ATIK ETID 26
KANTIK 123 Annou soumèt anba direksyon Bondye
Ann montre n konn limit nou lè n aksepte gen bagay nou pa konnen
“Nou pa ka rive konprann Toupisan an.” — JÒB 37:23.
PWEN KLE
Menm lè nou pa konn tout sa k pral rive, nou ka rive fè fas ak difikilte lè nou reflechi sou sa nou konnen e lè nou mete konfyans nou nan Jewova.
1. Ki kapasite Jewova ban nou e poukisa?
JEWOVA kreye nou ak kapasite pou n reflechi, pou n aprann, pou n chèche gen bon konprann e pou n montre nou gen sajès. Poukisa li fè nou fason sa a? Se paske li vle nou “vin gen konesans sou Bondye” e pou nou sèvi l ak kapasite nou genyen pou nou rezone a. — Pwo. 2:1-5; Wom. 12:1.
2. a) Ki sa nou pa konnen? (Jòb 37:23, 24). (Gade foto a tou.) b) Ki byenfè n ap jwenn lè n konn limit nou?
2 Menm lè nou gen kapasite pou nou aprann, gen anpil bagay nou pa konnen. (Li Jòb 37:23, 24.) Ann pran egzanp Jòb. Jewova te poze Jòb anpil kesyon, sa te ede Jòb konprann gen anpil bagay li pa t konnen. Sa te ede Jòb wè li bezwen gen imilite e l bezwen korije fason l panse (Jòb 42:3-6). Nou menm tou, n ap jwenn byenfè lè n rekonèt nou pa konn tout bagay. Lè nou konn limit nou, sa ap fè n gen konfyans Jewova ap fè nou konnen sa nou vrèman bezwen konnen pou n ka pran bon desizyon. — Pwo. 2:6.
Lè nou rekonèt gen bagay nou pa konnen, sa kapab fè n jwenn byenfè menm jan ak Jòb. (Gade paragraf 2.)
3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?
3 Nan atik sa a, nou pral wè kèk bagay nou pa konnen ak difikilte sa ka fè nou jwenn. E nou pral aprann tou poukisa li bon lefètke gen bagay nou pa konnen. Lè nou egzamine pwen sa yo, sa ap fè n gen plis konfyans Jewova, “Sila a ki gen konesans san fay la”, ap fè nou konnen sa nou vrèman bezwen konnen. — Jòb 37:16.
NOU PA KONNEN LÈ LAFEN AN AP RIVE
4. Selon Matye 24:36, bay youn nan enfòmasyon nou pa konnen.
4 Li Matye 24:36. Nou pa konnen lè fen sistèm sa a ap rive. Menm Jezi lè l te sou tè a pa t konnen “jou sa a ak lè sa a”a. Li te fè apot yo konnen Jewova se Sila a ki gen dwa deside ki lè yon seri evènman pral rive (Tra. 1:6, 7). Jewova deja deside lè pou sistèm sa a detwi, men, nou pa ka konn egzakteman ki lè sa pral fèt.
5. Piske nou pa konnen lè lafen an ap rive, ki efè sa ka gen sou nou?
5 Selon sa Jezi te di, nou pa konnen konbyen tan n ap oblije ret tann anvan lafen an rive. Se sa k fè nou ka vin pèdi pasyans oswa dekouraje, sitou si nou gen kèk tan depi n ap tann jou Jewova a. Oswa, nou ka twouve l pa fasil pou n andire lè moun nan fanmi nou oswa lòt moun ap pase n nan rizib (2 Pyè 3:3, 4). Li posib pou n panse si n te konnen egzakteman lè lafen an t ap rive, nou t ap gen plis pasyans e l te ka pi fasil pou n andire lè y ap pase n nan rizib.
6. Poukisa li bon lefètke nou pa konnen ki lè lafen an ap rive?
6 Lefètke Jewova pa fè nou konnen dat lafen an ap rive, sa ban n posiblite pou n montre n ap sèvi l paske n renmen l e paske nou fè l konfyans. Nou pap sèvi Jewova pou dat, kòmsi lafwa nou gen nan li gen yon dat ekspirasyon. Olye n ret ap panse tout tan sou lè “jou Jewova a” gen pou l rive, l ap pi bon pou n reflechi sou bon bagay ki pral genyen lè jou sa a rive. Lè n fè sa, n ap kontinye gen plis atachman pou Bondye e n ap kontinye fè tout sa n kapab pou nou fè l plezi. — 2 Pyè 3:11, 12.
7. Ki sa nou konnen?
7 Li enpòtan pou n reflechi sou sa nou konnen. Pa egzanp, nou konnen dènye jou yo kòmanse an 1914. Jewova ban nou pwofesi nan Bib la ki atire atansyon nonsèlman sou ane sa a, men tou, ki bay detay sou jan sitiyasyon an t ap ye depi lè sa a. Se sa k fè nou gen konviksyon “gran jou Jewova a toupre rive”. (Sof. 1:14.) Epitou, nou konn ki travay Jewova vle nou fè, li vle nou fè plis moun posib konnen “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan”. (Mat. 24:14.) Y ap preche mesaj sa a nan anviwon 240 peyi nan plis pase 1000 lang. Li pa nesesè pou n konnen ‘jou a ak lè a’ pou n ret chofe nan travay sa a ki enpòtan anpil.
NOU PA KONNEN FASON JEWOVA KA AJI
8. Ak ki sa ekspresyon “travay vrè Dye a” gen rapò? (Eklezyas 11:5).
8 Nou pa toujou “konn travay vrè Dye a”. (Li Eklezyas 11:5.) Ekspresyon sa a gen rapò ak bagay ki rive paske Jewova te fè yo rive oswa sa l kite rive pou volonte l fèt. Nou pa ka konn tout rezon ki fè Jewova kite yon bagay rive oswa ki jan egzakteman l ap aji pou l ede nou (Sòm 37:5). Se yon seri bagay nou pa konnen, menm jan nou pa konnen fason yon timoun devlope nan vant manman l, yon bagay menm syantifik yo pa fin konprann jis kounye a.
9. Lefètke nou pa konnen fason Jewova pral aji pou l ede nou, ki jan sa ka fè nou santi nou?
9 Lefètke nou pa konnen fason Jewova pral aji pou l ede nou, sa ka fè nou yon ti jan renka pou n pran yon seri desizyon. Nou ka renka pou n fè sakrifis yon fason pou n fè plis nan travay fè disip la, tankou senplifye lavi nou oswa deplase al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Oswa nou ka ap mande tèt nou si Jewova pran plezi nan nou lefètke nou pa rive reyalize yon seri objektif nou te genyen nan sèvis li, oswa nou pa rive jwenn etid malgre nou preche anpil oubyen nou jwenn difikilte lè n ap patisipe nan yon travay òganizasyon an ap fè.
10. Lefètke nou pa konnen fason Jewova pral aji, ki kalite enpòtan sa ap ede n pou n vin genyen?
10 An reyalite, lefètke nou pa konnen egzakteman fason Jewova pral aji, sa kapab ede n vin gen yon seri kalite enpòtan tankou imilite. Nou vin rekonèt fason Jewova panse depase fason nou panse e wout li yo pi wo pase wout pa nou yo (Eza. 55:8, 9). Epitou, nou aprann fè Jewova konfyans plis toujou e nou konte sou li pou n reyisi. Lè n jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an oswa nan travay òganizasyon an ap fè, nou kontan bay Jewova glwa (Sòm 127:1; 1 Kor. 3:7). Si bagay yo pa toujou pase jan n te atann nan, nou bezwen sonje Jewova toujou gen kontwòl tout bagay (Eza. 26:12). Nou fè sa n kapab e nou gen konfyans Jewova ap toujou ede n. Nou gen asirans l ap ban nou direksyon nou bezwen menmsi se pa mirak li fè, jan l te konn fè sa nan tan lontan. — Tra. 16:6-10.
11. Ki bagay enpòtan nou konnen ki kapab ede nou?
11 Nou konnen Jewova toujou aji avèk lanmou, li aji yon fason ki dwat e l toujou aji avèk sajès. Nou konnen li bay sa nou fè pou li ak sa nou fè pou frè n ak sè n yo anpil valè. Epitou, nou konnen Jewova toujou rekonpanse moun ki fidèl avè l. — Ebre 11:6.
NOU PA KONN SA K PRAL RIVE DEMEN
12. Selon Jak 4:13, 14, ki sa nou pa fin konnen?
12 Li Jak 4:13, 14. Nou pa konnen ki jan lavi nou ap ye demen. Nan sistèm sa a, “move moman ak malè rive sou [nou] sanzatann”. (Ekl. 9:11.) Se sa k fè nou pa konnen si sa nou vle fè yo ap reyisi oswa si n ap la pou n reyalize yo.
13. Ki jan n ka santi n pafwa lefètke n pa konnen sa k ka rive demen?
13 Li ka difisil pou n andire paske nou pa konnen egzakteman ki jan demen ap ye. Ki sa k ka fè sa? Nou ka bay tèt nou pwoblèm pou sa k ka rive e sa ka fè n pèdi jwa nou. Malè ki frape nou bridsoukou ak chanjman ki fèt sanzatann nan lavi nou ka lakòz nou nan lapenn e nou gen gwo pwoblèm. E lè sa n ap tann yo pa reyalize, sa kapab fè nou dekouraje. — Pwo. 13:12.
14. Ki sa k ap fè n gen kè kontan toutbon? (Gade foto yo tou.)
14 Lè n jwenn difikilte, nou gen posiblite montre, kèlkeswa jan sa ye, n ap sèvi Papa nou ki nan syèl la paske nou renmen l, men se pa paske nou gen yon enterè n ap defann. Istwa ki nan Bib la montre nou pa ta dwe atann pou Jewova pwoteje nou kont tout pwoblèm e li pa deja deside sa k pral rive nan lavi nou. Li konnen se pa lè nou konn tout sa k pral rive nou n ap gen kè kontan. Okontrè, n ap gen kè kontan si n kontinye mande l pou l gide nou e si nou obeyi l (Jer. 10:23). Lè n kite l gide n lè n ap pran desizyon, se kòmsi nou di: “Si Jewova vle, n ap viv, epi n ap fè sesi oswa n ap fè sela.” — Jak 4:15.
Lè nou chèche direksyon Jewova e nou obeyi l, sa fè n jwenn bonjan pwoteksyon. (Gade paragraf 14-15.)b
15. Ki sa nou konnen anrapò ak lavni?
15 Menmsi nou pa konnen ki jan chak jou ap ye, nou konnen Jewova pwomèt nou pou n viv pou toutan kit se nan syèl la, kit se sou tè a. Nou konnen Jewova pa kapab bay manti e anyen pa ka anpeche l reyalize tout pwomès li fè (Tit 1:2). Se li menm sèl ki kapab ‘di ki jan yon bagay ap fini e ki kapab anonse depi byen lontan bagay ki poko rive yo’. E se vre, paske tout bagay li te anonse nan tan lontan yo te reyalize, e tout sa li anonse ki gen pou rive alavni yo pral reyalize tou (Eza. 46:10). Nou gen konviksyon pa gen anyen ki ka anpeche Jewova renmen nou (Wom. 8:35-39). L ap ban nou sajès, konsolasyon ak fòs nou bezwen pou n andire kèlkeswa bagay ki rive nou. Nou mèt gen konfyans Jewova ap ede n e l ap beni nou. — Jer. 17:7, 8.
NOU PA KA FIN KONPRANN JIS NAN KI PWEN JEWOVA KONNEN NOU
16. Selon Sòm 139:1-6, ki sa Jewova konnen sou nou e ki jan sa fè n santi n?
16 Li Sòm 139:1-6. Kreyatè nou an konn tout bagay sou nou. Li konnen rezon ki fè nou panse yon fason ak rezon ki fè n santi n jan n santi n. Li konnen sa nou di ak sa nou vle di. Li konnen tout sa nou fè e pou ki rezon nou fè yo. Jan wa David te fè konnen, Jewova gen sousi pou nou e l toujou pare pou l ede nou. Sa vrèman estrawòdinè pou Souvren Seyè linivè a, Sila a ki Toupisan an ki kreye syèl la ak tè a, enterese anpil nan nou konsa! Men sa David te di: “Konesans ou gen sou mwen an twò estrawòdinè pou mwen. Wi, li depase m, mwen pa ka rive konprann li.” — Sòm 139:6, nòt.
17. Poukisa nou ka twouve l difisil pou n kwè Jewova vrèman konprann nou?
17 Petèt akoz fason nou te leve, kilti nou oswa akoz kwayans nou te genyen anvan, li ka difisil pou n wè Jewova kòm yon Papa ki renmen nou e ki enterese nan nou. Oswa akoz move bagay nou te fè, nou ka santi nou tèlman pa bon, Jewova pa t ap janm vle konnen nou e li rete lwen nou. Pafwa, menm David te konn santi l konsa (Sòm 38:18, 21). Yon lòt bò, yon moun k ap fè efò pou l chanje fason l ap viv pou l viv selon prensip Bondye yo gendwa ap mande tèt li: ‘Si Bondye vrèman konprann mwen, poukisa l vle m chanje fason m ap viv alòske m santi m byen konsa?’
18. Poukisa li bon pou n aksepte Jewova konnen nou pi byen pase n konnen pwòp tèt nou? (Gade foto yo tou.)
18 Nou bezwen aprann aksepte Jewova konnen nou pi byen pase nou konnen pwòp tèt nou e li ka wè bon bagay nou gen nan nou alòske nou pa ka wè yo. Menm lè li wè defo nou gen lakay nou e li konprann rezon ki fè nou santi nou jan n santi nou an e nou aji fason n aji a, li renmen nou (Wom. 7:15). Lè n rann nou kont Jewova wè ki moun nou kapab vin ye, l ap ban nou fòs pou n sèvi l fidèlman epi gen kè kontan.
Jewova ede n fè fas ak difikilte nou jwenn nan sistèm sa a, lè l ede n vin gen plis konfyans nan bèl moman nou pral jwi nan monn nouvo a. (Gade paragraf 18-19.)c
19. Ki sa nou byen konnen anrapò ak Jewova?
19 Nou konnen Jewova se lanmou. Nou pa gen okenn dout sou sa (1 Jan 4:8). Nou konnen tout sa l di nou fè oswa pa fè se paske l renmen nou e li vle nou gen pi bèl vi a. Nou konnen Jewova vle nou gen lavi ki pap janm fini an. Li te bay ranson an pou sa vin posib. Ranson an li ban nou kòm kado a ban nou asirans nou ka sèvi Jewova fason l vle a malgre nou enpafè (Wom. 7:24, 25). Epitou, nou konnen “Bondye pi gran pase kè nou, e li konn tout bagay”. (1 Jan 3:19, 20.) Jewova konn tout bagay sou nou e li gen konfyans nou kapab fè volonte l.
20. Ki sa k ap ede n evite tètchaje ki pa nesesè?
20 Jewova fè n konnen tout sa nou vrèman bezwen konnen. Lè nou aksepte sa avèk imilite, nou evite gen tètchaje ki pa nesesè e nou ka konsantre n sou sa ki vrèman enpòtan. Lè n fè sa, nou montre tout konfyans nou gen nan Jewova, “Sila a ki gen konesans san fay la”. (Jòb 36:4.) Menm lè gen kèk bagay nou pa konprann kounye a, nou konnen Jewova ap kontinye anseye nou nouvo bagay nètale. E nou kontan anpil paske nou pap janm sispann aprann nouvo bagay sou Bondye nou an ki estrawòdinè. — Ekl. 3:11.
KANTIK 104 Bondye ban nou lespri sen kòm kado
b ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon papa ak pitit gason l k ap ranje yon valiz sekou pou fanmi an ka pare lè gen ijans.
c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki gen pwoblèm k ap reflechi ak kè kontan li pral jwenn nan monn nouvo a.