BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 novanm p. 2-7
  • Ou ka kontinye gen kè kontan lè w vin granmoun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ou ka kontinye gen kè kontan lè w vin granmoun
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ L KA DIFISIL POU W KONTINYE GEN KÈ KONTAN LÈ W VIN GRANMOUN
  • FASON POU W KONTINYE GEN KÈ KONTAN
  • FASON LÒT MOUN KA BAY ÈD PA YO
  • Ann bay frè n ak sè n ki granmoun yo anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Sa n ka aprann nan dènye pawòl yon seri mesye ki te fidèl te di
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Jewova pran swen sèvitè l yo ki aje avèk tandrès
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 novanm p. 2-7

ATIK ETID 44

KANTIK 138 Moun ki gen cheve blan yo bèl nan je Bondye

Ou ka kontinye gen kè kontan lè w vin granmoun

“Lè yo vin granmoun, y ap kontinye bay fwi.” — SÒM 92:14.

PWEN KLE

Rezon ki fè l enpòtan pou moun ki granmoun yo kontinye gen kè kontan e ki sa yo bezwen fè pou yo ka kontinye gen kè kontan.

1-2. Ki jan Jewova wè sèvitè fidèl li yo ki granmoun yo? (Sòm 92:​12-14; gade foto a tou.)

TOUPATOU sou tè a, moun yo pa reyaji menm jan lè y ap granmoun. Pa egzanp, èske w sonje premye fwa w te remake ou gen yon cheve blan? Petèt ou te anvi retire l pou lòt moun pa wè l. Men, ou te rann ou kont, menmsi w retire cheve blan w genyen yo, y ap kontinye pouse! Egzanp sa a montre jan l difisil pou anpil moun k ap granmoun aksepte sa.

2 Sepandan, se pa konsa Papa nou ki nan syèl la wè sèvitè l k ap granmoun yo (Pwo. 16:31). Li konpare yo ak pyebwa k ap bay fwi. (Li Sòm 92:​12-14.) Sa k fè konparezon sa a byen tonbe? Pyebwa ki gen plizyè dizèn ane depi yo la konn bèl anpil paske yo konn gen anpil fèy oswa anpil flè. Youn nan pi bèl pyebwa ki genyen se yon pye seriz nan peyi Japon ki konn chaje flè. Kèk nan pi bèl pyebwa sa yo gen plis pase mil an! Menm jan ak pyebwa sa yo ki la lontan, sèvitè fidèl Jewova ki vin granmoun yo bèl e yo gen anpil valè pou li. Se pa cheve blan moun sa yo genyen yo Jewova wè, men se moun yo ye a. Epitou, Jewova apresye bèl kalite moun ki granmoun yo genyen, pa egzanp andirans yo ak fidelite yo, san wete pakèt ane yo genyen depi y ap sèvi l.

Yon mari ak madanm ki granmoun ki chita deyò sou yon ban, toutotou yo gen pye seriz ki chaje flè.

Menm jan pyebwa ki la lontan yo bèl e yo kontinye bay fwi, granmoun ki fidèl yo gen anpil bèl kalite ki fè yo gen anpil valè pou Jewova e pou lòt moun. (Gade paragraf 2.)


3. Bay yon egzanp ki montre jan Jewova te sèvi ak moun ki granmoun pou l reyalize objektif li.

3 Se pa paske yon moun vin granmoun ki fè l vin gen mwens valè pou Jewovaa. Anfèt, byen souvan, Jewova sèvi ak moun ki granmoun pou l reyalize objektif li. Pa egzanp, Sara te gentan granmoun lè Jewova te fè konnen li t ap vin manman yon gwo nasyon e li t ap vin youn nan zansèt Mesi a (Jen. 17:​15-19). Moyiz te gentan gen yon bon ti laj lè Jewova te voye l al fè Izrayelit yo sot nan peyi Ejip (Egz. 7:​6, 7). E apot Jan te fin granmoun lè Jewova te fè l ekri senk liv nan Bib la.

4. Selon Pwovèb 15:​15, ki sa k ka ede moun ki granmoun yo andire difikilte yo jwenn? (Gade foto a tou.)

4 Tank moun ki granmoun yo ap pran laj, yo konn vin gen anpil pwoblèm. Gen yon sè ki t ap fè blag ki te di: “Kapon pa ka vin granmoun.” Men, lè moun ki granmoun yo gen kè kontanb, sa ka ede yo andire eprèv k ap tann yo pi devan. (Li Pwovèb 15:15.) Nan atik sa a, nou pral wè kèk bagay moun ki granmoun yo kapab fè k ap ede yo kontinye gen kè kontan. Epitou, nou pral wè ki jan lòt moun nan kongregasyon an kapab ede frè ak sè ki granmoun yo. Toudabò, ann wè rezon ki fè l ka difisil pou n kontinye gen kè kontan pandan n ap granmoun.

Mari ak madanm nan foto anvan an ki kanpe men nan men e k ap souri pandan yo anba yon pye seriz ki chaje flè.

Si moun ki granmoun yo fè efò pou yo gen kè kontan, sa ka ede yo andire eprèv yo jwenn pandan y ap pran laj. (Gade paragraf 4.)


REZON KI FÈ L KA DIFISIL POU W KONTINYE GEN KÈ KONTAN LÈ W VIN GRANMOUN

5. Ki sa k ka fè kèk moun ki granmoun dekouraje?

5 Ki sa k ka fè w dekouraje? Petèt ou santi w dekouraje paske w pa kapab fè sa w te konn fè anvan. Ou ka toujou ap panse ak lè w te pi jèn e sante w te pi anfòm (Ekl. 7:10). Pa egzanp, gen yon sè ki rele Ruby ki di: “Li difisil pou m met rad sou mwen akoz mwen gen doulè e m pa kapab fè mouvman ak kò m menm jan an ankò. Menm yon bagay tou senp, tankou leve pye m pou m met chosèt, difisil pou mwen. M pa santi men m yo akoz mwen gen atrit, e sa fè l difisil pou m fè menm travay ki toupiti yo.” Men sa Harold ki te nan Betèl di: “Mwen pa ka kwè se mwen ki vin konsa, e sa fè m fache pafwa. Mwen te konn fè spò anpil. Mwen te renmen jwe bezbòl. Lòt moun te konn di: ‘Voye boul la bay Harold, li pap rate l!’ Men kounye a, menm boul la m pa kwè m ka voye.”

6. a) Ki lòt rezon ki ka fè kèk moun ki granmoun santi yo dekouraje? b) Ki sa k ka ede moun ki granmoun yo wè si yo dwe sispann kondui oswa si yo ka kontinye fè sa? (Gade atik ki gen tit “Èske m ta dwe sispann kondui?” ki nan peryodik sa a.)

6 Ou ka santi w dekouraje paske gen yon seri bagay ou pa ka fè poukò w ankò. Petèt ou bezwen yon moun vin lakay ou pou ede w fè yon seri bagay oswa w ka oblije al viv ak pitit ou. Oubyen petèt ou dekouraje anpil paske sante w oswa vizyon w tèlman bese, sa fè w pa ka al yon seri kote ou te konn ale poukò w oubyen w pa ka kondui. Sa ka fè w tris anpil! Ou ka pa ka fè anpil nan bagay ou te konn fè anvan yo, tankou pran swen tèt ou, viv poukò w oswa kondui yon machin. Men, l ap bon pou w sonje se pa paske w pa ka fè bagay sa yo ankò ki fè w pa gen valè pou Jewova ak lòt moun. Epitou, nou kapab gen asirans Jewova konprann jan n santi n. Li konnen nou renmen l anpil e l konnen nou renmen frè n ak sè n yo anpil tou, e se sa k pi enpòtan pou li. — 1 Sam. 16:7.

7. Ki sa k ka ede moun ki tris akoz yo santi yo ka gentan mouri anvan monn sa a detwi?

7 Petèt ou tris paske w santi ou ka gentan mouri anvan Jewova detwi monn sa a. Si w santi w konsa, ki sa k ka ede w? Eseye sonje Jewova gen yon rezon ki fè l poko detwi vye monn sa a (Eza. 30:18). Donk, pou ki rezon Jewova pran pasyans? Lefètke Jewova gen pasyans, sa bay plizyè milyon moun tan ak posiblite pou yo vin konnen l e pou yo sèvi l (2 Pyè 3:9). Ebyen, lè w santi w dekouraje, eseye sonje anpil moun ka vin konnen Jewova e yo ka sove lè lafen an rive. Petèt ka gen nan moun sa yo ki fanmi w.

8. Lè moun ki granmoun yo malad oswa y ap soufri, ki jan yo ka aji?

8 Kèlkeswa laj nou, lè n pa santi n byen, nou ka gen tandans di oswa fè kèk bagay nou regrèt annapre (Ekl. 7:7; Jak 3:2). Pa egzanp, lè Jòb, yon moun ki te fidèl, t ap soufri, li te di yon bann “vye pawòl”. (Jòb 6:​1-3.) Epitou, maladi oswa medikaman ka lakòz moun ki granmoun yo fè oswa di yon seri bagay yo pa t ap fè oubyen yo pa t ap di si yo pa t malad oswa si yo pa t ap pran medikaman. Sepandan, menmsi n granmoun oswa n malad, li pa t ap bon pou n pale rèd ak moun oubyen pou n fè yo egzijans. Si n rann nou kont nou mal pale ak yon moun, nou pa ta dwe renka pou n mande l padon. — Mat. 5:​23, 24.

FASON POU W KONTINYE GEN KÈ KONTAN

Yon branch seriz ki chaje flè; plizyè ti foto ki montre divès fason frè ak sè yo kapab kontinye gen kè kontan lè yo vin granmoun. Yo pale sou sa nan paragraf 9-13.

Ki jan w ka kontinye gen kè kontan malgre difikilte w jwenn akoz w ap pran laj? (Gade paragraf 9-13.)


9. Poukisa w bezwen aksepte lòt moun ede w? (Gade foto yo tou.)

9 Aksepte lòt moun ede w (Gal. 6:2). Okòmansman ou ka twouve sa difisil. Men sa yon sè ki rele Gretl di: “Pafwa m twouve l difisil pou m aksepte lòt moun ede m, paske m santi m ap vin yon chay pou yo. Sa te pran tan pou m chanje fason m panse e pou m aksepte avèk imilite mwen bezwen èd.” Lè w aksepte lòt moun ede w, ou pèmèt yo jwenn kè kontan moun jwenn lè yo bay (Tra. 20:35). Epitou, se sèten w ap kontan wè jan lòt moun renmen w ak jan yo gen sousi pou ou.

Yon sè ki granmoun ki kenbe bra yon jèn sè pandan y al nan mache.

(Gade paragraf 9.)


10. Poukisa nou bezwen sonje montre nou gen rekonesans? (Gade foto a tou.)

10 Montre w gen rekonesans (Kol. 3:15; 1 Tes. 5:18). Lè lòt moun fè bon bagay pou nou, nou santi n gen rekonesans, men n ka bliye montre yo sa. Sepandan, si nou souri e nou di mèsi, nou fè zanmi nou yo santi yo gen valè e nou apresye yo. Men sa Leah k ap pran swen frè ak sè ki granmoun ki nan Betèl di: “Youn nan sè m ap pran swen yo konn ekri ti kat pou di m mèsi. Se jis kèk mo li ekri, men, sa l di yo touche kè m. Mwen vrèman renmen resevwa ti kat sa yo, e m kontan konnen li apresye èd mwen.”

Yon sè ki granmoun k ap ekri yon kat pou l di mèsi.

(Gade paragraf 10.)


11. Ki jan w ka ede lòt moun? (Gade foto a tou.)

11 Fè efò pou w ede lòt moun. Lè w sèvi ak tan w ak fòs ou pou w ede lòt moun, ou pap tèlman panse ak pwoblèm pa w. Gen yon pwovèb afriken ki konpare moun ki granmoun yo ak yon bibliyotèk ki chaje liv ki gen pawòl ki gen anpil sajès ladan yo. Sepandan, liv sa yo pap itil anyen si moun pa konn sa k ladan yo. Donk, menm jan an tou, ou menm ki granmoun ki gen konesans ak eksperyans, pran tan pou w pataje sa w konnen ak moun ki pi jèn yo. Poze yo kesyon, epi koute repons y ap ba w. Montre yo rezon ki fè lè yo suiv prensip Jewova yo sa ap toujou pi bon pou yo e y ap gen kè kontan. Se sèten w ap santi w kontan lè w konsole zanmi w genyen ki pi jèn pase w yo e lè w ankouraje yo. — Sòm 71:18.

Yon frè ki granmoun k ap koute yon jèn frè k ap di l sa k nan kè l.

(Gade paragraf 11.)


12. Selon Ezayi 46:​4, ki sa Jewova pwomèt l ap fè pou sèvitè l ki granmoun yo? (Gade foto a tou.)

12 Priye Jewova pou l ba w fòs. Menm lè w ka santi w fatige oswa w santi w about, Jewova “pa janm fatige, ni li pa janm faya”. (Eza. 40:28.) Ki jan Jewova itilize fòs li genyen an ki san limit? Youn nan fason li fè sa se lè l bay sèvitè fidèl li ki granmoun yo fòs (Eza. 40:​29-31). Anfèt, li pwomèt l ap ede yo. (Li Ezayi 46:4.) E Jewova toujou kenbe pwomès li (Joz. 23:14; Eza. 55:​10, 11). Lè w priye Jewova e w santi lanmou li gen pou ou ak jan l ap ede w, ou pa ka pa santi w kontan.

Yon frè ki granmoun k ap priye.

(Gade paragraf 12.)


13. Selon 2 Korentyen 4:​16-18, ki sa n bezwen sonje? (Gade foto a tou.)

13 Sonje w gen pou w vin jèn ankò. Lè n sonje yon sitiyasyon difisil pap la pou toutan, li ka pi fasil pou n andire. Bib la ban n asirans vyeyès ak pwoblèm sante pap la pou toutan (Jòb 33:25; Eza. 33:24). Donk, ou kapab gen kè kontan paske w konnen alavni ou pral gen pi bon sante, w ap vin pi djanm e w ap vin vrèman bèl. (Li 2 Korentyen 4:​16-18.) Sepandan, ki jan lòt moun ka bay èd pa yo?

Yon sè ki granmoun ki nan chèz woulant e k ap li Labib. L ap imajine li menm ki nan Paradi a ki jèn ki pa nan chèz woulant ankò e k ap mache.

(Gade paragraf 13.)


FASON LÒT MOUN KA BAY ÈD PA YO

14. Poukisa l enpòtan pou n vizite moun ki granmoun yo e pou n rele yo nan telefòn?

14 Bay frè ak sè ki granmoun yo yon ti vizit regilyèman e rele yo nan telefòn (Ebre 13:16). Moun ki granmoun yo kapab santi yo poukò yo. Men sa yon frè ki rele Camille ki oblije ret lakay li di: “Mwen oblije ret lakay mwen lannuit kou lajounen. Donk, sa fè m santi m vrèman raz. Pafwa, m santi m tankou yon lyon ki granmoun ki nan kaj. Sa konn fè m nève e m konn akaryat.” Lè n al vizite frè n ak sè n ki granmoun yo, nou montre yo yo gen valè pou nou e nou renmen yo. Petèt yon lè nou te vle rele yon frè oswa yon sè ki granmoun nan telefòn oswa nou te vle ba l yon ti vizit, men nou pa t fè sa. Nou tout gen anpil bagay pou n fè. Donk, ki sa k ka ede n “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo”, pa egzanp vizite moun ki granmoun yo (Flp. 1:10)? Li ka bon pou w ekri yon ti nòt nan kalandriye w pou w sonje voye yon mesaj bay frè ak sè ki granmoun ki nan kongregasyon w lan oswa pou w sonje rele yo nan telefòn. Epitou, ou ka planifye pou w al vizite yo. Chwazi ki jou w ta renmen fè sa pou w pa bliye.

15. Ki aktivite moun ki pi jèn yo ak moun ki granmoun yo ka fè ansanm?

15 Si w pi jèn, ou ka ap mande tèt ou sou ki sa w ka pale ak moun ki granmoun yo oswa ki aktivite w ka fè ansanm avè yo. Men, ou pa bezwen reflechi twòp sou sa, jis montre w se yon bon zanmi (Pwo. 17:17). Pran ti tan pou w pale ak frè ak sè ki granmoun yo anvan reyinyon oswa apre reyinyon. Petèt ou ka mande yo ki vèsè yo pi renmen oswa pou yo rakonte w yon bagay yo sonje yo te fè lè yo te timoun ki konn fè yo ri. Epitou, ou ka envite yo gade yon pwogram Tele JW avè w. Petèt gen lòt fason ou ka ede moun ki granmoun yo tou. Pa egzanp, ou ka verifye si telefòn yo oswa tablèt yo ap fonksyone byen oswa w ka ede yo telechaje dènye piblikasyon yo. Men sa yon sè ki rele Carol di: “Mande moun ki granmoun yo pou w fè yon seri aktivite ou renmen ansanm avè yo. Byenke m granmoun, mwen toujou renmen pran ti plezi m. M renmen al achte, m renmen al manje ak zanmi m e m renmen soti pou m al gad bèl bagay ki gen nan kreyasyon an.” Men sa yon sè ki rele Maira di: “Youn nan zanmi m yo gen 90 an, nou gen 57 an diferans. Men, souvan m konn bliye sa paske nou ri ansanm e nou gad fim ansanm. E lè n gen pwoblèm, youn mande lòt konsèy.”

16. Poukisa li ka bon pou w akonpaye moun ki granmoun yo lè yo pral nan randevou doktè?

16 Al avè yo lè yo gen randevou doktè. Nonsèlman w ka bay moun ki granmoun yo woulib, men tou, ou ka veye pou doktè yo oswa enfimyè yo byen aji ak yo e pou yo ba yo èd yo bezwen (Eza. 1:17). Ou ka ede moun ki granmoun yo lè w ekri pou yo sa doktè a di. Men sa yon sè ki granmoun ki rele Ruth di: “Souvan, lè m al nan randevou doktè poukont mwen, doktè a pa kwè sa m di l. Gen doktè ki ka di yon seri bagay tankou: ‘Ou pa malad. Se nan tèt ou sa ye.’ Men, lè yon moun al ansanm avè m, doktè a aji avè m yon lòt jan. Mwen di frè m ak sè m ki konn al ansanm avè m yo mèsi.”

17. Ki aktivite nan travay predikasyon an ou ka fè ansanm ak frè ak sè ki granmoun yo?

17 Preche avè yo. Gen kèk frè ak sè ki granmoun ki ka pa santi fòs yo pou y al preche kay an kay. Pa egzanp, èske w ta ka envite yon sè ki granmoun vin patisipe nan temwayaj ak charyo avè w? Ou ka menm fè l jwenn yon chèz pou l chita bò kot charyo a. Oubyen, èske w ka mennen yon frè ki granmoun al fè yon etid avè w, petèt menm al fè etid la lakay li? Ansyen yo ka chèche wè si yo ka fè reyinyon predikasyon lakay frè ak sè ki granmoun yo pou l ka pi fasil pou yo patisipe. Jewova kontan lè n fè sa n kapab pou n onore frè ak sè ki granmoun yo. — Pwo. 3:27; Wom. 12:10.

18. Sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a?

18 Atik sa a fè n sonje Jewova renmen frè ak sè ki granmoun yo e li ba yo anpil valè. Epitou, tout frè ak sè nan kongregasyon an renmen yo e yo ba yo anpil valè. Se vre lè yon moun ap pran laj se yon bagay ki difisil, men, grasa èd Jewova, ou ka kontinye gen kè kontan (Sòm 37:25). Se pa ti ankourajan sa ankourajan lefètke w konnen ou pral gen plis kè kontan alavni! Men, gen nan nou ki nan yon lòt sitiyasyon. Y ap pran swen yon moun nan fanmi yo ki granmoun, yon pitit yo oswa yon zanmi yo ki malad. Ki sa yo ka fè pou yo ka kontinye gen kè kontan? N ap jwenn repons kesyon sa a nan atik ki vin apre a.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki sa k ka fè frè ak sè ki granmoun yo sispann gen kè kontan?

  • Ki jan moun ki granmoun yo ka kontinye gen kè kontan?

  • Ki jan n ka ede frè ak sè nan kongregasyon an ki granmoun yo?

KANTIK 30 Papa m, Bondye m, Zanmi m

a Sou jw.org ak nan JW Library®, gade videyo ki gen tit Nou menm kretyen ki aje yo, nou gen yon wòl enpòtan.

b PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Lajwa, oswa kè kontan, se yon kalite ki fè pati fwi lespri a (Gal. 5:22). Se bon relasyon n gen ak Jewova k ap fè n gen kè kontan toutbon.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje