BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb24 jiyè p. 10-16
  • 5-11 out

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 5-11 out
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2024
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2024
mwb24 jiyè p. 10-16

5-11 OUT

SÒM 70-72

Kantik 59 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. “Fè jenerasyon k ap vini an” konnen pouvwa Bondye

(10 min.)

David te jwenn pwoteksyon Jewova depi lè l te jèn (Sm 71:5; w99 1/9 18 § 17)

David te santi Jewova t ap soutni l lè l te vin granmoun (Sm 71:9; g04 8/10 23 § 3)

David te ankouraje jèn yo lè l te rakonte yo eksperyans li te fè (Sm 71:​17, 18; w14 15/1 23 § 4-5)

Tablo fanmi ki te parèt nan patisipasyon semèn pase a ki gen tit: “Prensip pou sware adorasyon an fanmi an.” Yo resevwa yon koup ki aje nan adorasyon an fanmi an e yo kontan koute koup la k ap montre yo foto e k ap rakonte yo eksperyans yo.

MANDE TÈT OU: ‘Kiyès nan kongregasyon m nan ki gen lontan depi l ap sèvi Jewova, mwen t ap renmen fè entèvyou avè l nan sware adorasyon an fanmi an?’

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 72:8 — Ki jan pwomès Jewova te fè Abraram nou jwenn nan Jenèz 15:18 la te reyalize sou rèy wa Salomon? (it-1 825)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

(4 min.) Sm 71:​1-24 (th leson 5)

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. Lè moun nan kòmanse fè diskisyon, kanpe konvèsasyon an ak yon pawòl pozitif. (lmd leson 4 pwen 5)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Kontinye yon konvèsasyon ak yon fanmi w ki te yon ti jan renka pou l etidye Bib la. (lmd leson 8 pwen 4)

6. Esplike kwayans ou

(5 min.) Diskou. ijwfq 49 — Tèm: Poukisa Temwen Jewova yo konn fè chanjman nan kwayans yo? (th leson 17)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 76

7. Ide pou adorasyon an fanmi an

(15 min.) Konvèsasyon.

Fanmi yo te montre anvan an ki kanpe e k ap aprann yon kantik Wayòm.
Fanmi an k ap gade yon emisyon Tele JW.
Youn nan pitit fi yo k ap reponn manman an nan adorasyon an fanmi an pandan yon seyans pratik.

Sware adorasyon an fanmi an se yon moman enpòtan pou timoun yo aprann “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”. (Ef 6:4.) Pou yon moun aprann, sa mande efò. Men, sa ka yon bèl eksperyans sitou pou timoun yo tank y ap vin gen plis anvi pou yo aprann verite ki nan Bib la (Jn 6:27; 1P 2:2). Revize kare ki gen tit “Kèk ide pou adorasyon an fanmi an” ki ka ede paran yo fè sware adorasyon an fanmi an vin enteresan epi itil. Apre sa, pale sou kesyon ki vin apre yo:

  • Kiyès nan sijesyon sa yo ou ta renmen eseye?

  • Èske w te jwenn yon lòt pwen ki te ede w?

KÈK IDE POU ADORASYON AN FANMI AN

LABIB:

  • Koute anrejistreman odyo lekti Labib pou semèn nan, oubyen fè chak moun li yon pati ladan l awotvwa. Chak moun nan fanmi an ka li pawòl yon pèsonaj biblik diferan

  • Prepare kèk kesyon sou lekti Labib pou semèn nan. Fè chak moun nan fanmi an chwazi yon kesyon, epi fè rechèch sou li. Apre sa, yo ka pataje sa yo te aprann

  • Poze yon kesyon oswa dekri yon sitiyasyon, epi fè rechèch nan liv Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen an pou w wè ki prensip biblik nou ka aplike

  • Repwodui yon pati ki nan yon istwa biblik

  • Prepare yon ti kat ki gen diferan vèsè Labib chak semèn, tankou sa nou jwenn nan apendis A nan bwochi Renmen moun, epi fè disip la, apre sa, eseye aprann vèsè a pakè. Gade ti kat nou te ranpli semèn anvan yo ankò

  • Etidye yon pati nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an

  • Chwazi yon moun nan fanmi an pou fè yon ti pale sou youn nan atik ki nan seri “Repons Bib la bay” oswa “Esplikasyon sou kèk vèsè” nou jwenn anba ribrik SA BIB LA ANSEYE ki sou jw.org

REYINYON:

  • Prepare yon pati nan yon reyinyon kongregasyon an

  • Prepare epi repete kòmantè yo. Kontwole lè a

  • Aprann kantik Wayòm yo

  • Pale sou sa n ka di pou n ankouraje yon moun anvan epi apre reyinyon, apre sa fè yon demonstrasyon sou sa

  • Repete yon asiyasyon elèv pou reyinyon semèn nan devan fanmi an

PREDIKASYON:

  • Prepare nou pou travay predikasyon kay an kay la

  • Prepare nouvèl vizit nou yo

  • Imajine n ap bay temwayaj enfòmèl, epi pratike fason nou ka kòmanse yon konvèsasyon amikal

  • Pale sou kèk objektif byen presi nou ka fikse k ap ede nou fè plis nan travay predikasyon an pandan epòk Memoryal la, oswa nan jou konje oswa nan peryòd vakans

BEZWEN FANMI AN:

  • Fè yon seyans pratik sou fason pou n jere pwoblèm byen presi ki genyen oswa yon pwoblèm ki ka rive tankou sa ki gen rapò ak kesyon netralite, brimad, frekantasyon, oswa fèt

  • Fè yon seyans pratik kote paran yo ak timoun yo chanje wòl. Timoun yo ap fè rechèch sou sijè a, apre sa y ap rezone ak paran yo

KÈK LÒT SIJESYON:

  • Gade yon emisyon Tele JW epi fè yon ti pale sou li

  • Li yon atik oubyen gade yon videyo sou sit jw.org la, epi fè yon ti pale sou li

  • Egzamine yon sijè nan seksyon “Jèn yo” oswa “Timoun” anba ribrik SA BIB LA ANSEYE sou jw.org

  • Repase nòt nou te pran nan yon kongrè rejyonal oswa nan yon asanble

  • Pran tan pou w gade yon bagay nan kreyasyon an oubyen fè rechèch sou li, epi fè yon ti pale sou sa li aprann nou sou Jewova

  • Detanzantan, envite yon moun nan adorasyon an fanmi an, epi fè yon entèvyou avè l

  • Fikse objektif espirityèl, epi pale sou fason pou n atenn yo

  • Travay ansanm sou yon pwojè, tankou Lach Noye a, yon kat oswa yon tablo ki nan Tradiksyon monn nouvo a, oswa nan piblikasyon nou yo

Pase VIDEYO Fè adorasyon an fanmi an vin pi enteresan. Epi, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Ki jan yon mari ka fè adorasyon an fanmi an vin pi enteresan lè pa gen timoun nan kay la?

8. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) bt chap. 13 § 17-24

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 123 ak priyè

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje