BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 desanm p. 26-30
  • Frè ak sè ki granmoun yo gen anpil valè pou kongregasyon an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Frè ak sè ki granmoun yo gen anpil valè pou kongregasyon an
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA JEWOVA VLE W FÈ
  • OU KAPAB ITIL LÒT MOUN ANPIL
  • JEWOVA APRESYE TOUT SA W FÈ POU LI
  • KONTINYE FÈ TOUT SA W KAPAB POU W EDE LÒT MOUN
  • Jewova pran swen sèvitè l yo ki aje avèk tandrès
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • W ap gen kè kontan lè w bay Jewova sa w genyen ki pi bon an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Ann bay frè n ak sè n ki granmoun yo anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Sèvi Jewova anvan vye jou yo rive sou ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 desanm p. 26-30
Foto ki ansanm: Frè ak sè ki granmoun k ap sèvi Jewova ak kè kontan. 1. Yon frè k ap souri pandan l ap gad anlè avèk konfyans. 2. Yon sè ki nan chèz woulant k ap bay yon dam k ap pran swen moun ki malad yon feyè. 3. Yon sè k ap fè kòmantè nan reyinyon. 4. Yon sè ki kenbe bra yon jèn frè pandan y ap preche ansanm. 5. Yon frè k ap pase yon ti tan ak de timoun ansanm ak manman yo nan yon Sal Wayòm.

Frè ak sè ki granmoun yo gen anpil valè pou kongregasyon an

“Lè m ap reflechi, mwen sezi wè kantite bagay mwen te konn fè lè m te jèn. Kounye a, mwen vin granmoun, mwen pa ka fè tout sa m te konn fè yo ankò.” — Connie, 83 an.

Petèt ou menm tou ou pa ka fè tout sa w te konn fè yo ankò akoz laj. Menm lè w gen anpil ane depi w ap sèvi Jewova fidèlman, ou ka mal wè tèt ou akoz ou pa ka fè tout sa w te konn fè yo ankò. Pa egzanp, ou ka gen tandans konpare sa w ap fè kounye a ak sa w te konn fè lontan. Si se nan sitiyasyon sa w ye, ki sa k ka ede w gen kè kontan?

SA JEWOVA VLE W FÈ

Mande tèt ou: ‘Ki sa Jewova vle m fè?’ Ou ka jwenn konsolasyon nan pawòl ki nan Detewonòm 6:5 lan ki di: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout fòs nou.”

Selon vèsè sa a, Jewova vle w sèvi l ak tout kè w, ak tout nanm ou e ak tout fòs ou. Pawòl sa yo ka ede w pou w pa konpare tèt ou ak lòt moun, oswa pou w pa konpare sa w kapab fè kounye a ak sa w te konn fè lontan.

Fè yon ti reflechi. Lè w te pi jèn, ki sa w te konn bay Jewova? Pifò sèvitè Jewova yo t ap di yo te konn bay Jewova sa yo te genyen ki pi bon an. Pou ou menm, sa w te genyen ki te pi bon an se te selon sitiyasyon w lè sa a. Ki sa w kapab bay Jewova kounye a? Petèt se sa w genyen ki pi bon an selon sitiyasyon w jodi a, sa w kapab fè kounye a. Si se konsa w wè bagay yo, ou ka di w ap bay Jewova menm sa w te konn ba l lontan an. Lontan ou te konn ba l sa w te genyen ki pi bon an, kounye a w ap ba l sa w genyen ki pi bon an.

Foto ki ansanm: Yon sè ki gen plizyè ane depi l ap sèvi Jewova fidèlman. 1. Sa gen plizyè dizèn ane, sè a te jèn, li t ap pale ak yon dam pandan l t ap preche kay an kay. 2. Kounye a, sè a granmoun, l ap preche nan telefòn ak yon jèn sè.

Ou te bay Jewova sa w te genyen ki pi bon an lè w te pi jèn, ou kontinye ba l sa w genyen ki pi bon an nan vyeyès ou.

OU KAPAB ITIL LÒT MOUN ANPIL

Men yon lòt bagay ou dwe reflechi sou li: Olye w ret ap panse sèlman ak sa w pa ka fè ankò akoz laj ou, panse pito ak pakèt okazyon w genyen pou w ede lòt moun. Etandone w vin granmoun, gen yon seri bagay ou ka fè kounye a ou pa t ka fè lè w te pi jèn. Pa egzanp, men sa w ka fè:

Ou kapab pataje eksperyans ou ak lòt moun. Panse ak pawòl ki vin annapre yo nou jwenn nan Bib la:

Wa David: “Mwen te jèn yon lè, e kounye a mwen vin granmoun, men, mwen pa janm wè Bondye abandone yon moun ki jis, ni mwen pa janm wè pitit li ap mande charite.” — Sòm 37:25.

Jozye: “Kounye a, gade! Mwen pral mouri. Nou konnen byen ak tout kè nou e ak tout nanm nou pa gen yon pawòl nan tout bèl pwomès Jewova, Bondye nou an, te di nou ki pa reyalize. Yo tout nèt reyalize pou nou. Pa gen yon pawòl ladan yo ki pa reyalize.” — Joz. 23:14.

David ak Jozye te sèvi Jewova fidèlman pandan plizyè dizèn ane e yo te wè anpil bagay nan lavi yo. Lefètke pawòl sèvitè fidèl Jewova sa yo te di yo se eksperyans yo te fè ki fè yo te di yo, pawòl sa yo te gen plis fòs toujou.

Si w gen lontan depi w ap sèvi Jewova, ou menm tou ou kapab di sa w wè Jewova fè pou ou oswa pou lòt moun. Èske w sonje yon lè ou te wè Jewova te ede sèvitè l yo yon fason espesyal? Ebyen, ou ka rakonte lòt moun sa! Sa ka ankouraje yo, jan petèt ou deja viv sa. Donk, lè lòt moun tande eksperyans ou fè nan sèvis Jewova, sa ka ankouraje yo anpil. — Wom. 1:​11, 12.

Yon lòt fason ou ka ankouraje lòt moun se lè w asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan depi w kapab. Sa ka ankouraje ni frè ak sè yo ni ou menm. Men sa Connie, nou te pale de li pi wo a, di: “Lè m al nan reyinyon, sa ede m pou m pa dekouraje. Mwen tèlman jwenn lanmou nan Sal Wayòm nan, ki jan m ta ka fè dekouraje? Mwen fè efò pou m montre lòt moun m apresye yo lè m ba yo ti kado. Epitou, mwen kontinye fè efò pou m patisipe nan aktivite kongregasyon an ansanm ak frè m ak sè m yo.”

JEWOVA APRESYE TOUT SA W FÈ POU LI

Bib la chaje ak egzanp moun ki te gen yon seri bagay yo pa t kapab fè akoz sitiyasyon yo, epoutan Jewova te renmen yo. Ann pran egzanp Simeyon, yon Izrayelit ki te granmoun ki te vivan lè Jezi te fèt. Lè Simeyon t al nan tanp lan, se sèten li te wè yon seri moun ki te pi jèn pase l ki t ap fè yon seri travay enpòtan. Men, e Simeyon li menm? Simeyon te ka panse nan laj li rive a, li pa gen anpil valè pou Jewova. Men, se pa konsa Jewova te wè l. Li te wè Simeyon se te “yon moun ki jis, ki te gen lakrentif pou” li e l te beni l lè l te ba l privilèj pou l wè Jezi pandan Jezi te tibebe. Jewova te menm sèvi ak Simeyon pou l fè konnen se Jezi ki Mesi Li pwomèt la (Lik 2:​25-35)! Se vre Simeyon te granmoun, men Jewova pa t gad sou sa. Li te wè Simeyon te gen yon gwo lafwa, epitou Simeyon “te gen lespri sen sou li”.

Jozèf ak Mari ki kontan montre Simeyon Jezi pandan Jezi tibebe.

Jewova te beni Simeyon, li te ba l privilèj wè Jezi pandan Jezi te tibebe e pou Simeyon te fè konnen se Jezi ki Mesi Li te pwomèt la.

Ou menm tou, ou kapab gen asirans Jewova bay sèvis fidèl w ap ba li a anpil valè menmsi gen bagay ou ka pa kapab fè. Bondye ap aksepte yon sakrifis “sitou selon sa yon moun genyen, se pa selon sa yon moun pa genyen”. — 2 Kor. 8:12.

Donk, konsantre sou sa w kapab fè. Pa egzanp, ki sa w kapab fè nan travay predikasyon an, menmsi se pandan yon ti tan? Èske w ka ede lòt moun lè w rele yo nan telefòn oswa ou voye yon kat pou yo? Aksyon senp konsa ki demontre lanmou ka gen gwo efè sou kwayan parèy ou, sitou lè se yon moun ki gen anpil tan depi l ap sèvi Jewova ki fè yo.

Menmsi w pa ka fè tout sa w ta renmen fè nan sèvis Jewova a, ou ka toujou bay Jewova sa w genyen ki pi bon an. N ap jwenn yon bèl eksperyans yon sè ann Afrik delès te fè nan kare ki gen tit “Sa te sove lavi l”.

Sonje, lefètke nou gen anpil ane depi n ap sèvi Jewova e nou kontinye sèvi l fidèlman, sa kapab ankouraje lòt moun. Andirans nou se yon egzanp pou lòt moun, e nou kapab gen asirans “Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l lè nou ede moun ki sen yo e nou kontinye ap ede yo”. — Ebre 6:10.

KONTINYE FÈ TOUT SA W KAPAB POU W EDE LÒT MOUN

Gen etid ki montre anpil gason ak fi ki granmoun k ap ede lòt moun gen pi bon sante, yo gen pi bon memwa e yo viv pi lontan.

Nòmalman, se pa bon bagay nou fè pou lòt moun k ap fè nou pa gen yon seri pwoblèm moun konn genyen lè y ap antre nan laj. Se Wayòm Bondye a sèlman ki pral fè sa lè l elimine sa k lakòz moun vin granmoun ak sa k lakòz yo mouri, anpalan de peche. — Wom. 5:12.

Sepandan, sèvis n ap bay Jewova a, sa gen ladan l ede lòt moun aprann konnen l, fè esperans nou genyen an rete djanm, e sa ka menm bon pou sante nou. Frè n ak sè n ki granmoun yo, tanpri, sonje Jewova bay sa n ap fè nan sèvis li anpil valè e kongregasyon an bay bèl egzanp nou bay antanke moun ki gen lafwa anpil valè.

Yon sè ki granmoun k ap patisipe nan temwayaj ak charyo. L ap li yon vèsè pou yon jèn dam ki gen dlo k ap koule nan je l.

Sa te sove lavi l

Te gen yon jèn dam ki t ap pase bò kot yon charyo piblikasyon. Te gen yon sè ki granmoun ki te bò kot charyo a ki salye dam nan e ki mande l èske l ka li yon vèsè ankourajan pou li. Sè a te li Jeremi 29:11 ki di Jewova ap ban nou lapè e l pap lage malè sou nou. Sè a te mande dam nan: “Èske w wè ki avni Bondye vle w genyen?”

Sa te touche jèn dam nan anpil. Li te di ak dlo nan je: “Li vle m gen yon avni kote m ap gen lapè ak espwa. Mèsi anpil dèske w li vèsè sa a pou mwen. Mwen kwè se repons priyè m. Dènye jou sa yo, mwen jwenn anpil pwoblèm youn apre lòt. Bagay yo tèlman difisil pou mwen, mwen t ap panse touye tèt mwen. Maten an, m te priye Bondye pou l ban m yon siy ki fè m wè li toujou gen sousi pou mwen. Epi ou menm, yon moun mwen pa menm konnen, kanpe m epi w li yon vèsè pou mwen ki fè m wè egzakteman sa Bondye gen nan lide l pou mwen. Mwen konnen se pa yon aza.”

Sè a te montre dam nan plizyè atik sou jw.org ki kapab ede l sèvi ak Bib la pou l ka fè fas ak yon seri panse ki konn fè moun anvi touye tèt yo. Apre sa, sè a te esplike l ki jan yo fè yon etid Labib e l te envite l nan reyinyon. Nan semèn ki te vin apre a, dam nan te asiste reyinyon nan wikenn nan, e kounye a li kòmanse fè etid nan bwochi Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an.

Kèlkeswa laj ou, èske w ka patisipe nan temwayaj ak charyo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje