BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 desanm p. 31
  • Èske nou sonje?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske nou sonje?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Sou menm sijè a
  • Èske nou sonje?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Seksyon 1
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 desanm p. 31

Èske nou sonje?

Èske w te byen li chak Toudegad ki te parèt ane sa a? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon ki vin apre yo:

Ki sa k pouse n bay Jewova glwa?

Nou fè sa paske nou gen gwo respè pou li e nou renmen l anpil. Epitou, nou bay Jewova glwa paske nou vle pou lòt moun konnen l. — w25.01, paj 3.

Si yon moun fè n oswa di n yon bagay ki fè n mal, ki jan n ka pi dispoze padone l?

Nou pa annik fè kòmsi sa pa di n anyen. Men, lè n pa ret an kòlè e n pa kenbe rankin, sa kapab ede n pou n pa vin gen lahèn nan kè n. — w25.02, paj 15-16.

Poukisa disip Mak se yon bon egzanp pou jèn frè yo?

Mak te kontan sèvi lòt moun. Menm lè petèt gen yon bagay ki te pase ki te fè l mal e ki te desevwa l, li pa t abandone sèvis li. Li te kontinye gen bon relasyon ak Pòl e ak lòt kretyen ki gen matirite. — w25.04, paj 27.

Ki sa Jezi te vle di lè l te di nan yon priyè: “Mwen fè yo konnen non w”? (Jan 17:26).

Disip Jezi yo te deja konn non Bondye. Men, li te ede yo pi byen konn Sila a ki pote non sa a, sa gen ladan l objektif Li genyen, sa L te fè, sa L pral fè ak kalite Li genyen. — w25.05, paj 20-21.

Si nou konn limit nou, ki sa nou rekonèt?

Nou rekonèt gen bagay nou pa konnen. Pa egzanp, nou pa konnen ki lè lafen an ap rive oswa ki jan Jewova ka aji lè sa a. Epitou, nou pa konnen sa k pral rive demen oswa jis nan ki pwen Jewova konnen nou. — w25.06, paj 15-18.

Ki sa k ka ede n byen pwofite yon atik oswa yon diskou piblik?

Nou kapab mande tèt nou: ‘Ki prèv yo bay pou konvenk moun yo? Èske gen yon bèl egzanp mwen ka itilize lè m ap anseye? Ki moun sijè sa a ka enterese?’ — w25.07, paj 19.

Ki sa n ka aprann sou fason Bondye padone lè n wè jan l te aji ak David?

Menm lè David te fè peche ki grav, lè l te repanti ak tout kè l, Jewova te padone l (1 Wa 9:​4, 5). Depi Bondye fin padone yon moun, li pap pini l pou peche l te fè a, ni l pap retounen sou sa ankò. — w25.08, paj 17.

Si l difisil pou yon etidyan aksepte yon bagay li aprann pandan etid la, ki sa w ka fè?

Si etidyan an poko ka aksepte yon bagay ou aprann li apre w fin fè efò pou w byen esplike sa Bib la di sou sa, kite sa, epi planifye pou w retounen sou li annapre. — w25.09, paj 24.

Bib la di peche gen “pouvwa” “pou l twonpe moun”. (Ebre 3:13.) Ki jan?

Peche ka pouse n fè move bagay. Epitou, li ka twonpe n pou l fè n kontinye gen dout, pa egzanp pou n ap mande tèt nou èske Bondye renmen n toutbon? — w25.10, paj 16.

Ki twa bagay nou ka fè pou priyè nou gen plis sans?

1) Nou ka reflechi sou kalite Jewova yo. 2) Nou ka panse ak sa k ap trakase n epi fè l konn sa. Pa egzanp nou ka bezwen padone yon moun. 3) Nou ka pran san n pou n priye. Lè n fè sa, l ap pi fasil pou n di l sa k nan panse nou. — w25.10, paj 19-20.

Ki jan n ka ede moun ki granmoun yo?

Nou ka al wè moun ki granmoun yo oswa rele yo nan telefòn. Nou ka akonpaye yo tou lè yo pral nan randevou doktè. Oswa nou ka patisipe avè yo nan divès aspè nan travay predikasyon an. — w25.11, paj 6-7.

Ki sa k enpòtan anpil pou yon maryaj onore Bondye?

Chèche fè tout sa lalwa mande. Veye pou anbyans ki genyen nan seremoni an ak nan resepsyon an montre bèl kalite ki soti nan lespri Bondye. Pa abiye yon fason ki estravagan, epi veye pou n pa suiv koutim ki pa ann amoni ak sa Bib la di. Lè n ap planifye maryaj nou, pale klè youn ak lòt e ak moun nan fanmi nou sou sa n ta renmen. — w25.12, paj 21-24.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje