ATIK ETID 7
Pi byen pwofite lekti w ap fè nan Bib la
“Ki jan w konprann sa w li yo?” — LIK 10:26.
KANTIK 97 Nou bezwen Pawòl la
SA NOU PRAL WÈa
1. Ki sa k montre Ekriti yo te enpòtan pou Jezi?
IMAJINE jan sa te ye pou yon moun tande Jezi k ap anseye. Byen souvan, li te konn site Ekriti sakre yo pa kè! Anfèt, premye pawòl Jezi te di lè l te fin batize e kèk nan dènye pawòl li te di anvan l mouri te soti nan Ekriti yob (Det. 8:3; Sòm 31:5; Lik 4:4; 23:46). E pandan twazan edmi ki te pase ant batèm Jezi ak lanmò l, souvan, li te konn li pasaj nan Ekriti yo devan lòt moun, li te konn site yo e l te konn esplike yo tou. — Mat. 5:17, 18, 21, 22, 27, 28; Lik 4:16-20.
Pandan tout vi Jezi, li te montre l renmen Ekriti yo e l te kite yo gide fason l aji. (Gade paragraf 2.)
2. Pandan Jezi t ap grandi, ki sa k te ede l konn Ekriti yo byen? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)
2 Plizyè ane anvan Jezi te kòmanse sèvis li, li te konn li Pawòl Bondye a souvan e l te konn tande lè yo t ap li l tou. Lè Jezi t ap viv lakay paran l, Jozèf ak Mari, sandout li te konn tande yo k ap site Ekriti yo lè y ap pale ak fanmi an chak jouc (Det. 6:6, 7). Se sèten Jezi te konn al nan sinagòg la ak fanmi l chak saba (Lik 4:16). Pandan l te nan sinagòg la, li dwe te konn byen koute pandan y ap li Ekriti yo. Rive yon lè, Jezi te aprann li Ekriti sakre yo poukont li. Se sa k fè, nonsèlman Jezi te konn Ekriti yo byen, men tou, li te renmen yo e l te kite yo gide l nan fason l t ap aji. Pa egzanp, sonje sa k te pase nan tanp lan lè Jezi te gen 12 an. Anseyan ki te byen konn Lwa Moyiz la te “ret bouch ouvè lè yo wè jan [Jezi] te konprann bagay yo e devan repons li t ap bay”. — Lik 2:46, 47, 52.
3. Ki sa n pral wè nan atik sa a?
3 Nou menm tou nou ka aprann konnen Pawòl Bondye a e n ka vin renmen l lè n li l regilyèman. Sepandan, ki jan n ka pi byen pwofite sa n ap li a? Gen anpil bagay nou ka aprann nan sa Jezi te di moun ki konn Lalwa yo, san wete sa l te di espè nan Lalwa yo, Farizyen yo ak Sadiseyen yo. Chèf relijye sa yo te konn li Ekriti yo souvan, men, yo pa t byen pwofite sa yo t ap li a. Jezi te montre gen twa bagay mesye sa yo pa t fè ki te anpeche yo byen pwofite Ekriti yo. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan sa Jezi te di mesye sa yo ap pi byen ede n pou n 1) konprann sa nou li yo, 2) jwenn trezò espirityèl, e 3) kite Pawòl Bondye a chanje nou.
LI YON FASON POU W KONPRANN
4. Ki sa Lik 10:25-29 aprann nou sou fason pou n li Pawòl Bondye a?
4 Nou bezwen konprann sa n li nan Pawòl Bondye a. Si n pa konprann, nou ka pa byen pwofite sa n li a. Pa egzanp, reflechi sou konvèsasyon Jezi te genyen ak “yon mesye ki konn Lalwa byen”. (Li Lik 10:25-29.) Lè mesye a te mande ki sa l te bezwen fè pou l gen lavi ki pap janm fini an, Jezi te ede l jwenn repons lan nan Pawòl Bondye a. Jezi te mande mesye a: “Ki sa ki ekri nan Lalwa? Ki jan w konprann sa w li yo?” Mesye a te rive bay bon repons lan lè l te site pasaj nan Ekriti yo ki di nou dwe renmen Bondye e nou dwe renmen pwochen nou (Lev. 19:18; Det. 6:5). Men, remake sa mesye a te mande annapre: “Kiyès menm ki pwochen m?” Mesye a te montre li pa t byen konprann sa l te li a. Se sa k fè li pa t konn ki jan pou l byen aplike pawòl sa yo nan lavi l.
Ann aprann li yon fason pou n konprann sa n ap li.
5. Lè n priye e n pran san n pou n li Pawòl Bondye a, ki jan sa ap ede n pi byen konprann li?
5 Nou ka pi byen konprann Pawòl Bondye a lè n chèche gen bon abitid lè n ap li l. Gen kèk bagay nou ka fè ki kapab ede n. Pa egzanp, Priye anvan w kòmanse li. Nou bezwen èd Jewova pou n konprann Ekriti yo, se sa k fè nou kapab mande l lespri sen l pou ede n ret konsantre sou sa n ap li a. Apre sa, pran san w lè w ap li. Sa ap ede w konprann sa w ap li a. Ou ka twouve l bon pou w li Bib la awotvwa oswa pou w koute yon anrejistreman odyo Bib la pandan w ap li l. Si w koute anrejistreman odyo Bib la toutpandan w ap li l, sa ka ede w konprann Pawòl Bondye a, sa ka ede w sonje l e sa ap touche kè w plis (Joz. 1:8). Lè w fin li, priye ankò pou w di Jewova mèsi pou Pawòl li a li fè n kado e pou w mande l ede w aplike sa w li a.
Sa k fè lè w pran kèk nòt pandan w ap li, sa ka ede w konprann sa w ap li a epi sonje l? (Gade paragraf 6.)
6. Poukisa lè w poze tèt ou yon seri kesyon e w pran kèk nòt, sa ka ede w pandan w ap li? (Gade foto a tou.)
6 Men de lòt bagay ou kapab fè pou w pi byen konprann Bib la. Poze tèt ou kesyon sou sa w ap li a. Lè w ap li yon istwa nan Bib la, mande tèt ou: ‘Konsènan kiyès y ap pale nan istwa sa a? Kiyès k ap pale a? Ak kiyès l ap pale, e poukisa? Ki kote e ki lè bagay sa yo ap pase?’ Kesyon konsa ap ede w reflechi sou sa w ap li a e y ap ede w konprann pwen enpòtan ki nan pasaj w ap li a. Epitou, pran kèk ti nòt pandan w ap li. Lè w ekri, sa fè lespri w ret konsantre sou sa w ap li a e sa ede w konprann li pi byen. Epitou, lè w ekri, sa ede w sonje sa w li a tou. Ou ka ekri kèk kesyon, ou ka ekri kèk bagay ou jwenn pandan w ap fè rechèch, ou ka ekri pwen enpòtan yo, ou ka note jan sa w li a ka itil ou, oubyen ou ka annik note jan sa w li a fè w santi w. Lè w pran nòt konsa, sa ka ede w wè Pawòl Bondye a kòm yon mesaj li ekri w pèsonèlman.
7. Ki kalite nou bezwen genyen lè n ap li, e poukisa? (Matye 24:15).
7 Jezi te montre nou bezwen gen bon jijman: yon kalite enpòtan k ap ede n konprann sa n li nan Pawòl Bondye a. (Li Matye 24:15.) Ki sa bon jijman ye? Se kapasite yon moun genyen ki ede l wè rapò yon ide gen ak yon lòt, diferans ki gen ant ide sa a ak yon lòt, epi chèche konprann sa yo pa di aklè. Anplis de sa, Jezi te montre nou bezwen gen bon jijman pou n ka rive wè evènman k ap reyalize pwofesi ki nan Bib la. Nou bezwen gen bon jijman tou pou n ka byen pwofite tout sa nou li nan Bib la.
8. Ki jan n ka sèvi ak bon jijman lè n ap li?
8 Jewova bay sèvitè l yo bon jijman. Se sa k fè nou bezwen priye l pou n mande l ede n vin gen kalite sa a (Pwo. 2:6). Ki jan w ka aji ann amoni ak priyè w? Pran san w pou w egzamine sa w ap li a, e chèche wè rapò l genyen ak sa w deja konnen. Youn nan bagay ki kapab ede w, se lè w fè rechèch nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la, pa egzanp, nan Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la. Piblikasyon sa yo ap ede w konprann sans yon pasaj nan Bib la e y ap ede w wè fason w ka aplike l nan lavi w (Ebre 5:14). Lè w sèvi ak bon jijman pandan w ap li Bib la, w ap pi byen konprann sa w ap li a.
LI YON FASON POU W JWENN TREZÒ ESPIRITYÈL
9. Ki verite enpòtan ki nan Bib la Sadiseyen yo pa t aksepte?
9 Sadiseyen yo te byen konnen senk premye liv nan Liv ki te ekri ann ebre yo, men yo pa t aksepte verite enpòtan ki nan liv sa yo. Pa egzanp, reflechi sou jan Jezi te reponn lè Sadiseyen yo te poze l kesyon sou rezirèksyon an pou yo te ka teste l. Li te mande yo: “Èske nou pa li nan liv Moyiz la, nan istwa sou ti pye pikan ki t ap boule a, sa Bondye te di l: ‘Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb’?” (Mak 12:18, 26). Menm lè Sadiseyen yo te li pasaj sa a plizyè fwa, kesyon Jezi te poze a te montre yo pa t aksepte yon verite enpòtan ki nan Bib la, anpalan de ansèyman sou rezirèksyon an. — Mak 12:27; Lik 20:38.d
10. Ki sa nou bezwen veye lè n ap li?
10 Ki leson nou aprann? Lè n ap li Bib la, nou bezwen chèche wè tout sa yon vèsè oswa yon istwa ka aprann nou. Se pa ansèyman debaz yo sèlman nou bezwen chèche konprann, men, nou bezwen konprann verite ak prensip yo ki pi pwofon yo tou.
11. Selon 2 Timote 3:16, 17, ki jan w ka jwenn trezò nan Bib la?
11 Ki jan w ka jwenn trezò espirityèl lè w ap li Bib la? Ann egzamine sa 2 Timote 3:16, 17 di. (Li vèsè yo.) Remake li di “tout sa ki nan Ekriti yo [...] itil” pou 1) anseye, 2) reprimande, 3) fè bagay yo vin dwat, e 4) bay disiplin. Ou ka jwenn kat byenfè sa yo menm nan liv nan Bib la ou pa itilize souvan yo. Egzamine istwa w ap li a pou w wè sa l anseye w sou Jewova, sou objektif li, oswa sou prensip li yo. Reflechi pou w wè jan l itil pou reprimande. Fè sa toutpandan w ap chèche wè ki jan vèsè w ap li yo ede w wè yon seri tandans ak atitid ou genyen ki pa bon, fason pou w evite yo ak sa w ka fè pou w ret fidèl. Gade pou w wè ki jan w ka sèvi ak pasaj sa a pou w fè bagay yo vin dwat, oswa pou w korije fason yon moun panse ki pa kòrèk, petèt yon bagay yon moun di pandan n nan travay predikasyon an. Epitou, chèche wè ki disiplin vèsè yo bay ki kapab ede w wè bagay yo menm jan ak Jewova. Lè w toujou sonje kat byenfè sa yo, sa ap ede w jwenn trezò espirityèl e sa ap ede w byen pwofite lekti w ap fè nan Bib la.
KITE SA W LI YO TOUCHE KÈ W
12. Poukisa Jezi te mande Farizyen yo: “Èske nou pa li”?
12 Pou Jezi te montre Farizyen yo pa t byen konprann Ekriti yo, li te poze yo menm kesyon an tou: “Èske nou pa li?” (Mat. 12:1-7)e. Lè sa a, Farizyen yo te fè konprann disip Jezi yo te vyole saba. Se sa k fè Jezi te pran de egzanp nan Ekriti yo e l te site yon vèsè nan liv Oze a pou l montre Farizyen yo pa t byen konprann rezon ki fè yo te bay lwa sou saba a e yo pa t montre yo gen mizèrikòd. Poukisa mesye sa yo pa t kite sa yo te li nan Pawòl Bondye a touche kè yo? Paske yo te ret ap kritike e yo te gen ògèy. Atitid yo te genyen an te anpeche yo konprann sa yo te li yo. — Mat. 23:23; Jan 5:39, 40.
13. Ki atitid nou bezwen genyen lè n ap li Bib la, e poukisa?
13 Pawòl Jezi te di yo aprann nou nou bezwen gen yon bon atitid lè n ap li Bib la. Kontrèman ak Farizyen yo, nou dwe gen imilite e nou dwe dispoze aprann. Nou dwe “aksepte pou pawòl la [...] anrasinen nan nou”, e nou dwe fè sa “avèk dousè”. (Jak 1:21.) Si nou gen dousè, n ap kite Pawòl Bondye a chanje moun nou ye a. Leson nou aprann nan Bib la konsènan mizèrikòd, konpasyon ak lanmou ap touche kè n si n pa renmen kritike oswa si n pa gen ògèy.
Ki jan n ka konnen si n kite Pawòl Bondye a touche kè n? (Gade paragraf 14.)f
14. Ki jan n ap ka konnen si n kite Bib la touche kè nou? (Gade foto yo tou.)
14 Fason n aji ak lòt moun ka montre si n kite Pawòl Bondye a touche kè n. Farizyen yo pa t kite Pawòl Bondye a touche kè yo, se sa k fè yo te “kondane moun ki inosan”. (Mat. 12:7.) Menm jan an tou, fason n wè lòt moun e fason n aji ak yo montre si n kite Pawòl Bondye a touche kè n. Pa egzanp, èske n gen tandans pale sou bèl kalite nou wè lòt moun genyen, oswa nou toujou pare pou n pale sou defo yo genyen? Èske n gen mizèrikòd e n pare pou n padone, oswa èske n renmen kritike e n gen tandans kenbe moun sou kè? Repons nou chak bay pou kesyon sa yo ap montre si n kite sa n li yo aji sou panse nou, sou santiman nou epi gide n nan fason n ap aji. — 1 Tim. 4:12, 15; Ebre 4:12.
LÈ N LI PAWÒL BONDYE A, N AP GEN KÈ KONTAN
15. Ki enpòtans Ekriti sakre yo te gen pou Jezi?
15 Jezi te renmen Ekriti sakre yo, e gen yon pwofesi nan Sòm 40:8 ki te anonse enpòtans Ekriti yo t ap gen pou li. Men sa pwofesi a di: “O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. Lwa w yo nan fon kè m.” Se sa k fè li te gen kè kontan e li te reyisi nan sèvis li t ap bay Jewova a. Nou menm tou nou ka gen kè kontan e nou ka reyisi nan sèvis nou si nou li Pawòl Bondye a e nou aprann renmen l. — Sòm 1:1-3.
16. Ki sa w ka fè pou w pi byen pwofite lekti w ap fè nan Pawòl Bondye a? (Gade kare ki gen tit “Pawòl Jezi te di yo kapab ede w pou w konprann sa w ap li”.)
16 Ann amoni ak sa Jezi te di ak egzanp li te bay, ann chèche amelyore fason n ap li Bib la. N ap pi byen konprann vèsè ki nan Bib la lè n priye, lè n pran san n pou n li, lè n poze kesyon, e lè n pran kèk nòt. Nou ka sèvi ak bon jijman lè n byen egzamine sa n ap li, toutpandan n ap itilize piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la pou ede n. Nou ka aprann itilize Bib la pi byen, menm pasaj nou pa itilize souvan yo, lè n chèche jwenn trezò espirityèl ki nan pasaj sa yo. E nou ka kite Pawòl Bondye a touche kè n lè n gen yon bon atitid pandan n ap li. Lè n fè efò pou n fè bagay sa yo n ap pi byen pwofite lekti n ap fè nan Bib la e n ap vin pi pwòch Jewova. — Sòm 119:17, 18; Jak 4:8.
KANTIK 95 Limyè a vin pi klere
a Nou tout k ap adore Jewova, nou fè efò pou n li Pawòl li a chak jou. Gen anpil lòt moun ki li Labib tou, men, yo pa vrèman konprann sa yo li a. Sa te rive kèk moun nan epòk Jezi a tou. Lè n egzamine sa Jezi te di moun ki li Pawòl Bondye a, n ap jwenn yon seri leson k ap ede n byen pwofite lekti n ap fè nan Bib la.
b Lè Jezi t ap batize e lespri sen te desann sou li, pa gen dout li te sonje lavi l te genyen anvan l te vin sou tè a. — Mat. 3:16.
c Mari te konn Ekriti yo byen e l te konn site yo (Lik 1:46-55). Sanble Jozèf ak Mari pa t gen mwayen pou yo te achte kopi Ekriti pa yo. Yo dwe te konn byen koute Pawòl Bondye a lè yo t ap li l nan sinagòg la pou yo te ka sonje sa yo te tande yo.
d Gade atik ki gen tit “Annou pwoche bò kote Bondye — ‘Li se Bondye moun ki vivan’” ki parèt nan Toudegad 1ye fevriye 2013.
e Gade Matye 19:4-6 tou, kote Jezi te poze Farizyen yo menm kesyon sa a: “Èske nou pa li?” Menm lè yo te li istwa sou kreyasyon an, yo pa t bay sa l anseye sou fason Bondye wè maryaj okenn enpòtans.
f ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan yon reyinyon nan yon Sal Wayòm, youn nan frè k ap ede nan sèvis odyo videyo a fè anpil erè. Men, apre reyinyon an, frè yo felisite l pou efò l fè olye yo ret ap pale sou erè l te fè yo.