BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb25 septanm p. 4-5
  • 15-21 septanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 15-21 septanm
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2025
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2025
mwb25 septanm p. 4-5

15-21 SEPTANM

PWOVÈB 31

Kantik 135 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Yon manman ki gen yon bèl konvèsasyon ak pitit fi l pandan yo chita sou yon kanape.

1. Leson nou aprann nan enstriksyon yon manman ki gen lanmou bay

(10 min.)

Anseye pitit ou yo pwennvi Jewova sou sèks ak maryaj (Pw 31:​3, 10; w11 1/4 19 § 7-8)

Anseye pitit ou yo pou yo konsidere alkòl menm jan Jewova konsidere l la (Pw 31:​4-6; ijwhf atik 4 § 11-13)

Anseye pitit ou yo pou yo ede lòt moun menm jan Jewova fè sa (Pw 31:​8, 9; g17.6 9 § 5)

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Pw 31:​10-31 — Ki sa k te ede Izrayelit yo memorize vèsè nan Liv ki te ekri ann ebre yo? (w92 1/11 11 § 7-8)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

(4 min.) Pw 31:​10-31 (th leson 10)

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Kòmanse yon konvèsasyon ak yon moun ki di w yon pawòl oswa ki fè yon aksyon ki montre l janti avè w. (lmd leson 5 pwen 3)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(4 min.) KAY AN KAY. Pale sou youn nan “Kèk verite nou renmen anseye” ki nan apendis A nan bwochi Renmen moun nan. (lmd leson 1 pwen 4)

6. Pousuiv enterè moun yo

(5 min.) KAY AN KAY. Envite yon moun ki te aksepte Toudegad No 1 2025 lan nan diskou espesyal la. (lmd leson 7 pwen 4)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 121

7. Ede pitit ou yo itilize aparèy elektwonik yo avèk sajès

(8 min.) Konvèsasyon.

Èske w deja wè yon timoun k ap itilize yon aplikasyon sou yon telefòn entèlijan oswa yon tablèt? Jeneralman, li fasil pou timoun yo itilize aparèy elektwonik yo. Yo pa toujou bezwen moun ede yo konnen fason pou yo itilize aparèy elektwonik yo, men, yo toujou bezwen moun ede yo konnen fason pou yo itilize yo avèk sajès. Si w se yon paran, ki jan w ka bay pitit ou fòmasyon pou yo konnen fason pou yo itilize aparèy elektwonik yo avèk sajès?

Yon sèn nan videyo “Byen sèvi ak tan w”. Pandan Sofya kouche sou plaj la, tablèt li nan men l, l ap imajine yon dofen k ap jwe ak yon boul nan dlo ki toupre l la.

Pase VIDEYO Byen sèvi ak tan w. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  • Sa k fè l enpòtan pou n fikse limit nan kantite tan n ap pase nan itilize aparèy elektwonik?

  • Ki lòt aktivite nou bezwen rezève tan pou yo?

Lè n ap fikse règ pou fanmi nou suiv, konte sou prensip biblik yo olye n konte sou sa lòt paran fè (Ga 6:5). Pa egzanp, mande tèt ou:

  • Èske pitit mwen an montre li ka pran bon desizyon? Èske l montre l gen ase metriz pou l itilize aparèy pa m nan oswa pou l gen aparèy pa l? — 1Ko 9:25

  • Jis nan ki pwen m ka kite pitit mwen itilize aparèy elektwonik lè l poukò l? — Pw 18:1

  • Ki aplikasyon e ki sit Entènèt m ap kite pitit mwen itilize, e kiyès ladan yo m pap kite l itilize? — Ef 5:​3-5; Flp 4:​8, 9

  • Konbyen tan m ta dwe kite pitit mwen pase chak jou ap itilize aparèy elektwonik pou l ka gen ase tan pou lòt aktivite ki bay kè kontan e ki enpòtan? — Ekl 3:1

8. Bezwen kongregasyon an

(7 min.)

9. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) lfb leson 18-19

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 2 ak priyè

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje