23-29 MAS
EZAYI 48-49
Kantik 89 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)
1. Byenfè nou jwenn lè n suiv ansèyman Jewova yo
(10 min.)
Jewova anseye sèvitè l yo (Eza 48:17; it “Anseyan, Ansèyman” § 2)
Nou dwe chwazi suiv ansèyman Jewova yo (Eza 48:18a; ijwbq atik 44 § 2-3)
Konsa, lapè nou genyen an ap vin anpil “tankou dlo nan yon rivyè” e aksyon ki dwat nou fè yo ap vin “tankou lanm lanmè” (Eza 48:18b; lv 199 § 8)
DEFINISYON: Mo ebre lè yo tradui l yo mete “lapè” pou li a kapab bay sans sante, sekirite, estabilite, byennèt, zanmitay, antye oswa konplè.
2. Trezò espirityèl
(10 min.)
Eza 49:8 — Ki twa akonplisman pwofesi sa a genyen? (it “Tan ki apwouve” § 1-3)
Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?
3. Lekti Labib
(4 min.) Eza 48:9-20 (th leson 11)
4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon
(3 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Envite yon moun nan fanmi w ki inaktif pou l vin asiste diskou espesyal la ak Memoryal la. (lmd leson 5 pwen 3)
5. Pousuiv enterè moun yo
(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Esplike yon moun ki ta renmen asiste Memoryal la fason nou selebre l. (lmd leson 9 pwen 3)
6. Pousuiv enterè moun yo
(5 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Apre diskou Memoryal la, reponn kesyon yon moun ki te vin asiste. (lmd leson 8 pwen 3)
Kantik 107
7. Byen pwofite jou ki pi enpòtan nan ane a
(15 min.) Konvèsasyon.
Lè nou asiste Memoryal la chak ane, sa ban nou posiblite pou n obeyi lòd Jezi te bay la e pou n demontre rekonesans pou ranson an ki se yon kado Jewova ban nou (Lk 22:19). Mete sou sa, se yon okazyon ki raple nou jis nan ki pwen Jewova ak Pitit Gason l lan renmen nou (Ga 2:20; 1J 4:9, 10). Ki jan nou ka pi byen pwofite dispozisyon sa a ki soti nan Jewova? Ki jan n ka ede moun ki enterese yo fè sa tou?
Prepare w lè w egzamine yon pati nan lekti Labib pou Memoryal la chak jou
Medite sou ranson an ki se yon kado ak fason w ka montre ou gen rekonesans pou kado sa a nan lavi w
Patisipe ak tout kè w nan kanpay la lè w envite moun ou konnen, fanmi w, ak moun nan tèritwa a nan diskou espesyal la ak Memoryal la
Akeyi moun ki vin nan Memoryal la ak yon bèl souri e ak yon bèl salitasyon. Toutpandan w ap byen akeyi moun ou te envite yo, gade ki fason ou ka ede moun ki te resevwa envitasyon an pandan kanpay la, epi envite yo chita bò kote w
Mete w disponib pou w reponn kesyon moun k ap vizite yo
Sonje byen akeyi moun ki inaktif yo. Ansyen yo ap sitou veye pou yo byen akeyi moun yo te retire nan kongregasyon an
Pase VIDEO Jezi ‘vin chèche moun ki pèdi yo, e li vin sove yo’. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:
Ki sa w te aprann sou enpòtans pou w byen akeyi inaktif yo nan Memoryal la?
8. Etid biblik kongregasyon an
(30 min.) lfb leson 72-73