ENDONEZI
Java delwès bay bon rezilta
Theodorus Ratu.
Nan ane 1933, Frank Rice te mande Theodorus (Theo) Ratu, yon frè ki fèt nan Soulawesi dinò, vin ede l jere depo piblikasyon ki te nan Jakata a. Men sa Theo sonje: “M te vin enterese anpil nan bèl travay Wayòm nan e m te kòmanse preche ak frè Rice. Apre sa, m te akonpaye Bill Hunter nan yon kanpay predikasyon nan Java e m te pami moun ki te sou bato Lightbearer a lè l t apral nan Soumatra.” Theo se premye endonezyen ki te aksepte laverite e l te pyonye pandan plizyè dizèn ane nan Java, Soulawesi dinò ak Soumatra.
Nan ane apre a, Bill Hunter te bay Felix Tan, yon etidyan ki t ap viv Jakata, bwochi Ki kote mò yo ye? a. Lè Felix te retounen lakay fanmi l nan Bandoung, Java delwès, li te montre ti frè l la ki rele Dodo bwochi a. Toule de te sezi lè yo te aprann nan bwochi a, Adan, premye gason an, pa t gen yon nanm ki pa ka mouri. Adan te yon nanm (Jen. 2:7, nòt). Etandone Felix ak Dodo te vin swaf verite espirityèl yo anpil, yo te pase nan tout libreri ki vann liv dezyèm men nan Bandoung yo pou yo chèche plis piblikasyon Watch Tower. Anplis de sa, yo te pataje sa yo t ap aprann yo ak fanmi yo. Apre yo te fin byen egzamine tout liv ak tout bwochi yo te ka jwenn, yo te ekri yon lèt voye nan depo piblikasyon ki nan Jakata a. Yo te sezi lè Frank Rice te vin vizite yo pou l ankouraje yo e l te pot nouvo piblikasyon pou yo.
Fanmi Tan.
Tousuit apre frè Rice te fin retounen Jakata, Clem ak Jean Deschamp, ki te fèk marye, te vin pase 15 jou Bandoung. Men sa Felix fè konnen: “Frè Deschamp te mande fanmi nou si n ta renmen batize. Nou kat nan fanmi an te batize pou n senbolize ve n te fè Jewova a. Se te Dodo, Josephine (Pin Nio) ti sè m nan, Kang Nio, manman m epi mwen menma.” Apre batèm yo, fanmi Tan ak Clem ak Jean te patisipe nan yon kanpay predikasyon ki te dire nèf jou. Clem te montre yo fason pou yo preche ak yon kat temwayaj ki te gen yon mesaj byen senp nan twa lang. Byen vit, ti gwoup nan Bandoung nan te vin tounen dezyèm kongregasyon ann Endonezi.
Chapo Pap la
Toutpandan travay predikasyon an t ap vale teren, klèje lakretyente yo te kòmanse remake Temwen yo. Yo menm ak patizan yo te met ansanm pou ekri kèk atik nan laprès kont kwayans Temwen yo ak travay y ap fè a. Atik sa yo te fè Depatman zafè relijye Endonezi a konvoke Frank Rice pou poze l kesyon. Piske fonksyonè yo pa t gen pwoblèm ak repons Frank te bay yo, yo te kite travay la kontinye san pwoblèmb.
Nan kòmansman ane 1930 yo, pifò ofisyèl ki te kolonize peyi a pa t okouran de travay predikasyon an oubyen yo te tolere l. Sepandan, lè Almay Nazi a te kòmanse ap vale teren ann Ewòp, gen kèk gwo potanta ki te vin opoze ak Temwen yo, sitou sa ki te katolik wouj yo. Men sa Clem Deschamp sonje: “Te gen yon ajan dwàn katolik ki te sezi yon kagezon liv pou nou sou pretèks liv yo ap pale pati Nazi a mal. Lè m t al nan Depatman dwàn nan pou m pote plent, fonksyonè ki pa t vle wè n nan te an vakans. Mesye ki te byen janti ki te ranplase l la, ki pa t katolik, te remèt nou liv yo byen vit e l te di: ‘Pran tout sa n kapab pandan lòt mesye a pa la!’”
Men sa Jean Deschamp fè konnen: “Yon lòt lè, fonksyonè yo te ensiste pou n retire de foto nan liv Ennemis an (fransè). Yo te vle n retire foto yon sèpan (Satan) ak foto yon pwostitye ki sou (fo relijyon). Toule de te gen chapo (Mit) Pap la sou tèt yoc. Nou te detèmine pou n distribye liv la. Donk, twa nan nou t al chita sou waf la, anba yon gwo chalè k ap toufe moun e n te pase plim sou foto chapo Pap la nan plizyè milye liv.”
De foto nan liv Ennemis an ofisyèl yo te entèdi yo.
Tank zòn Ewòp la t ap antre pi fon nan gè a se tank piblikasyon nou yo te kontinye pale sou ipokrizi lakretyente a ak fason yo mele nan zafè politik ak plis fòs. Kòm rezilta, klèje a te fè plis presyon toujou sou otorite yo pou yo limite travay n ap fè a e pou yo entèdi plizyè nan piblikasyon nou yo.
Sepandan, frè yo te detèmine pou yo kontinye travay la e yo te byen sèvi ak enprimri yo te resevwa ki te sot ann Ostrali a (Tra. 4:20). Men sa Jean Deschamp te di pou l esplike youn nan bagay frè yo te fè: “Kit nou te enprime yon nouvo bwochi oswa yon peryodik, nou te dwe voye youn bay otorite yo pou n te ka jwenn apwobasyon. Nou te konn enprime piblikasyon an epi nou distribye l nan kòmansman semèn nan. Epi, nan fen semèn nan, nou te voye youn nan biwo reprezantan gouvènman an. Lè yo pa t apwouve yon piblikasyon, nou te konn sekwe tèt nou pou n montre nou tris, epi nou kouri al nan enprimri a pou n enprime nouvo piblikasyon an.”
Frè ak sè ki te konn distribye piblikasyon yo entèdi yo te konn jwe jwèt lago kache ak lapolis. Pa egzanp, pandan Charles Harris t ap bay temwayaj nan Kediri, nan Java delès, san l pa konnen, li t al lakay enspektè polis nan zòn nan.
Enspektè a te di l: “M t ap chèche w pandan tout jounen an. Tann mwen la pandan m pral chèche lis piblikasyon yo entèdi yo.”
Men sa Charles fè konnen: “Pandan enspektè a te fou ap chèche lis la, m te pran piblikasyon yo entèdi a e m sere l nan pòch ki pa anndan manto m nan. Lè l retounen, m te ba l 15 bwochi yo pa t entèdi. Li te fè yon ofrann ak de kè e m te plase piblikasyon yo entèdi a yon tikras pi lwen nan lari a.”
Nou enprime anba presyon
Pandan Dezyèm Gè mondyal la t ap fè raj ann Ewòp, yo te sispann transpòte piblikasyon sot Peyiba pou vin Endonezi. Men, frè yo te gentan wè ki pwoblèm sa t apral bay, se sa k fè, avèk pridans, yo te fè aranjman pou yon antrepriz komèsyal enprime peryodik yo nan Jakata. Premye peryodik Konsolasyon (kounye a ki se Réveillez-vous!) ann endonezyen an te parèt an janvye 1939, e premye Toudegad ann endonezyen an te parèt tousuit apre. Apre sa, frè yo te achte yon ti enprimant e yo te kòmanse enprime peryodik yo sèlman. An 1940, yo te resevwa yon pi gwo enprimant ki te sot Ostrali e yo te enprime bwochi ak peryodik ann endonezyen ak neyèlandè grasa lajan ki sot nan pòch yo.
Y ap debake ekipman premye enprimri a nan depo Jakata a.
Finalman, nan dat 28 jiyè 1941, otorite yo te entèdi tout piblikasyon Watch Tower Society yo. Men sa Jean Deschamp sonje: “Yon jou maten, pandan m t ap tape nan biwo a, pòt yo te ouvè byen laj e twa polisye ak yon gwo fonksyonè neyèlandè te parèt. Fonksyonè a te byen abiye ak gwo rad ofisyèl li: meday, gan blan, epe ak yon chapo ki gen plim. Nou pa t sezi lè n te wè yo piske twa jou anvan sa, grasa kèk moun ki te okouran, nou te aprann anvan lontan yo t apral entèdi tout piblikasyon nou yo. Fonksyonè ki te byen abiye a te li yon deklarasyon byen long e l te mande n mennen l nan enprimri a pou l ka fèmen l. Men, mari m te di l li gentan twò ta paske nan lavèy nou te vann enprimant lan!”
Sepandan, yo pa t entèdi Bib la. Donk, frè yo te kontinye sèvi ak Bib la pou yo preche kay an kay. Yo te konn etidye Labib ak moun yo tou. Men, piske te gen posiblite pou lagè eklate ann Azi, pyonye etranje yo te jwenn enstriksyon pou yo retounen Ostrali.
a Pi devan, papa Felix ak twa lòt ti frè Felix te vin Temwen tou. Josephine, sè l la, te vin marye ak André Elias e l te asiste Lekòl Galaad. Nou ka li byografi l nan Réveillez-vous! septanm 2009.
b Apre Dezyèm Gè mondyal la, Frank te retounen ann Ostrali e l te vin gen yon fanmi sou kont li. Frè Rice te fini lavi l sou tè a an 1986.
c Foto yo te baze sou Revelasyon 12:9 ak 17:3-6.