19-25 JANVYE
EZAYI 24-27
Kantik 159 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)
1. “Men Bondye nou an!”
(10 min.)
Nou gen anpil bon rezon pou nou fyè de Jewova, Bondye nou an (Eza 25:9; cl 17 § 21)
Li pwomèt l ap ban nou anpil bon bagay nan monn nouvo a, sa gen ladan l bon manje agogo (Eza 25:6; w24.12 6 § 14)
L ap ban nou lavi pou toutan (Eza 25:7, 8; w25.01 28-29 § 11-12)
MANDE TÈT OU: ‘Pandan semèn sa a, ki moun mwen ta ka pale de pwomès Jewova yo avè l?’
2. Trezò espirityèl
(10 min.)
Eza 24:2 — Ki sa k fè pawòl ki nan vèsè sa a diferan nan edisyon revize Tradiksyon monn nouvo a? (w15 15/12 17 § 1-3)
Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?
3. Lekti Labib
(4 min.) Eza 25:1-9 (th leson 10)
4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon
(3 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Chèche konn ki sijè ki enterese moun nan. Montre moun nan yon bagay sou jw.org, sit nou an. (lmd leson 1 pwen 3)
5. Pousuiv enterè moun yo
(4 min.) KAY AN KAY. Pataje yon verite nan Apendis A bwochi Renmen moun nan. (lmd leson 9 pwen 4)
6. Esplike kwayans ou
(5 min.) Demonstrasyon. ijwbq atik 160 — Tèm: Poukisa yo rele Jezi Pitit Bondye? (th leson 3)
Kantik 144
7. Konte sou Jewova nèt lè w ap prepare w pou w al lopital oswa pou w fè operasyon
(15 min.) Konvèsasyon.
Jewova pwoteje “moun ki konte sou [li] nèt yo”. (Li Ezayi 26:3.) Lè n ap prepare nou pou sitiyasyon ki mande pou n al lopital, nou ka montre nou konte sou Jewova nèt lè nou pwofite èd li ban nou pa mwayen òganizasyon l lan.
Pase VIDEYO Èske w pare pou sitiyasyon ki mande pou w al lopital? Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:
Ki twa bagay ki kapab ede nou prepare n pou sitiyasyon ki mande pou n al lopital?
Ki jan dokiman medikal yoa kapab ede nou?
Ki lè li pi bon pou n kontakte Komite lyezon ospitalye a?
Ki jan n santi nou lè nou wè fason Jewova ede nou avèk lanmou?
Pwomès Jewova fè nou nan Ezayi 26:3 pou l ban nou “lapè nètale” a pa vle di l ap pwoteje nou pou n pa janm malad. Okontrè, grasa èd li ban nou avèk lanmou pa mwayen òganizasyon l lan, li ede n santi nou an sekirite e nou anpè nan moman sa yo.
8. Etid biblik kongregasyon an
(30 min.) lfb leson 54-55
Pawòl konklizyon (3 min.) | ak priyè
a Ou kapab mande ansyen nan kongregasyon w fòmilè Enfòmasyon pou fi ki ansent (S-401), Enfòmasyon pou moun malad ki oblije sibi operasyon oubyen chimyoterapi (S-407), ak Fason paran yo ka pwoteje pitit yo pou yo pa ba yo san (S-55).