki fè nou kwè nan Bondye (Sòm 9:1; 1 Pyè 3:15). Moun k ap fè pwomosyon pou doktrin sa a ka kwè se yon aksidan ki fè tè a ak tout sa k ap viv sou li egziste. Si nou sèvi ak Bib la ak kèk nan pwen nou te egzamine nan atik sa a, n ap ka defann Papa nou ki nan syèl la e n ap ka esplike moun ki dispoze koute yo rezon ki fè nou gen konviksyon se Jewova ki kreye syèl la ak tè a. — Sòm 102:25; Eza. 40:25, 26.
Èske “pawòl” k ap sot nan bouch ou montre ou se “yon egzanp”?
13 Chante ak tout kè w. Lè n ap chante kantik Wayòm yo, sa k ta dwe pi enpòtan pou nou se louwe Jewova. Gen yon sè ki rele Sara ki twouve l pa gen bèl vwa pou l chante. Sepandan, li vle chante pou l fè louwanj pou Jewova. Se sa k fè, lè l ap prepare reyinyon yo, li repete kantik yo tou. Lè l ap repete yo, li chèche wè rapò ki genyen ant pawòl ki nan kantik yo ak sijè yo pral pale sou yo nan reyinyon yo. Men sa l di: “Sa ede m plis konsantre sou pawòl yo olye m konsantre sou vwa m.”
Trezò espirityèl
it-1 663
Dwèt
Yon fason senbolik, yo fè konnen Bondye fè yon seri travay ak “dwèt li”, tankou lè li te ekri dis kòmandman yo sou de wòch plat (Eg 31:18; Dt 9:10), lè l te fè mirak (Eg 8:18, 19), ak lè l t ap kreye syèl la (Sm 8:3). “Dwèt” Bondye te itilize pou l fè kreyasyon an se te lespri sen l oswa fòs Bondye ki t ap aji, jan istwa sou kreyasyon an nou jwenn nan liv Jenèz la montre sa, kote li di fòs (rouah, “espri”) Bondye ki t ap aji t ap fè mouvman sou dlo yo (Jen 1:2). Sepandan, Liv ki te ekri an grèk yo vrèman ede nou konprann sans senbolik ekspresyon sa a, istwa nou jwenn nan liv Matye a esplike Jezi te chase demon grasa ‘lespri Bondye’, epi Lik te di li te fè sa grasa “dwèt Bondye”. — Mt 12:28; Lk 11:20, nòt.
26 FEVRIYE–3 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 11-15
Imajine tèt ou nan monn nouvo Bondye a kote lapè pral blayi
Pwen enteresan ki nan Sòm yo
11:3 — Ki fondasyon sa yo ki demoli a? Se fondasyon ki sèvi kòm baz sosyete lèzòm yo, tankou lalwa, lòd ak jistis. Lè tout bagay sa yo tèt anba, dezòd sosyal met pye, e vin pa gen jistis. Nan kondisyon sa yo, “yon moun ki jis” dwe mete tout konfyans li nan Bondye. — Sòm 11:4-7.
Èske l posib pou gen yon monn san vyolans?
Bib la pwomèt talè konsa, Bondye pral elimine vyolans sou tè a. Monn vyolan ki la jodi a pral efase nan “jou jijman ak destriksyon moun ki pa gen respè pou Bondye yo”. (2 Pyè 3:5-7.) Pap gen moun vyolan k ap fè moun soufri ankò. Ki jan nou ka sèten Bondye vle aji pou l elimine vyolans?
Labib fè konnen Bondye “rayi nenpòt moun ki renmen vyolans”. (Sòm 11:5.) Kreyatè a renmen lapè ak jistis (Sòm 33:5; 37:28). Se sa k fè li pap tolere moun k ap fè vyolans yo pou toutan.
Èske w dispoze ret tann avèk pasyans?
15 Poukisa David te dispoze ret tann avèk pasyans? Li ban nou repons lan nan yon sòm li te ekri kote l te mande pandan kat fwa: “Konbyen tan?” Men sa l te di: “Kanta pou mwen, mwen gen konfyans nan lanmou fidèl ou genyen an. Kè m ap kontan anpil poutèt sa w fè pou w bay delivrans yo. M ap chante pou Jewova, paske li rekonpanse m anpil.” (Sòm 13:5, 6). David te gen konfyans nan lanmou fidèl Jewova genyen an. Li t ap tann delivrans li ak kè kontan, e l te reflechi sou fason Jewova te toujou rekonpanse l. Wi, David te wè sa te vo lapenn pou l ret tann.
Wayòm nan fè volonte Bondye fèt sou tè a
16 Sekirite. Nan yon tan ki pa twò lwen, bèl pawòl nou jwenn nan Izayi 11:6-9 yo pral jwenn yon kokennchenn akonplisman, menm nan yon sans literal. Kit se gason, kit se fi kit se timoun, yo tout pral jwenn sekirite kèlkeswa kote yo ye sou tè a. Pa gen okenn kreyati, kit se lèzòm oswa bèt, ki pral reprezante yon menas pou yo. Imajine yon lè kote w pral konsidere tout tè a nèt tankou se kay ou, yon lè kote w ap ka naje nan rivyè, nan lak ak nan lanmè san pwoblèm, yon lè kote w ap ka mache nan gwo mòn yo ak kote ki gen bèl ti zèb san pwoblèm. E ou pap pè lannuit. Pawòl nou jwenn nan Ezekyèl 34:25 lan ap vin yon verite, konsa l ap menm posib pou pèp Bondye a “abite an sekirite nan dezè [epi] dòmi nan forè”.
Trezò espirityèl
Èske w transfòme tèt ou?
12 Malerezman, nan monn n ap viv la chaje moun ki gen menm atitid ak moun Pòl te pale de yo a. Petèt moun sa yo panse zafè ensiste sou règ ak prensip se yon bagay ki pase mòd e se yon bagay ki pa bon. Gen anpil pwofesè ak anpil paran ki panse konsa, e yo fè pwopagann pou fè konnen moun lib pou yo panse jan yo pito. Pou yo menm, pa gen okenn fason pou yon moun rive konnen sa ki byen ak sa ki mal. Menm anpil moun ki di y ap sèvi Bondye santi yo lib pou yo fè sa yo menm yo panse ki bon san yo pa oblije obeyi Bondye ak kòmandman l yo (Sòm 14:1). Yon atitid konsa kapab reprezante yon gwo danje pou vrè kretyen yo. Moun ki pa fè atansyon yo gendwa vin gen menm pwennvi sa a konsènan dispozisyon yo pran nan òganizasyon Bondye a. Yo gendwa pa vle respekte dispozisyon yo pran nan kongregasyon yo, e yo gendwa menm plenyen konsènan nenpòt bagay ki pa nan gou yo. Yo gendwa pa fin dakò tou ak konsèy Bib la bay konsènan divètisman, chèche fè gwo etid ak fason pou yo itilize Entènèt.