BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb16 p. 114-p. 118 par. 3
  • Misyonè Galaad yo rive

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Misyonè Galaad yo rive
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • Soutit
  • Predikasyon nan lòt zòn
  • Nou pwodui piblikasyon nan lang endonezyen
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
yb16 p. 114-p. 118 par. 3
Kongregasyon Sourabaya a nan Java delès ak kèk lòt misyonè nan zòn nan, 8 avril 1955.

Kongregasyon Sourabaya a, 1954.

ENDONEZI

Misyonè Galaad yo rive

Nan mwa jiyè 1951, frè ak sè nan ti kongregasyon Jakata a te rasanble pou yo akeyi Peter Vanderhaegen ki se premye misyonè Lekòl Galaad ki te vin Endonezi. Pou rive nan fen ane a, 13 lòt misyonè te vini e yo te soti Ostrali, Almay ak Peyiba, sa ki te prèske double kantite pwoklamatè ki te gen nan peyi a.

Yon chema ki montre kantite pwoklamatè ak pyonye ki te gen ann Endonezi soti 1951 rive 1976.

Men sa Fredrika Renskers, yon misyonè neyèlandè, te fè konnen: “M te konn ap imajine m k ap preche kay an kay e k ap fè siy pou m pale ak moun yo. Men, piske anpil moun te pale neyèlandè, m te plis preche nan lang sa a okòmansman.” Ronald Jacka, ki soti Ostrali, te di: “Gen kèk nan nou ki te sèvi ak kat temwayaj la ki te gen yon mesaj tou kout ladan l nan lang endonezyen. M te konn gade kat la anvan m frape chak pòt e m te eseye aprann mo yo pa kè.”

Piske misyonè yo te byen pran latèt nan travay la, kantite pwoklamatè yo te ogmante byen vit soti 34 pou rive 91 nan ennan sèlman. Jou ki te 1ye septanm 1951 an, yo te tabli biwo filyal Watch Tower Society a nan mitan vil Jakata, lakay André Elias. Se Ronald Jacka yo te asiyen kòm sèvitè filyal.

Predikasyon nan lòt zòn

An novanm 1951, Peter Vanderhaegen te jwenn asiyasyon pou l al preche nan Manado, Soulawesi dinò, kote Theo Ratu ak madanm li te fòme yon ti gwoup. Pifò moun nan zòn nan te di yo se kretyen e yo te gen gwo respè pou Pawòl Bondye a. Anpil moun te konn envite Temwen yo vin esplike yo doktrin biblik yo lakay yo. Byen souvan, yo te konn pale souvan ak gwoup ki gen dis moun, e kenz minit annapre, gwoup sa yo te konn rive anviwon 50 moun. Nan espas inèdtan, konvèsasyon an te konn kontinye nan lakou ki devan kay la e gen jiska 200 moun ki te konn koute.

Nan kòmansman ane 1952, Albert ak Jean Maltby te tabli yon mezon misyonè nan dezyèm pi gwo vil Endonezi a ki se Sourabaya, nan Java delès. Te gen sis lòt sè misyonè ki te vin jwenn yo: Gertrud Ott, Fredrika Renskers, Susie ak Marian Stoove, Eveline Platte ak Mimi Harp. Men sa Fredrika Renskers di: “Pifò moun nan zòn nan te Mizilman e yo te vrèman amikal. Sanble anpil moun t ap tann laverite, konsa li te fasil pou n kòmanse etid biblik. Nan twazan, kongregasyon Sourabaya a te vin gen 75 pwoklamatè.”

Kèk misyonè nan Sourabaya, nan Java delès.

Mezon misyonè nan Jakata.

Nan menm epòk sa a, gen yon Mizilman ki rele Azis e ki se moun Padang, nan Soumatra delwès, ki te ekri biwo filyal la yon lèt pou l mande èd nan domèn espirityèl. Gen yon pyonye ostralyen ki te etidye Labib ak Azis nan ane 1930 yo, men l te vin pèdi kontak ak Temwen yo pandan okipasyon japonè yo. Apre sa, li te jwenn yon bwochi Temwen Jewova yo te pibliye. Men sa l te ekri: “Lè m te wè adrès Jakata sou bwochi a, m te kontan anpil!” San pèdi tan, biwo filyal la te mande Frans van Vliet, yon siveyan sikonskripsyon, pou l al Padang. Li te vin aprann Azis te pale ak yon vwazen l ki rele Nazar Ris, yon fonksyonè sivil ki te swaf laverite. Toule de mesye yo ak fanmi yo te aksepte laverite. Frè Azis te vin yon ansyen ki fidèl. Nazar Ris te vin yon pyonye espesyal e anpil nan timoun li yo kontinye ap sèvi antanke Temwen zele jis jodi a.

Frans van Vliet ak Nel, ti sè l la.

Frans van Vliet ak Nel, ti sè l la.

Yon ti tan annapre, Frans van Vliet t al vizite yon frè neyèlandè inaktif pandan frè a t ap travay nan renovasyon yon izin luil nan Balikpapan, Kalimantan delès, ki te andomaje pandan gè a. Frans t al nan predikasyon ak frè a e l te ankouraje l etidye ak plizyè moun ki enterese. Anvan frè a te retounen Peyiba, li te fòme yon ti gwoup nan Balikpapan.

Annapre, Titi Koetin, yon sè ki te fèk batize, t al viv Banjarmasin, nan Kalimantan disid. Titi te preche manm fanmi l ki nan kominote Dayak la e l te anseye anpil ladan yo laverite. Kèk nan nouvo sa yo te retounen nan vilaj ki byen fon nan Kalimantan yo e yo te fòme yon seri gwoup ki te vin tounen kongregasyon ki byen djanm.

Nou pwodui piblikasyon nan lang endonezyen

Toutpandan travay predikasyon an t ap gaye byen vit, frè yo te vin gen bezwen plis piblikasyon ann endonezyen. An 1951, yo te tradui liv “Se pou yo rekonèt Bondye veridik” la (anglè), men, otorite yo te revize sistèm vokabilè endonezyen an, sa ki te fè l nesesè pou filyal la revize tradiksyon ana. Lè yo te resi fin revize liv la, lektè endonezyen yo te vin pi enterese nan mesaj la.

An 1953, biwo filyal la te enprime 250 Toudegad ann endonezyen, e se premye edisyon ki te vin egziste nan zòn nan depi 12 an. Okòmansman, se sèlman atik etid yo ki te nan toule 12 paj peryodik la. Twazan annapre, li te vin gen 16 paj e gen yon konpayi ki te enprime 10 000 peryodik nan yon mwa.

Yo te kòmanse pibliye Réveillez-vous! chak mwa ann endonezyen an 1957. San pèdi tan, yo te kòmanse enprime 10 000 Réveillez-vous! Piske te vin manke papye pou yo enprime nan tout peyi a, frè yo te bezwen aplike pou yo gen yon lisans pou yo itilize papye. Fonksyonè gouvènman ki t ap travay sou dokiman yo a te di yo: “Pou mwen menm, Menara Pengawal la (Toudegad) se youn nan pi bon peryodik ki genyen ann Endonezi e m vrèman kontan ede n jwenn lisans pou nouvo peryodik nou an.”

a Depi 1945, yo te fè de gwo revizyon nan sistèm vokabilè endonezyen an pou yo te ka ranplase ansyen sistèm vokabilè neyèlandè a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje