Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
© 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
1-7 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PROVÈB 29
Rejte kwayans ak koutim ki pa fè Jewova plezi
wp16.06 6, kare
Vizyon sou moun ki nan monn envizib la
Plizyè milyon moun tankou prizonye ki nan chenn, akoz yo kwè nan sipèstisyon e yo pè espri mechan yo anpil. Yo sèvi ak gad ansanm ak bagay ki gen rapò ak maji, pa egzanp, yo konn pran yon seri beny e yo konn bwè yon seri bwason yon fason pou yo ka jwenn pwoteksyon. Nou pa bezwen fè bagay sa yo. Men ki asirans Bib la ban nou: “Je Jewova ap pwonmennen sou tout tè a, l ap chèche moun k ap sèvi l ak tout kè yo pou l ka itilize fòs li an favè yo.” (2 Kwonik 16:9). Jewova, vrè Dye a, pi pisan lontan pase Satan, e si w met konfyans ou nan li, l ap pwoteje w.
Sepandan, pou Jewova pwoteje w, nonsèlman ou bezwen konnen sa k fè l plezi, men ou dwe aji tou. Pa egzanp, nan premye syèk la, kretyen ki te nan vil Efèz yo te rasanble tout liv maji yo te genyen e yo te boule yo tout nèt (Travay 19:19, 20). Menm jan an tou, pou Bondye pwoteje w, ou bezwen elimine mezi se gad, fetich, liv maji, bagay ki swadizan ka bay pwoteksyon ak tout lòt bagay ankò ki gen rapò ak demon yo.
Ann rete lwen yon seri pratik ki depaman ak sa Bib la di sou lanmò
13 Si w pa fin sèten si yon koutim oswa yon pratik bon, priye Jewova sou sa, mande l pou l ba w sajès e fè sa avèk lafwa. (Li Jak 1:5.) Apre sa, fè rechèch nan piblikasyon nou yo. Si sa nesesè, pale ak ansyen nan kongregasyon w lan. Yo pap di w sa pou w fè, men yo ka ede w jwenn bon prensip nan Bib la, tankou prensip n ap egzamine la yo. Lè w fè bagay sa yo, w ap antrene “kapasite [w] genyen pou [w] konprann nan”, e kapasite sa a ap ede w “rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal”. — Ebre 5:14.
“M ap mache nan verite w yo”
12 Koutim ak pratik ki pa ann amoni ak Bib la. Moun nan fanmi nou, kòlèg travay nou ak kondisip nou ka eseye fè n patisipe nan fèt y ap fete. Ki jan n ka reziste ak presyon pou n aksepte koutim ak fèt ki pa onore Jewova? Nou ka fè sa lè n kenbe pwennvi Jewova gen sou bagay sa yo byen klè nan lespri n. Lè n egzamine sijè nan piblikasyon nou yo ki montre orijin fèt popilè yo sa ka ede n. Lè n medite sou rezon ki baze sou Bib la ki fè n pa patisipe nan fèt sa yo, n ap gen konviksyon n ap mache yon fason ki “fè Seyè a plezi”. (Efe. 5:10.) Lè n met konfyans nou nan Jewova ak nan Pawòl verite l la, sa ap pwoteje n pou n pa “tranble devan moun”. — Pwo. 29:25.
Trezò espirityèl
it “Flatri” § 1
Flatri
Se lè yo fè moun plezi ak bèl felisitasyon, lè yo fè elòj ak lwanj ki pa sensè yon fason ki egzajere pou achte figi moun. An jeneral, yo fè sa pou fè moun y ap flate a santi l enpòtan, pou fè l santi l gran, sa ki pa bon pou li. Yo fè sa tou pou yo jwenn favè oswa avantaj materyèl nan men moun y ap flate a, pou yo fè l santi li gen obligasyon anvè yo oswa pou yo ba l glwa. Byen souvan, yo fè sa pou yo pran moun y ap flate a nan pyèj (Pw 29:5). Yon moun k ap flate moun montre li pa gen sajès ki sot anwo a, men li gen sajès monn nan ki fè moun egoyis, yo gen patipri e yo ipokrit (Jak 3:17). Lè moun aji yon fason ki pa sensè, yo bay manti, yo fè elòj oswa bay moun glwa pou aparans yo e pou sa yo posede yon fason ki egzajere, sa pa fè Bondye plezi. — 2Ko 1:12; Ga 1:10; Efe 4:25; Kol 3:9; Re 21:8.
8-14 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PROVÈB 30
“Pa fè m ni pòv ni rich”
Ki kalite lanmou ki bay kè kontan toutbon?
10 Nòmalman, nou tout bezwen lajan. Nan yon sans, li bay pwoteksyon (Ekl. 7:12). Men, èske yon moun ka gen kè kontan toutbon si se sèlman sa l bezwen pou l viv li genyen? Wi! (Li Eklezyas 5:12.) Men sa Agou ki te pitit gason Jake te ekri: “Pa fè m ni pòv ni rich. Annik kite m jwenn kantite manje mwen bezwen pou m manje.” Li fasil pou n konprann rezon ki fè l pa t vle pòv depase limit. Jan l te esplike sa, li pa t vle gen tantasyon pou l vòlè paske sa t ap dezonore Bondye. Men, poukisa l te priye Bondye pou l pa t gen richès? Men sa l te ekri: “Konsa, vant mwen pap vin plen e mwen pap nye w pou m ta di: ‘Kiyès ki Jewova a?’” (Pwo. 30:8, 9). Petèt, ou ka panse ak moun ki met konfyans yo nan richès yo genyen olye yo mete l nan Bondye.
11 Moun ki renmen lajan pa ka fè Bondye plezi. Men sa Jezi te di: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, se swa li rayi youn e li renmen lòt la, oubyen li atache ak youn e li meprize lòt la. Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” Anvan l te di pawòl sa yo, li te di: “Sispann anpile trezò sou tè a, kote ki gen mit ak wouy ki ka wonyen yo, e kote vòlè ka antre pou yo vòlè yo. Okontrè, anpile trezò nan syèl la, kote ki pa gen ni mit ni wouy ki ka wonyen yo, e kote vòlè pa ka antre pou yo vòlè yo.” — Mat. 6:19, 20, 24.
12 Gen anpil moun ki rann yo kont lè yo viv yon fason ki senp, nonsèlman sa fè yo gen plis kè kontan, men tou, sa fè yo gen plis tan pou yo sèvi Jewova. Gen yon frè ki rele Jack k ap viv Ozetazini ki te vann yon gwo kay ansanm ak yon biznis li te genyen paske l te konnen sa t ap pèmèt li vin pyonye ansanm ak madanm li. Men refleksyon l fè: “Sa te rèd anpil pou n kite bèl kay ak teren nou te genyen nan peyi nou. Men, pandan plizyè ane, m te konn rantre lakay mwen tou fache akoz pwoblèm ki te gen nan travay mwen. Madanm mwen ki te pyonye pèmanan te toujou gen anpil kè kontan. Men sa l te konn di: ‘Mwen gen pi gwo patwon ki te ka genyen an!’ Piske mwen pyonye kounye a tou, nou toule de ap travay pou menm Moun nan, sètadi Jewova.”
w87 15/5 30 § 7
Gen lakrentif pou Jewova e w ap gen kè kontan
◆ 30:15, 16 — Ki sa nou aprann nan egzanp sa yo?
Yo montre jan moun ki ava pa konn satisfè. Sansi pa janm sispann bwè san menm jan moun ki ava toujou ap kouri dèyè plis lajan oswa plis pouvwa. Se konsa tou, Tonm nan pa janm satisfè, li toujou ret bouch ouvè pou l resevwa plis moun mouri. Vant ki pa ka kenbe pitit la ap ‘kriye’ pou pitit (Jenèz 30:1). Tè ki sèch la bwè dlo lapli e li vin sèch byen vit ankò. Yon dife ki fin boule sa yo lage ladan l kontinye voye flanm ki ka boule bagay ki toupre l yo. Se konsa moun ki ava yo ye. Men, moun ki kite sajès Bondye gide yo pa kite mantalite egoyis sa a kontamine yo.
Yon moun ka viv ak sa l genyen — Ki jan sa ka fèt?
Sere kòb pou w achte. Byenke solisyon sa a ka parèt yon solisyon ki pase mòd, an reyalite, lè w sere yon ti kòb pou w achte yon bagay, se youn nan fason ki pi saj pou w evite tonbe nan pwoblèm ekonomik. Grasa metòd sa a, anpil moun pa tonbe nan fè dèt e konsa, yo evite yon pakèt tètchaje, tankou gwo enterè yo t ap gen pou yo peye sou kòb yo prete a, sa ki t ap lakòz sa yo achte a vin koute yo pi chè. Labib pale de foumi kòm yon bèt ki gen sajès, paske “nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la” pou demen. — Pwovèb 6:6-8; 30:24, 25.
Ann fè efò pou Jewova toujou konsidere n kòm envite l!
18 Li bon pou n reflechi sou fason nou konsidere lajan. Mande tèt ou: ‘Èske m toujou ap panse ak lajan e ak sa m ka achte avè l? Si m prete kòb nan men yon moun, èske m pran tan anvan m remèt li paske m panse moun ki prete m kòb la pa bezwen l? Èske paske m gen lajan sa fè m santi m enpòtan e l difisil pou m pran ka lòt moun? Èske m panse si yon frè oswa yon sè gen anpil lajan se paske l materyalis? Èske m fè zanmi ak moun ki rich e m pa vrèman fè zanmi ak moun ki pòv?’ Se pa ti privilèj Jewova fè nou lefètke li envite nou nan tant li! Nou ka kontinye gen privilèj sa a lè n veye pou n pa renmen lajan. Si n fè sa, Jewova pap janm kite nou! — Li Ebre 13:5.
Trezò espirityèl
Nou kapab wè sajès Jewova nan sa l kreye
11 Daman se yon lòt bèt Bondye kreye ki pa twò gwo e ki ka aprann nou kèk bagay ki enpòtan tou. (Li Pwovèb 30:26.) Li yon jan sanble ak yon gwo lapen, men li gen ti zòrèy won e janm li kout. Ti bèt sa a viv nan zòn ki gen anpil wòch. Daman yo gen bon je, e sa se yon pwoteksyon pou yo. Anplis, twou ki gen nan wòch kote yo viv yo sèvi yo kachèt kont bèt k ap chèche manje yo. Daman se yon bèt ki fèt pou l viv an gwoup ak lòt daman parèy li, e sa bon pou li paske sa ba l pwoteksyon e sa pèmèt li rete cho nan sezon fredi.
12 Ki sa nou ka aprann nan men daman yo? Premyèman, bèt sa a pa kite fason pou lòt bèt vin atake l pou yo touye l. Lefètke li wè byen anpil, sa pèmèt li wè bèt k ap chèche manje l yo depi byen lwen. Anplis, li toujou rete toupre twou ki kapab ba l pwoteksyon e ki ka sove lavi l yo. Menm jan an tou, nou bezwen gen yon vizyon espirityèl ki klè yon fason pou nou ka wè danje ki kache nan monn Satan an. Men ki avètisman apot Pyè te bay kretyen yo: “Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun.” (1 Pyè 5:8). Lè Jezi te sou tè a, li te toujou rete veyatif anrapò ak tout bagay Satan t ap eseye fè pou kraze entegrite li (Mat. 4:1-11). Vrèman, Jezi kite yon bèl egzanp pou disip li yo!
13 Yon fason nou ka montre nou veyatif se lè nou pwofite pwoteksyon Jewova ban nou nan domèn espirityèl la. Nou pa ta dwe neglije etidye Pawòl Bondye a ni nou pa ta dwe neglije asiste reyinyon yo (Lik 4:4 ; Ebre 10:24, 25). Mete sou sa, menm jan daman yo viv an gwoup ansanm ak lòt daman parèy yo, nou bezwen rete pwòch frè n ak sè nou yo yon fason “pou yonn kapab ankouraje lòt”. (Wom. 1:12.) Lè nou fè sa nou dwe fè pou nou jwenn pwoteksyon Jewova, nou montre nou dakò ak salmis David ki te ekri: “Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. ” — Sòm 18:2.
15-21 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PROVÈB 31
Leson nou aprann nan enstriksyon yon manman ki gen lanmou bay
Bay pitit nou prensip moral
Di yo tout laverite sou sèks. Pitit nou yo bezwen avètisman nan domèn sa a (1 Korentyen [Korent] 6:18; Jak 1:14, 15). Sepandan, Bib la plis pale de sèks kòm yon kado Bondye ban nou, olye l pale de li kòm yon pyèj Satan tann pou nou (Pwovèb 5:18, 19; Chan Salomon [Kantik] 1:2). Si nou avèti pitit nou sèlman kont danje ki genyen nan sèks, yo kapab vin gen yon move pwennvi sou sijè a, yon pwennvi ki pa biblik. Men sa yon jèn dam an Frans ki rele Korina di: “Paran m te toujou ap ensiste sou imoralite seksyèl, e sa te fè m mal wè sèks.”
Asire nou pitit nou konnen tout laverite sou sèks. Men sa yon manman ki rele Nadya k ap viv Meksik di: “Sa m toujou eseye fè pitit mwen yo ki jèn konnen sèke sèks se yon bagay ki bèl, ki nòmal, e Jewova bay lèzòm li pou yo pran plezi ladan l. Men, se sèlman lè yon moun marye li dwe fè sa. Anplis, mwen fè yo konnen selon fason nou sèvi avè l, li kapab ban nou kè kontan oswa li kapab fè nou soufri.”
Pale ak pitit ou sou bwason ki gen alkòl
Pran devan pou pale sou sijè a. Men sa Mark, yon papa pitit k ap viv nan peyi Grann Bretay di: “Jèn yo pa fin konnen fason yo kapab byen sèvi ak bwason ki gen alkòl. M te mande pitit mwen an ki gen uit an si se yon bagay ki nòmal pou yon moun bwè alkòl. M te kenbe anbyans lan rilaks, san presyon, e konsa li te alèz pou l di m sa l panse.”
Sa w ap di yo sou kesyon bwè alkòl ap plis touche pitit ou si w pale avè l sou sa nan plizyè okazyon. Selon laj pitit ou genyen, ou kapab fè ti pale sou lòt sijè pratik nan lavi a tankou fason pou yon moun ka pwoteje lavi lè l ap kondui oswa sou fason pou n konsidere sèks.
Bay bon egzanp. Timoun renmen imite moun, e rechèch yo fè montre se paran timoun nan ki gen plis enfliyans sou li. Sa vle di, si pitit ou wè depi ou gen pwoblèm oswa depi ou strese, se alkòl ou bwè, l ap vin konprann alkòl se solisyon an pou pwoblèm nou jwenn nan lavi a. Donk, se ou ki pou bay bon egzanp lan. Asire w ou sèvi ak alkòl yon fason ki montre w responsab.
Aprann pitit ou gen imilite
Ankouraje l pou l renmen bay. Montre pitit ou “yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”. (Travay 20:35.) Ki jan w ka fè sa? Nou ka travay ansanm sou yon lis moun ki bezwen èd nan kesyon acha, transpò ak travay ki mande reparasyon. Epi, mennen pitit ou avè w lè w pral ede kèk nan moun sa yo. Montre pitit ou lajwa sa ba ou lè w ap ede moun sa yo ki bezwen èd. Pa gen pi bon fason pou w ede pitit ou aprann gen imilite pase lè w ba l bon egzanp konsa! — Prensip biblik: Lik 6:38.
Trezò espirityèl
w92 1/11 11 § 7-8
Fason yo te leve timoun nan tan biblik yo
7 Nan Izrayèl tan lontan an, ni papa a ni manman an te konn anseye timoun yo depi yo toupiti (Detewonòm 11:18, 19; Pwovèb 1:8; 31:26). Nan yon diksyonè biblik, (Dictionnaire de la Bible), men sa E. Mangenot, yon biblis te ekri: “Depi timoun yo te kòmanse kapab pale, yo te aprann yo kèk pasaj nan Lalwa. Manman yo te konn repete yon vèsè, yonfwa timoun yo te konnen vèsè a manman yo te aprann yo yon lòt vèsè. Annapre, yo te ekri vèsè timoun yo te deja konnen pakè yo bay timoun yo. Konsa, yo te kòmanse aprann timoun yo li e lè yo te vin pi gran yo te ka kontinye suiv enstriksyon nan domèn espirityèl lè yo li e lè yo medite sou lwa Bondye yo.”
8 Sa fè n konprann metòd prensipal yo te konn itilize se te aprann bagay yo pakè. Sa yo te aprann konsènan lwa Jewova yo ak fason Jewova te boule ak pèp li a te dwe antre nan fon kè yo (Detewonòm 6:6, 7). Yo te dwe medite sou yo (Sòm 77:11, 12). Yo te konn sèvi ak divès metòd pou yo te ede ni jèn ni granmoun sonje sa yo te aprann yo. Pami metòd sa yo, te gen akwostich nan lòd alfabetik, vèsè ki vin youn apre lòt nan yon sòm ki kòmanse ak lèt diferan, nan lòd alfabetik (tankou sa ki nan Pwovèb 31:10-31); aliterasyon (mo ki kòmanse ak menm lèt oswa menm son); yo te sèvi ak chif, tankou chif yo itilize nan mwatye Pwovèb 30 lan. Sa enteresan pou n wè, gen kèk biblis ki panse Kalandriye Gezè a, youn nan pi ansyen ti tablo ki gen ekriti ann Ebre sou li, se te devwa yo te bay yon ti gason fè lakay li.
22-28 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EKLEZYAS 1-2
Kontinye bay jenerasyon k ap vini an fòmasyon
‘Konfye bagay sa yo bay gason ki fidèl’
3 Anpil nan nou renmen travay nou e nou ta renmen kontinye fè l nètale. Malerezman, depi nan epòk Adan, chak jenerasyon vin granmoun epi yon lòt ranplase l (Ekl. 1:4). Nan dènye tan sa yo, chanjman sa a vin yon gwo defi pou vrè kretyen yo. Travay pèp Jewova a ap fè a vin pi plis e l vin pi konplike. Lè nou gen nouvo pwojè n ap fè, vin gen nouvo fason pou n fè yo, e byen souvan, sa mande pou n sèvi ak teknoloji k ap chanje byen vit. Gen kèk moun ki pi aje ki ka twouve l difisil pou yo adapte yo ak vitès bagay yo ap vanse (Lik 5:39). Menm lè moun sa yo pa ta nan sitiyasyon sa a, moun ki pi jèn yo ka gen plis fòs ak plis enèji pase yo (Pwo. 20:29). Se sa k fè, li bon pou moun ki pi aje yo prepare moun ki pi jèn yo pou yo aksepte plis responsablite, konsa, yo montre yo gen lanmou. — Li Sòm 71:18.
4 Moun ki gen otorite yo ka pa twouve l fasil pou yo bay moun ki pi jèn yo responsablite. Gen moun ki pè pou yo pa pèdi yon privilèj yo renmen anpil. Gen lòt k ap enkyete yo paske yo pa vle pèdi kontwòl bagay yo, yo kwè moun ki pi jèn yo pa ka travay tankou yo. Gen kèk moun tou ki ka panse yo pa gen tan pou yo fòme lòt moun. Yon lòt bò, moun ki pi jèn yo dwe veye pou yo pa vin pèdi pasyans lè yo wè yo pa ba yo plis responsablite.
Trezò espirityèl
it “Eklezyas” § 1
Eklezyas
Non ebre Kohèlèt (ki vle di “moun k ap rasanble moun nan; moun k ap konvoke moun nan”) byen dekri wòl wa Bondye te chwazi pou dirije pèp Izrayèl la te genyen (Ekl 1:1, 12). Se te responsablite dirijan an pou l fè pèp Bondye te chwazi a ret fidèl ak vrè Wa yo a e ak vrè Dye yo a (1 Wa 8:1-5, 41-43, 66). Se pou rezon sa a, yo t ap konnen yon wa se yon bon wa oswa yon move wa si l te ankouraje pèp la adore Jewova oswa si l pa t ankouraje yo fè sa (2 Wa 16:1-4; 18:1-6). Salomon, moun ki te konn rasanble moun nan, te deja fè anpil efò pou l rasanble pèp Izrayèl la ak konpayon yo, anpalan de moun ki depasaj yo, nan tanp lan. Nan liv sa a, Salomon t ap eseye rasanble pèp Bondye a pou fè pèp la rete lwen bagay ki san valè ki gen nan monn sa a pou yo ka fè bèl travay Bondye te ba yo fè antanke pèp li chwazi. Non liv sa a nan tradiksyon Bib kreyòl nou an soti nan tradiksyon mo Kohèlèt nan vèsyon grèk Bib Septant lan, anpalan de Èklezyastèsʹ (Eklezyas), ki vle di “yon manm legliz (kongregasyon; asanble)”.
29 SEPTANM–5 OKTÒB
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EKLEZYAS 3-4
Fè kòd ki trese an twa a vin pi djanm
Fason n ka kite aparèy elektwonik yo nan plas yo
● Si n byen sèvi ak aparèy elektwonik yo, sa ka ede maryaj nou. Pa egzanp, gen kèk mari ak madanm ki sèvi ak aparèy elektwonik yo pou yo kenbe kontak youn ak lòt, lè yo pa ansanm pandan jounen an.
“Yon senp ti mesaj ki di ‘m renmen w’ oswa ‘m ap panse avè w’ ka gen yon gwo efè sou moun ou marye avè l la.” — Jonathan.
● Si n mal sèvi ak aparèy elektwonik yo sa ka gen yon move efè sou maryaj nou. Pa egzanp, gen kèk moun ki toujou nan telefòn yo oswa ki toujou nan tablèt yo, sa ki fè yo pa gen ase tan pou konjwen yo, ni yo pa ba yo atansyon yo ta dwe ba yo a.
“M sèten, gendelè mari m t ap pi byen kontan pale avè m si m pa t nan telefòn mwen.” — Julissa.
● Gen moun ki di yo ka gen yon konvèsasyon nòmal ak moun yo marye avè l la toutpandan y ap sèvi ak aparèy yo. Men sa yon sosyològ ki rele Sherry Turkle di: “Se yon erè lè moun panse yo ka fè plizyè bagay anmenmtan.” Sanble moun yo panse se yon bon bagay pou yo kapab fè plizyè bagay anmenmtan, men se pa vre. Men sa l di ankò: “Kapasite nou genyen pou n byen fè yon bagay diminye chak fwa nou ajoute yon nouvo bagay pou n fè anmenmtan.”
“Lè m ap pale ak mari m, m santi m byen, men se pa lè l ap plede fè plizyè bagay anmenmtan. Lè l ap fè plizyè bagay anmenmtan, m santi li fè kòmsi m pa t la.” — Sarah.
Sa nou dwe sonje: Fason nou sèvi ak aparèy elektwonik nou yo ka swa ede maryaj nou swa gen move efè sou maryaj nou.
Kenbe ‘flanm ki soti nan Ja’ a limen
12 Ki jan mari ak madanm kapab imite Akila ak Prisil? Reflechi sou tout bagay ou menm ak moun ou marye avè l la bezwen fè. Èske n ta kapab fè kèk nan aktivite sa yo ansanm olye n fè yo apa? Pa egzanp, Akila ak Prisil te konn preche ansanm. Èske nou planifye regilyèman pou n fè sa ansanm? Akila ak Prisil te konn travay ansanm. Se vre, ou menm ak moun ou marye avè l la ka pa gen menm travay, men èske n pa ta ka fè travay nan kay la ansanm (Ekl. 4:9)? Lè youn ede lòt fè yon travay, nou plis santi n tankou yon ekip e sa ban n okazyon pou n pale. Robert ak Linda gen plis pase 50 an depi yo marye. Men sa Robert di: “Pou m sensè, nou pa gen anpil tan pou n pran ti detant ansanm. Men, lè m ap lave vesèl e madanm mwen ap siye yo, oswa lè m ap rache zèb deyò a e l vin ede m, sa fè m kontan anpil. Lè n fè yon seri aktivite ansanm, sa ede n vin pi pwòch youn ak lòt e youn kontinye renmen lòt pi plis.”
13 Sepandan, sonje se pa paske nou ansanm k ap fè n pwòch youn ak lòt. Men sa yon madan marye nan peyi Brezil di: “Sèjousi, gen anpil bagay ki ka fè n distrè. Mwen rann mwen kont, lefètke n ap viv nan menm kay, nou ka panse nou pase tan ansanm. Men, mwen vin konprann viv ansanm se youn, men bay mari m atansyon l bezwen se yon lòt bagay.” Remake ki sa Bruno ak Tays, madanm li, fè pou yo ka sèten yo bay youn lòt atansyon. Men sa Bruno di: “Pandan n ap pase tan ansanm, nou met telefòn nou yon kote e konsa nou byen pwofite moman nou ansanm nan.”
14 Sepandan, ki sa ou menm ak moun ou marye avè l la kapab fè si n pa renmen pase tan ansanm? Petèt nou pa renmen fè menm bagay, oswa petèt youn deranje lòt. Ki sa n kapab fè? Sonje egzanp boukan dife nou te pale de li pi wo a. Li pa vin yon gwo dife yon sèl kou. Yo bezwen met pi gwo bout bwa ladan l ofiramezi. Menm jan an tou, sa n panse si n ta kòmanse pase yon ti moman ansanm chak jou? Chèche fè yon bagay nou toule de renmen, pa fè yon bagay k ap fè n fè kont (Jak 3:18). Lè n ale ti pa ti pa, nou ka rekòmanse renmen youn lòt ankò.
Kenbe ‘flanm ki soti nan Ja’ a limen
3 Pou mari ak madanm kapab kenbe ‘flanm ki soti nan Ja’ a limen, yo toule de bezwen fè efò pou yo gen yon relasyon solid ak Jewova. Ki jan relasyon yo gen ak Jewova a ap ede yo nan maryaj yo? Lè yon mari ak madanm bay amitye yo gen ak Papa yo ki nan syèl la anpil enpòtans, yo suiv konsèy li bay san pèdi tan, e sa ede yo evite yon seri pwoblèm epi rezoud pwoblèm ki ta ka fè yo pa renmen youn lòt menm jan an ankò. (Li Eklezyas 4:12.) Epitou, moun ki gen bon relasyon ak Jewova fè efò pou yo imite l e pou yo imite kalite li genyen, tankou bonte ak pasyans, e lefètke li renmen padone (Efe. 4:32–5:1). Lè yon mari ak madanm demontre kalite sa yo, li pi fasil pou yo kontinye renmen youn lòt. Men sa yon sè ki rele Lena ki gen plis pase 25 an depi l marye di: “Li pi fasil pou w renmen yon moun ki gen bon relasyon ak Jewova e pou w respekte l.”
Trezò espirityèl
it “Lanmou” § 39
Lanmou
“Yon lè pou moun renmen.” Sèl moun yo pa renmen se moun Jewova wè ki pa merite sa, moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal. Yo dwe renmen tout moun sof moun ki montre yo rayi Bondye. Se lè sa a, yo pa dwe demontre lanmou pou yo ankò. Ni Jewova Dye ni Jezi Kris renmen sa ki jis e yo rayi sa lalwa kondane (Sm 45:7; Eb 1:9). Moun pa dwe gen lanmou pou moun ki montre yo rayi Bondye toutbon. An reyalite, sa pap itil anyen pou moun kontinye demontre lanmou pou moun sa yo, paske moun ki rayi Bondye pap byen reyaji devan lanmou Bondye (Sm 139:21, 22; Eza 26:10). Se sa k fè, Bondye gen rezon rayi yo e li fikse yon lè pou l aji kont yo. — Sm 21:8, 9; Ekl 3:1, 8.
6-12 OKTÒB
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EKLEZYAS 5-6
Fason nou ka montre nou gen gwo respè pou Bondye nou an ki estrawòdinè
Annou onore Jewova lè nou demontre nou gen diyite
17 Nou bezwen montre nou gen diyite sitou nan adorasyon n ap bay Jewova. Men sa nou li nan Eklezyas 5:1: “Gade byen ki jan w’ap mete pye ou lakay Bondye a.” Ni Moyiz ni Jozye te jwenn lòd pou yo retire sandal nan pye yo paske yo te kanpe yon kote ki te sen (Egz. 3:5; Joz. 5:15). Yo te dwe fè sa pou yo montre respè yo. Ann Izrayèl, prèt yo te oblije mete kalson an len “pou kò yo pa parèt anba rad la”. (Egz. 28:42, 43.) Sa te anpeche yo ekspoze kò yo yon fason ki chokan lè yo t ap sèvi devan lotèl la. Tout moun ki te fè pati fanmi yon prèt te dwe respekte règ Bondye te etabli anrapò ak fason yo te dwe montre yo gen diyite.
18 Kidonk, onè ak respè mache ak yon adorasyon ki fèt ak diyite. Pou nou merite onè ak respè, nou dwe aji avèk respè. Diyite nou an pa ta dwe sou po. Se pa nan je lèzòm sèlman pou nou parèt yon moun ki gen diyite. Se yon bagay ki ta dwe nan kè nou kote Bondye ap wè l (1 Sam. 16:7 ; Pwo. 21:2). Lè nou gen diyite, sa ta dwe parèt nan konduit nou, nan atitid nou, nan relasyon nou ak lòt moun e menm nan fason nou wè tèt nou. Anfèt, nou ta dwe montre nou gen diyite toutan e li ta dwe parèt nan tout sa n ap fè ak nan tout sa n ap di. Anrapò ak konduit nou ak aparans nou, nou suiv pawòl apot Pòl te di yo: “Nan okenn fason nou pap bay okenn okazyon pou moun trebiche, pou yo pa kritike ministè nou. Men, nan tout domèn, nou rekòmande tèt nou kòm minis Bondye.” (2 Kor. 6:3, 4, NW). Nou fè moun respekte “mesaj Bondye” a “nan tout bagay”. — Tit 2:10.
Amelyore priyè w yo grasa etid ou fè nan Bib la
21 Jezi te priye Bondye avèk anpil respè e avèk anpil lafwa. Pa egzanp, anvan l te resisite Laza, “[li te] leve je l anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m.” (Jan 11:41, 42). Èske priyè w yo montre aklè ou gen yon respè konsa pou Bondye ak yon lafwa konsa nan li? Si w etidye priyè Jezi te bay kòm modèl la, yon priyè ki demontre gwo respè li te gen pou Bondye, w ap wè pwen prensipal ki ladan l yo se sangtifikasyon non Jewova, Wayòm li an ki gen pou l vini ak akonplisman volonte l (Mat. 6:9, 10). Reflechi sou priyè w konn fè yo. Èske yo montre ou bay Wayòm Jewova a, akonplisman volonte l ak sangtifikasyon non l ki sen anpil enpòtans? Se sa yo ta dwe montre.
“Lè w fè yon ve, kenbe pawòl ou”
12 Sepandan, batèm nan se jis yon kòmansman. Se sa k fè, nou vle kontinye viv ann amoni ak ve nou fè a lè n sèvi Bondye fidèlman. Donk, nou ta ka mande tèt nou: ‘Ki pwogrè mwen fè nan lavi m antanke kretyen depi lè m fin batize? Èske m kontinye sèvi Jewova ak tout kè m (Kol. 3:23)? Èske m priye, mwen li Pawòl Bondye a, mwen asiste reyinyon kongregasyon an e m patisipe nan travay predikasyon an toutotan sa posib? Oubyen èske m yon ti jan neglije aktivite espirityèl sa yo?’ Apot Pyè fè konnen nou kapab evite vin inaktif nan sèvis nou si n kontinye mete yon seri kalite sou lafwa nou tankou konesans, andirans ak atachman pou Bondye. — Li 2 Pyè 1:5-8.
Trezò espirityèl
Kesyon lektè yo poze
Eklezyas 5:8 ap pale de yon chèf k ap toupizi moun ki pòv e ki pa fè yo jwenn jistis. Chèf sa a dwe sonje gen yon moun ki gen pi gwo pozisyon oswa ki gen plis otorite pase l nan gouvènman an ki ka ap gade l. E gen lòt moun ki ka menm gen pi gwo pozisyon toujou. Malerezman, nan gouvènman lèzòm yo, tout dirijan sa yo ka nan koripsyon e moun ki fè pati pèp la ap soufri akoz koripsyon ki genyen yo.
Men, menm lè ta sanble pa gen espwa, nou ka jwenn konsolasyon lefètke nou konnen Jewova ap ‘gade menm moun ki gen gwo pozisyon’ nan gouvènman lèzòm yo. Nou ka mande Bondye èd e nou ka lage chay nou yo sou li (Sòm 55:22; Flp. 4:6, 7). Nou konnen “je Jewova ap pwonmennen sou tout tè a, l ap chèche moun k ap sèvi l ak tout kè yo pou l ka itilize fòs li an favè yo”. — 2 Kwo. 16:9.
Kidonk, Eklezyas 5:8 fè n sonje nan ki sitiyasyon gouvènman lèzòm yo ye toutbon, e toujou gen yon moun ki gen plis otorite pase lòt. Sa k pi enpòtan an, vèsè sa a ka ede n sonje se Jewova ki gen pi gwo pozisyon an, wi, se li ki gen plis otorite. Kounye a, l ap dirije pa mwayen Jezi Kris, Pitit li a, ki Wa nan Wayòm nan. Toupisan an, Sila a k ap gade tout moun ak tout bagay, toujou aji avèk jistis, e Pitit li a aji menm jan an.
13-19 OKTÒB
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EKLESYAS 7-8
“Al nan kay ki gen lanmò”
it “Lapenn” § 9
Lapenn
Yon lè pou moun nan lapenn. Eklezyas 3:1, 4 di gen “yon lè pou moun kriye ak yon lè pou moun ri, yon lè pou moun rele paske yo nan lapenn ak yon lè pou moun danse”. Piske tout moun gen pou yo mouri, moun ki gen sajès la pito ale “nan kay ki gen lanmò” pase l al nan kay kote y ap fè fèt (Ekl 7:2, 4; konpare ak Pw 14:13). Konsa, moun ki gen sajès la pwofite posiblite li genyen pou l mete l nan plas lòt moun epi konsole yo, olye l pase sou okazyon sa yo pou l al chèche plezi. Sa ede l sonje li menm tou li gen pou l mouri e li dwe fè efò pou kè l nan bon kondisyon devan Kreyatè l la.
Ann ede moun k ap lite anba strès
15 William, ki gen madanm li mouri sa gen kèk ane, di: “Mwen apresye sa anpil lè lòt moun di m sa yo te renmen lakay madanm mwen. Sa fè m wè yo te renmen l e yo te respekte l. Kalite èd sa a te bon anpil pou mwen. Pawòl yo di ankouraje m anpil, paske mwen te renmen madanm mwen anpil e li te jwe yon gwo wòl nan lavi m.” Men sa Bianca, ki te gen mari l mouri, esplike: “Mwen jwenn konsolasyon lè lòt moun priye avè m e lè yo pataje youn oswa de vèsè avè m. Lè yo pale konsènan mari m e lè yo koute m lè m ap pale konsènan mari m, sa ede m.”
“Kriye ak moun k ap kriye”
16 Pa janm souzestime enpòtans sa genyen pou w priye ak yon kretyen parèy ou ki gen moun pa l ki mouri oswa pou w priye pou li. Menm lè l gendwa difisil pou w eksprime santiman w nan lapriyè akoz emosyon k ap travèse w, lè w sipliye Bondye ak tout kè w pou li, menmsi se ak dlo nan je e ak yon vwa k ap tranble, sa ka fè l jwenn gwo soulajman. Men sa Dalene sonje: “Pafwa, lè kèk sè vin konsole m, m konn mande yo si yo ka priye pou mwen. Byen souvan, lè yo kòmanse priye, li konn difisil pou yo jwenn mo pou yo di, men, apre yo fin di kèk pawòl, vwa yo konn vin pi djanm e yo konn fè priyè ki pi touchan an. Bonjan lafwa yo genyen, lanmou yo ak sousi yo demontre fè lafwa m vin pi solid.”
“Kriye ak moun k ap kriye”
17 Kantite tan yon moun fè nan lapenn ka pa menm ditou ak kantite tan yon lòt moun fè nan lapenn. Se sa k fè n bezwen disponib nonsèlman nan premye jou yo, lè gen anpil zanmi ak anpil moun nan fanmi moun nan ki la, men tou, nan mwa k ap vin apre yo lè lòt moun yo tounen nan aktivite nòmal yo. “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” (Pwo. 17:17). Kretyen yo ka vin yon gwo sous konsolasyon pou yon kretyen parèy yo k ap soufri pandan tout tan l fè ap soufri a. — Li 1 Tesalonisyen 3:7.
18 Pa bliye, moun ki gen moun mouri a ka nan gwo lapenn nan moman anivèsè maryaj li, lè l ap tande kèk mizik, lè l ap gad kèk foto, lè l ap fè kèk aktivite, lè l pran sant yon bagay, lè l tande yon bri oswa lè l nan yon sezon nan ane a. Anpil bagay yon moun marye ki pèdi konjwen l fè poukont li pou premye fwa, tankou asiste yon asanble oswa Memoryal, ka fè l tris anpil. Men sa yon frè di: “M te konnen premye anivèsè maryaj m t ap pase apre madanm mwen fin mouri t ap terib anpil, e sa pa t fasil vre. Men, gen kèk frè ak sè ki te planifye yon ti rankont e yo te envite pi bon zanmi m yo yon fason pou m te ka santi m byen.”
19 Nou bezwen sonje se pa sèlman nan okazyon espesyal yo moun ki gen moun mouri a bezwen ankourajman. Men sa Junia esplike: “Byen souvan, èd frè ak sè yo ban mwen lè pa gen yon fèt espesyal konn bon pou mwen anpil. Ti moman sanzatann sa yo enpòtan anpil pou mwen e yo fè m jwenn anpil konsolasyon.” Se vre nou pa ka retire tout lapenn yon moun santi lè l gen moun pa l ki mouri oswa n pa ka konble tout vid moun sa a santi, men, nou ka rekonfòte l e n ka konsole l kanmenm lè n fè kèk bagay pou n ede l (1 Jan 3:18). Men sa Gaby di: “Mwen gen Jewova anpil rekonesans pou ansyen yo ki gen lanmou ki ede m travèse chak etap difisil mwen rankontre. Yo vrèman fè m santi men Jewova ki plen lanmou toutotou m.”
Trezò espirityèl
“Tout moun ap konnen nou se disip mwen”
18 Pafwa nou ka santi n bezwen al kot yon frè oswa yon sè ki te fè n yon bagay ki te fè n mal. Men, anvan n fè sa, l ap bon pou n poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske m byen konprann sa k pase a?’ (Pwo. 18:13). ‘Èske petèt li pa t fè espre lè l te fè m yon bagay ki fè m mal?’ (Ekl. 7:20). ‘Èske m te deja fè yon moun yon bagay menm jan an?’ (Ekl. 7:21, 22). ‘Si m pale ak moun nan sou sa, èske m ap fè pwoblèm nan vin pi grav?’ (Li Pwovèb 26:20.) Lè n pran tan pou n reflechi sou kesyon sa yo, nou ka vin rann nou kont lanmou n gen pou frè n nan oswa sè n nan ka ede n pou n pa ret ap panse ak sa k te pase a.
20-26 OKTÒB
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EKLEZYAS 9-10
Kenbe yon bon pwennvi sou pwoblèm ou yo
Pinga nou janm “fache kont Jewova”
20 Pa janm bliye vrè koz pwoblèm yo. Sa k fè sa? Se paske nou gendwa responsab kèk nan pwoblèm ki rive nou yo. Si sa rive n, nou bezwen rekonèt tò nou (Gal. 6:7). Pa eseye blame Jewova lè nou jwenn pwoblèm. Poukisa yon atitid konsa pa t ap rezonab? Ann pran yon egzanp. Yon machin gendwa gen kapasite pou l kouri vit anpil. Imajine yon chofè k ap kondui machin sa a ak yon vitès ki egzajere, li depase vitès li te dwe respekte a epi pandan l ap pran yon koub ki difisil, li fè aksidan. Èske nou ta dwe akize moun ki fè machin nan kòmkwa se li ki responsab aksidan an? Non! Menm jan an tou, Jewova kreye nou ak libète pou n deside. Men, li ban nou konsèy tou sou fason pou nou pran desizyon ki saj. Kidonk, poukisa pou n ta blame Kreyatè nou an pou erè nou yo?
21 Nòmalman, se pa sèlman erè ak move aksyon nou yo ki lakòz tout pwoblèm nou yo. Gen kèk ‘evènman moun pa prevwa ki rive nan moman moun pa atann’. (Ekl. 9:11, NW.) Mete sou sa, pinga nou janm bliye se Satan Ledyab ki prensipal responsab tout mechanste ki genyen (1 Jan 5:19; Rev. 12:9). Se li menm ki ènmi an, se pa Jewova! — 1 Pyè 5:8.
Jewova bay moun k ap sèvi l avèk imilite yo anpil valè
10 Imilite fè lavi nou pi fasil. Pafwa, nou ka wè yon seri bagay oswa nou viv yon seri bagay nou ka santi ki pa jis. Wa Salomon, yon moun ki te gen sajès, te di: “Mwen wè esklav ki monte sou cheval, tandiske gen chèf k ap mache apye tankou esklav.” (Ekl. 10:7). Se pa toujou moun ki gen anpil kapasite yo onore. E pafwa se moun ki gen mwens kapasite yo ki resevwa plis onè. Menm lè sa a, Salomon te rekonèt li t ap pi bon pou nou aksepte lavi a jan l vini an olye nou kontrarye poutèt move bagay ki rive (Ekl. 6:9). Si nou gen imilite, n ap wè l pi fasil pou n aksepte lavi a jan l ye a, men pa jan nou panse l ta dwe ye a.
Èske aktivite w fè pou w detann ou yo bon?
NAN tout Bib la, gen pasaj ki montre nonsèlman Jewova vle nou kontinye viv men tou li vle nou jwi lavi nou. Pa egzanp, Sòm 104:14, 15 fè konnen Jewova fè “plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje, pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, luil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs”. Vrèmanvre, Jewova fè plant yo donnen pou pèmèt moun jwenn manje, luil ak diven. Men, diven ‘fè kè lèzòm kontan’, byenke nou pa bezwen l pou nou viv (Ekl. 9:7; 10:19). Wi, Jewova vle pou nou gen “lajwa”. — Tra. 14:16, 17.
2 Pa gen okenn rezon pou nou santi nou koupab si detanzantan nou pran yon ti tan pou nou “gade zwazo nan syèl la byen” ak “flè ki nan savann yo”, oubyen pou nou fè lòt aktivite ki kapab ankouraje nou e ki bay lavi nou yon sans (Mat. 6:26, 28; Sòm 8:3, 4). Yon bèl vi se yon “kado Bondye” bay (Ekl. 3:12, 13). Lè nou konsidere detant kòm yon bagay ki fè pati kado sa a Bondye ban nou an, sa ap fè nou chwazi detant ki fè Bondye plezi.
Trezò espirityèl
it “Tripotay, Medizans” § 4, 8
Tripotay, Medizans
Tripotay ka mennen nan medizans, e sa ap lage moun ki fè medizans lan nan gwo pwoblèm. Sa parèt klè nan pawòl sajès nou jwenn nan Eklezyas 10:12-14, kote l di: “Se bouch moun sòt la ki lakòz lanmò l. Premye pawòl ki sot nan bouch li se pawòl moun sòt, dènye pawòl li yo se pawòl moun fou yo ye e yo ka fè gwo dega. Malgre sa, moun ki sòt la kontinye pale.”
Se vre, tripotay pa toujou lakòz gwo dega (aktout sa, li ka vin tounen medizans oswa mennen nan medizans), men, medizans toujou lakòz gwo dega, li fè moun soufri e li lakòz divizyon. Yon moun ka fè sa nan move entansyon, konsa tou, li ka pa fè sa nan move entansyon. Kèlkeswa jan sa ye, moun k ap fè medizans lan met tèt li nan yon move pozisyon devan Bondye, paske “simen divizyon nan mitan frè” fè pati bagay Bondye rayi (Pw 6:16-19). Mo grèk lè yo tradui l yo mete “medizan” oswa “moun k ap akize moun” pou li a se dyabolòs. Yo itilize mo sa a tou nan Bib la kòm yon tit pou Satan, “Dyab la”, pi gwo medizan ki genyen kont Bondye a (Jan 8:44; Re 12:9, 10; Jen 3:2-5). Sa montre kiyès ki sous tout gwo akizasyon sa yo.
27 OKTÒB–2 NOVANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EKLEZYAS 11-12
Rete an sante, epi byen pwofite lavi a
g 15/3 13 § 6-7
Lè ki fre ak solèy — “Antibyotik” natirèl
Epitou, reyon solèy la gen kapasite natirèl pou l detwi mikwòb. Journal of Hospital Infection esplike “pifò mikwòb ki lakòz enfeksyon moun pran nan lè pa kapab tolere reyon solèy la.”
Ki jan nou ka pwofite “antibyotik” natirèl sa yo? Li ka bon pou w soti deyò kote w ka pase yon kantite tan rezonab nan solèy, epi respire yon lè ki fre. Sa ka byen bon pou ou.
Lavi se yon kado Bondye ban nou, ann ba l anpil valè
6 Menmsi Bib la pa yon liv ki la pou montre n fason pou n pran swen sante n oswa ki sa pou n manje, li fè n konnen ki sa Jewova panse nan domèn sa yo. Pa egzanp, li ankouraje n pou n evite “bagay ki ka fè [n] soufri” e ki ka gen move efè sou sante nou (Ekl. 11:10). Labib di nou pa dwe manje twòp oswa bwè twòp bwason ki gen alkòl, paske sa ka met lavi n an danje (Pwo. 23:20). Jewova vle n gen metriz lè n ap deside ki sa n ap manje e ki kantite n ap manje, ki sa n ap bwè e ki kantite n ap bwè. — 1 Kor. 6:12; 9:25.
7 Nou ka pran yon seri desizyon ki montre n gen anpil rekonesans pou lavi Bondye ban nou an lè n sèvi ak kapasite n genyen pou n reflechi a. (Sòm 119:99, 100; li Pwovèb 2:11.) Pa egzanp, nou montre nou gen bon jijman anrapò ak sa n ap manje. Si n renmen yon manje nou konnen k ap fè n malad, n ap montre n gen bonsans lè n pa manje manje sa a. Nou montre n gen bonsans tou lè n dòmi kantite tan n dwe dòmi, lè n fè egzèsis regilyèman, lè n gen bon ijyèn e lè n kenbe kay nou pwòp.
“Se pou nou obeyi pawòl la”
2 Sèvitè Jewova yo gen kè kontan. Sa k fè sa? Nou gen anpil rezon pou kè n kontan. Men, youn ladan yo se paske nou li Pawòl Bondye a chak jou e nou fè anpil efò pou n aplike sa n li yo. — Li Jak 1:22-25.
3 Gen plizyè fason nou jwenn byenfè lè n “obeyi pawòl la”. Pa egzanp, lè n aplike sa n aprann nan Pawòl Bondye a, nou fè Jewova plezi e sa fè kè n kontan (Ekl. 12:13). Pandan n ap aplike sa nou li nan Pawòl Bondye a, nou vin gen pi bon relasyon ak moun nan fanmi nou e ak kwayan parèy nou. Petèt nou deja viv sa. Mete sou sa, nou evite anpil pwoblèm moun ki pa suiv prensip Jewova yo jwenn. Se sèten n ap dakò ak yon pawòl wa David te di. Nan yon chante l te chante, apre l te fin pale konsènan lwa Jewova bay, lòd Li bay ak jijman L fè, li te di: “Moun ki suiv yo jwenn anpil avantaj.” — Sòm 19:7-11.
Trezò espirityèl
it “Enspirasyon” § 10
Enspirasyon
Men, prèv yo montre mesye Bondye te itilize pou ekri Bib la pa t tankou senp wobo ki te jis ap ekri sa yo t ap dikte yo. Selon sa nou li, “Bondye soufle” Jan Revelasyon an pa mwayen yon zanj ki te sèvi “ak senbòl”, e apre sa, Jan te “bay temwayaj sou pawòl Bondye a ak sou temwayaj Jezi Kris te bay la, wi, sou tout bagay li te wè yo.” (Re 1:1, 2). Se te “anba pouvwa lespri sen” Jan “te vin twouve [l] nan jou Seyè a”, lè yo te di l: “Ekri sa w wè a nan yon woulo.” (Re 1:10, 11). Konsa, sanble Bondye te wè l bon pou l kite moun ki te patisipe nan ekri Bib la itilize kapasite mantal yo pou yo chwazi mo ak ekspresyon pou yo esplike vizyon yo te wè yo (Ab 2:2), toutpandan Bondye kontinye dirije yo epi gide yo pou sa yo ekri yo nonsèlman egzak e yo verite, men tou pou yo ann amoni ak objektif Jewova (Pw 30:5, 6). Efò pèsonèl ekriven yo te fè yo parèt nan pawòl nou jwenn nan Eklezyas 12:9, 10, ki montre yo te reflechi, fè bonjan rechèch, epi ranje pawòl yo nan lòd yon fason pou yo ka jwenn “bèl pawòl [ak] pawòl ki verite e ki egzak.” — Konpare ak Lk 1:1-4.