Meksik: Yo aprann bray ansanm.
PREDIKASYON AK ANSÈYMAN SOU TOUT TÈ A
Amerik
PEYI 57
POPILASYON 998 254 087
KANTITE PWOKLAMATÈ 4 154 608
KANTITE ETID BIBLIK 4 353 152
“M ap aprann avè w”
Ismael ap viv Meksik e li te deside li tout Bib la. Nan ennan, li te li l de fwa. Men, li te vin avèg. Kèk ane annapre, gen yon Temwen Jewova ki rele Ángel ki te rankontre Ismael e ki te pale l de pwomès Bondye fè yo. Ismael te chofe pou l konn plis, men, li di: “Mwen pa ka li Bib la paske mwen avèg.”
Pou Ángel ankouraje l li di l: “Pa enkyete w, m ap aprann ou li bray.”
Ismael di: “Ou konn li bray?”
Ángel reponn: “Non, men m ap aprann avè w.” Ismael pa t ka kwè Ángel t ap fè sa pou li. Men, lè Ángel rive lakay li, li fè rechèch sou fason pou moun li bray e li prepare lèt yo sou fèy playwoud. Apre sa, li kòmanse montre Ismael ki jan pou l li bray. Ismael pa t pran tan pou l aprann alfabè bray la, pou l asiste reyinyon yo e pou l li piblikasyon an bray yo. Kounye a, Ángel gen kat etidyan Labib ki avèg. Yo kontan pale sou Paradi ki gen pou vini an, lè y ap kapab wè ankò.
Li pa t rekonèt se li
Viannei se yon sè ki gen 14 an k ap viv Ozetazini. Men sa l ekri: “Nan kou syans sosyal la, pwofesè ki te kenbe pou pwofesè nou an te kòmanse pale sou relijyon. Li te mande nou pou n site kèk non relijyon, donk mwen te site Temwen Jewova yo. Elèv yo te ri, yo te di Temwen Jewova yo fè yo pèdi tan yo, nou pa gen anyen pou n fè, e yo jete piblikasyon nou yo. Menm pwofesè a te pale nou mal.
“M te priye pou Jewova ban m kouraj pou m bay temwayaj. Mwen te di yo lè nou ale lakay yo se Jewova ki voye nou ba yo bonjan konsèy nan Bib la, se pa tan nou vle fè yo pèdi. Mwen te mande yo pou yo pa jete piblikasyon nou yo, paske yo ka chanje lavi yo epi sove yo. Pwofesè a te mande m eskiz, e li te pwomèt mwen pwochen fwa Temwen yo frape pòt li, l ap ouvri pou l koute yo epi l ap li piblikasyon nou yo. M pa t kwè li t ap fè sa vre.
“Mwen te wè l kat mwa annapre, e mwen te sezi lè l te di m l ap etidye Labib. Sis mwa ankò apre sa, li te chèche nan lekòl la pou l di m mèsi paske m te preche l. M pa t menm rekonèt se li paske li te koupe cheve l e li te fè bab li. Kounye a, li se yon pwoklamatè ki poko batize.”
Yo preche nan Amazòn
Ane pase, Temwen Jewova nan peyi Brezil te konsantre predikasyon yo sou Amazòn, yon zòn nan peyi a ki gwo anpil. Anpil nan moun k ap viv nan zòn sa a potko janm tande bon nouvèl la. Se sa k fè, Kolèj santral la te dakò pou yo fè yon kanpay espesyal pandan ennan pou yo ka rive preche plizyè milye moun k ap viv nan kèk pati ki pi lwen nan zòn Amazòn nan.
Brezil: Yo preche nan Amazòn.
Gen yon seri rivyè ki konekte ak gwo flèv Amazòn nan e gen yon pakèt vil sou dlo sa yo. Konsa, filyal la te chwazi 53 nan vil sa yo pou pwoklamatè yo al preche. Nan kat mwa sèlman, gen plis pase 6 500 pwoklamatè ki te aksepte patisipe nan kanpay sa a.
Gen dis frè ak sè ki te fè 11 jou nan vil Anama, yon vil ki izole ki pa gen okenn pwoklamatè. Yo te bay plis pase 12 500 piblikasyon e yo te kòmanse anviwon 200 etid Labib. Yo kontinye fè etid sa yo nan telefòn. Pandan frè yo te la, yo te fè reyinyon tou. Nan dènye reyinyon yo te fè anvan yo tounen lakay yo, yo te kontan wè te gen 90 moun ki te asiste. N ap tann pou n wè ki rezilta kanpay sa a ap bay.
Li ankouraje l al sou jw.org
Jehizel ak Mariana se de jèn fi k ap viv Venezyela e yo te nan menm klas pandan sis ane ki sot pase yo. Souvan, Mariana te konn bat plezi sou do Jehizel paske Jehizel se Temwen Jewova. Mariana te kwè Jehizel pa t konn pran plezi l. Yon jou, apre Marina fin pase Jehizel nan jwèt kont li, Jehizel di l: “Mariana, al sou jw.org, sit Entènèt nou an. Epi ale nan seksyon ki rele ‘Jwenn Videyo’ a epi klike sou ‘Jèn’.”
Nan aprèmidi, Mariana rele Jehizel, li di l: “Kounye a, m konnen poukisa w aji konsa.”
Kòm Jehizel pa fin konprann sa l vle di, li mande l: “Èske se nan jwèt w ap pase m toujou?”
Mariana di l: “Non, m pap janm pase w nan jwèt ankò. M di w mèsi, kounye a m vin wè se paske m te panse m t ap ‘pran plezi m’ ki fè m tonbe nan anpil pwoblèm.” Yo te pran dispozisyon pou Mariana etidye Labib regilyèman e kounye a li asiste tout reyinyon yo.
Li poze pastè a kesyon
Gérole se yon dam ki t ap travay kòm sekretè nan legliz li ann Ayiti. Li te sezi lè Temwen Jewova yo te sèvi ak Bib la pou yo reponn tout kesyon li te genyen yo. Li menm ak pitit fi l te aksepte etidye Labib. Yo te tèlman renmen sa yo te aprann yo, yo te mande fè etid la de fwa nan semèn nan.
Apre twa mwa, Gérole t al kot pastè legliz li a e l te poze l kat kesyon: “Nan ki ane Jezi te vin wa? Ki kote bon moun yo ale lè yo mouri? Ki kote moun ki mechan yo ale lè yo mouri? Èske se sou yon kwa Jezi te mouri oswa sou yon poto?” Pastè a te di l se sèlman dezyèm ak twazyèm kesyon an l ap ka reponn. Li di: “Temwen Jewova yo di se 144 000 moun ki pral nan syèl, men mwen menm, mwen di tout moun ki fè volonte Bondye pral nan syèl. Kanta pou mechan yo, yo pral boule nan lanfè pou toutan.” Lè Gérole te mande pastè a pou l di l ki vèsè ki pwouve sa l di a, pastè a pa t ka ba l youn. Gérole te desi men sa te fè l gen plis detèminasyon pou l kontinye etid Labib la. Li te retire kò l kòm manm legliz la e li di li aprann plis bagay nan Bib la nan twa mwa li te fè ap etidye ak Temwen yo pase sa l te aprann pandan plis pase 30 an li te fè nan legliz la. Sa pa gen lontan Gérole ak pitit fi l la batize e y ap etidye Labib ak 23 moun nan bouk kote yo ye a.
Ayiti: Gérole ak pitit fi l la ap etidye Labib ak anpil moun.