BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w24 septanm p. 2-7
  • “Se pou nou obeyi pawòl la”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Se pou nou obeyi pawòl la”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZÈVE TAN POU N LI PAWÒL BONDYE A
  • MEDITE SOU SA W LI YO
  • CHÈCHE GEN OBJEKTIF KI REZONAB
  • KITE PAWÒL BONDYE A ‘TRAVAY NAN OU’
  • Chèche gen sajès lè w li Bib la chak jou
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Fason pou n gen plis kè kontan nan travay fè disip la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
w24 septanm p. 2-7

ATIK ETID 36

KANTIK 89 Koute, obeyi, w ap jwenn benediksyon

“Se pou nou obeyi pawòl la”

“Se pou nou obeyi pawòl la, se pa pou nou ret ap tande l sèlman.” — JAK 1:22.

PWEN KLE

Atik sa a pral ede n chèche gen plis anvi pou n li Pawòl Bondye a chak jou, men tou, pou n reflechi sou sa nou li a e pou n aplike l plis toujou nan lavi nou.

1-2. Ki sa k fè sèvitè Bondye yo gen kè kontan? (Jak 1:​22-25).

JEWOVA ak Pitit Gason l lan li renmen anpil la vle n gen kè kontan. Men sa moun ki te ekri Sòm 119:2 a di: “Byennere moun ki suiv rapèl li yo, ki chèche l ak tout kè yo.” Men sa Jezi te fè konnen: “Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” — Lik 11:28.

2 Sèvitè Jewova yo gen kè kontan. Sa k fè sa? Nou gen anpil rezon pou kè n kontan. Men, youn ladan yo se paske nou li Pawòl Bondye a chak jou e nou fè anpil efò pou n aplike sa n li yo. — Li Jak 1:​22-25.

3. Lè n aplike sa nou li nan Pawòl Bondye a, ki jan sa ede n?

3 Gen plizyè fason nou jwenn byenfè lè n “obeyi pawòl la”. Pa egzanp, lè n aplike sa n aprann nan Pawòl Bondye a, nou fè Jewova plezi e sa fè kè n kontan (Ekl. 12:13). Pandan n ap aplike sa nou li nan Pawòl Bondye a, nou vin gen pi bon relasyon ak moun nan fanmi nou e ak kwayan parèy nou. Petèt nou deja viv sa. Mete sou sa, nou evite anpil pwoblèm moun ki pa suiv prensip Jewova yo jwenn. Se sèten n ap dakò ak yon pawòl wa David te di. Nan yon chante l te chante, apre l te fin pale konsènan lwa Jewova bay, lòd Li bay ak jijman L fè, li te di: “Moun ki suiv yo jwenn anpil avantaj.” — Sòm 19:​7-11.

4. Sa k fè l pa toujou fasil pou n aplike sa n li nan Pawòl Bondye a?

4 Nòmalman, pou n obeyi Pawòl Bondye a, nou bezwen li Labib epi etidye l pou n ka konprann sa Jewova vle nou fè. Men, an reyalite, sa pa toujou fasil paske nou gen anpil aktivite. Donk, nou dwe chèche jwenn tan pou n fè sa. Ann wè kèk konsèy ki ka ede n li Labib chak jou. Epitou, nou pral wè ki sa k ap ede n reflechi sou sa nou li yo epi chèche wè ki jan n ka aplike sa nou aprann yo nan lavi nou.

REZÈVE TAN POU N LI PAWÒL BONDYE A

5. Ki responsablite ki pran anpil nan tan nou?

5 Pifò sèvitè Jewova yo okipe anpil. Nou pase anpil tan ap fè divès aktivite Bib la fè konnen ki enpòtan. Pa egzanp, pifò nan nou travay pou n pran swen tèt nou ak fanmi nou (1 Tim. 5:8). Anpil frè ak sè ap pran swen moun nan fanmi yo ki malad oswa ki granmoun. E nou tout bezwen pran swen sante nou, sa ki mande tan. Mete sou sa, nou gen aktivite pou n fè nan kongregasyon an. Yon gwo responsablite nou genyen se patisipe ak tout kè n nan travay predikasyon an. Piske nou gen tout responsablite sa yo, ki jan n ka jwenn tan pou n li Labib chak jou, pou n medite sou sa nou li yo, epi fè efò pou n aplike yo?

6. Ki jan nou ka bay lekti n ap fè nan Bib la priyorite? (Gade foto a tou.)

6 Lekti Labib se youn nan “bagay ki pi enpòtan” pou nou antanke kretyen. Se sa k fè nou bezwen ba l priyorite (Flp. 1:10). Men sa premye chapit nan liv Sòm nan di konsènan moun ki byennere a: “Li pran plezi nan lwa Jewova a e li li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit.” (Sòm 1:​1, 2). Sa montre aklè nou bezwen rezève tan pou n li Labib. Ki pi bon lè pou n fè sa? Nou chak ka chwazi lè ki pi bon pou nou an. Men, sa ki enpòtan, se chwazi yon lè k ap pèmèt nou li Bib la chak jou. Men sa yon frè ki rele Victor di: “Mwen renmen fè lekti Labib mwen nan maten. Menm lè m pa yon moun ki renmen leve bonè, gen mwens bagay ki ka fè m distrè lè sa a. Lespri m klè e m ka konsantre pi byen.” Petèt se menm bagay la pou ou tou. Mande tèt ou: ‘Ki lè ki pi bon pou mwen pou m li Labib?’

Yon sè k ap li Labib pandan tipitit fi l ap dòmi nan yon chanm toupre a.

Ki pi bon lè pou w li Bib la chak jou? (Gade paragraf 6.)


MEDITE SOU SA W LI YO

7-8. Ki sa k ka anpeche n byen pwofite sa nou li yo? Bay yon egzanp.

7 An reyalite, nou ka li yon pakèt bagay san nou pa vrèman kenbe anyen nan lespri nou. Èske sa konn rive w ou li yon bagay epi yon ti tan annapre ou pa ka sonje sa w sot li a? Sa rive nou tout. Malerezman, sa ka rive nou tou lè n ap li Labib. Petèt, nou gen objektif pou n li kèk chapit nan Bib la chak jou. Se yon bon bagay. Anplis nou bezwen gen objektif, nou bezwen fè efò pou n kenbe yo (1 Kor. 9:26). Sepandan, lè n ap li Labib, nou dwe fè plis pase annik li l si nou vle byen pwofite lekti n ap fè nan Pawòl Bondye a.

8 Ann reflechi sou konparezon ki vin annapre a: Lè lapli tonbe, sa enpòtan anpil. Men, si vin gen anpil lapli ki tonbe nan yon ti tan tou kout, tè a ka vin gen twòp dlo. Lè sa rive, si vin gen lapli ki tonbe ankò, sa ap bay pwoblèm. Tè a bezwen tan pou l bwè dlo lapli ki te tonbe a, konsa dlo a ap antre nan tè a e l ap ede plant yo grandi. Menm jan an tou, nou pa dwe li Bib la nan prese, sa vle di, nou li l tèlman vit, nou pa pwofite anyen nan sa nou li a, nou pa sonje l e nou pa sèvi avè l. — Jak 1:24.

Yon frè k ap li Labib. Foto ki ansanm: 1. Lapli k ap tonbe byen fò nan yon tè ki gen semans k ap grandi, e sa bay plant yo pwoblèm. 2. Lapli k ap tonbe toupiti nan yon tè ki gen semans k ap grandi, tè a bwè dlo a, sa ki fè plant yo ret djanm.

Menm jan tè a bezwen tan pou l bwè dlo lapli ki tonbe, nou bezwen tan pou nou reflechi sou sa nou li nan Pawòl Bondye a e pou n aplike sa nou li yo. (Gade paragraf 8.)


9. Ki sa n bezwen fè si n rann nou kont nou gen abitid li Bib la twò vit?

9 Èske pafwa ou konn twouve se kouri w ap kouri lè w ap li Bib la? Ki sa w ta dwe fè? Ou bezwen pran san w. Fè efò pou w reflechi sou sa w ap li a oswa sou sa w sot li a. Sa pa ta dwe difisil. Si l difisil pou w konprann sa medite vle di, petèt ou ka konsidere l tankou se reflechi w ap reflechi sou sa w li a. Ou ka deside rezève plis tan pou w etidye pou w ka jwenn tan pou w reflechi oswa pou w medite. Yon lòt bò, ou ka chwazi li mwens vèsè epi sèvi ak tan ki rete a pou w reflechi sou sa w sot li a. Men sa Victor nou te pale de li pi wo a di: “Lè m ap li Bib la, mwen pa li anpil chapit. Petèt, mwen ka li yon sèl. Lefètke mwen li bonè nan maten, mwen kapab kontinye reflechi sou sa m li a pandan tout jounen an.” Kèlkeswa metòd ou itilize a, li enpòtan anpil pou w pa li twò vit, konsa w ap ka pi byen pwofite sa w li a. — Sòm 119:97; gade kare ki gen tit “Kesyon pou n egzamine”.

Kesyon pou n egzamine

Yon bon fason pou n pi byen pwofite lekti n ap fè nan Bib la se lè n egzamine youn oswa plizyè nan kesyon ki vin annapre yo:

  • Ki sa sa aprann mwen sou Jewova?

  • Ki jan vèsè sa yo ede m konprann mesaj ki nan Bib la?

  • Ki jan m ka vrèman aplike yo nan lavi m?

  • Ki jan m ka itilize vèsè sa yo pou m ede lòt moun?

10. Bay yon egzanp ki montre fason w ka aplike sa w ap aprann yo. (1 Tesalonisyen 5:​17, 18).

10 Kèlkeswa lè w fè lekti Labib ou e kèlkeswa kantite tan w pase ap fè sa, chèche wè ki jan w ka aplike sa w li a. Pandan w ap li yon pòsyon nan Pawòl Bondye a, mande tèt ou: ‘Ki jan m ka aplike enfòmasyon sa a kounye a oswa annapre?’ Pa egzanp, ann sipoze pòsyon w ap li a gen ladan l 1 Tesalonisyen 5:​17, 18. (Li vèsè yo.) Apre w fin li de vèsè sa yo, ou ka fè yon ti kanpe pou w reflechi sou kantite fwa w priye e jis nan ki pwen ou met tout kè w nan priyè w ap fè yo. Epitou, ou ka reflechi sou yon seri bagay ou gen rekonesans pou yo. Petèt, ou ka deside w ap di Jewova mèsi pou twa bagay byen presi. Si w pran kèk minit sèlman pou w fè sa, w ap vin yon moun ki tande Pawòl Bondye a e ki obeyi l. Reflechi sou byenfè w t ap jwenn si w ta fè sa chak jou ak lòt pòsyon ou li nan Bib la! Si w aplike sa w li nan Bib la chak jou, rive yon lè w ap vin yon pi bon sèvitè Jewova. Men, ki sa w dwe fè si w ta wè gen anpil bagay ou bezwen amelyore?

CHÈCHE GEN OBJEKTIF KI REZONAB

11. Sa k fè pafwa ou ka santi w gen twòp chanjman pou w fè? Bay yon egzanp.

11 Lè w li Labib e w ap chèche fason pou w aplike konsèy ki ladan l yo, pafwa ou ka santi w gen twòp chanjman pou w fè. Reflechi ak sitiyasyon ki vin annapre a: Pandan w ap li Bib la jodi a, ou jwenn yon konsèy ki ankouraje w pou w pa gen patipri (Jak 2:​1-8). Ou wè ou ka amelyore fason w aji ak lòt moun, donk, ou deside fè kèk chanjman. Se trè byen. Epi, nan demen, ou li yon pasaj ki montre enpòtans pou w kontwole pawòl k ap sot nan bouch ou (Jak 3:​1-12). Ou rann ou kont pafwa ou konn di pawòl ki dekourajan. Donk, ou pran detèminasyon pou w di pawòl ki pi pozitif e ki pi ankourajan. Lekti Labib ou fè nan jou ki vin annapre a gen yon avètisman k ap ede w pou w pa vin zanmi monn nan (Jak 4:​4-12). Ou remake ou bezwen fè plis atansyon lè w ap chwazi detant w ap pran. Rive nan katriyèm jou a, ou ka santi l twò difisil pou w fè tout chanjman sa yo.

12. Poukisa w pa bezwen dekouraje si lekti w ap fè nan Bib la ede w wè ou bezwen fè chanjman? (Gade nòt la tou.)

12 Si w wè gen kèk chanjman oswa kèk amelyorasyon ou bezwen fè, pa dekouraje. Se yon siy ki montre kè w nan bon kondisyon. Yon moun ki gen imilite e ki onèt ak tèt li, li Pawòl Bondye a nan objektif pou l wè ki amelyorasyon li bezwen fèa. Epitou, nou bezwen sonje “abiye nou ak nouvo pèsonalite a” se pa yon bagay nou ka fè yon sèl fwa epi n fini (Kol. 3:10). Ki sa k ap ede w kontinye obeyi Pawòl Bondye a?

13. Ki jan w ka chèche gen yon seri objektif ki rezonab? (Gade foto a tou.)

13 Olye w chèche aplike tout sa w li yo yon sèl kou, ou bezwen chèche gen yon seri objektif ki rezonab (Pwo. 11:2). Ou ka eseye suiv konsèy ki vin annapre a: Fè yon lis ki gen ladan l yon seri bagay ou bezwen amelyore, chwazi youn oswa de ladan yo pou kòmanse epi kite lòt yo pou apre. Ak ki sa w ta dwe kòmanse?

Foto ki ansanm: 1. Yon sè ki ekri yon nòt pandan l ap fè etid pèsonèl li. 2. Li kole nòt la sou yon ti tablo. Men sa nòt la di: “Pou semèn sa a: dousè, Pwovèb 15:⁠1.”

Olye w eseye travay sou tout sa w li nan Bib la yon sèl kou, li ta bon pou w chèche gen yon seri objektif ki rezonab. Petèt ou ka chèche konsantre sou youn oswa de bagay. (Gade paragraf 13-14.)


14. Ak ki objektif ou ka kòmanse?

14 Ou ka deside kòmanse ak yon objektif ki pi fasil pou w reyalize. Oswa ou ka chwazi travay sou yon aspè ou santi w plis bezwen amelyore. Yon fwa ou konn ki objektif ou ta renmen reyalize, fè rechèch nan piblikasyon nou yo. Petèt, ou ka itilize Index des publications des Témoins de Jéhovah oswa Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch. Priye Jewova sou objektif ou genyen an, mande l pou l ba w “volonte [ak] fòs pou [w] aji”. (Flp. 2:13.) Apre sa, fè efò pou w aplike sa w aprann yo. Lè w kòmanse reyalize premye objektif ou genyen an, petèt sa ap ankouraje w plis pou w travay sou yon lòt. Lè w wè ou rive fè yon chanjman oswa ou amelyore yon kalite w genyen antanke kretyen, sa ka ankouraje w kontinye fè chanjman e l ap vin pi fasil pou w fè lòt chanjman yo.

KITE PAWÒL BONDYE A ‘TRAVAY NAN OU’

15. Ki diferans ki genyen ant pèp Jewova a ak anpil lòt moun ki li Bib la? (1 Tesalonisyen 2:13).

15 Gen moun ki fè konnen yo li Pawòl Bondye a plizyè fwa. Men, èske yo kwè toutbon nan sa Bib la di? Èske yo aplike sa k ladan l yo oswa yo kite l aji nan lavi yo. Malerezman, byen souvan yo pa fè sa. Men, pèp Jewova a pa aji konsa. Menm jan ak kretyen yo nan premye syèk la, nou aksepte Bib la “pou sa li ye vrèman, kòm pawòl Bondye”. Mete sou sa, nou fè tout sa n kapab pou n aplike konsèy ki nan Bib la nan lavi nou. — Li 1 Tesalonisyen 2:13.

16. Ki sa k ka ede n obeyi Pawòl la?

16 Li pa toujou fasil pou n li Pawòl Bondye a e pou n aplike sa nou li yo. Li ka pa fasil pou n jwenn tan pou n li l. Oswa nou ka gen tandans li byen vit epi nou pa reflechi sou sa nou li yo. Oubyen nou ka twouve l difisil pou n fè tout chanjman nou bezwen fè yo. Kèlkeswa difikilte nou ta jwenn, gen yon solisyon. Grasa èd Jewova nou ka rezoud li. Ann pran detèminasyon pou n aksepte èd li ban nou e pou n pa vin moun ki tande pou n bliye, men, pou n obeyi Pawòl la. Pa gen dout, plis nou li Pawòl Bondye a e nou aplike sa nou li yo nan lavi n, se plis n ap gen kè kontan. — Jak 1:25.

KI SA K KA EDE N...

  • jwenn tan pou n li Bib la?

  • medite oswa reflechi sou sa n li yo?

  • aplike sa n li yo?

KANTIK 94 Nou gen rekonesans pou Pawòl Bondye a.

a Gade videyo ki gen tit Sa lòt jèn di — Li Labib ki sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje