Lis sijè yo
SEMÈN 27 JEN 2016–3 JIYÈ 2016
3 Demontre lanmou nan fason w rezoud pwoblèm ak lòt moun
Piske nou enpafè, pafwa nou kapab gen ti pwoblèm ak frè ak sè n yo. Nan atik sa a, nou pral pale de kèk prensip biblik ki ka ede n rezoud pwoblèm nou gen ak lòt moun e pou n kontinye viv anpè ak yo.
SEMÈN 4-10 JIYÈ 2016
9 “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon”
Atik sa a pral ede n konprann rezon ki fè n di Temwen Jewova yo se sèl pèp sou tè a jodi a k ap fè travay nou jwenn nan pwofesi Jezi te bay nan Matye 24:14 la. Anplis de sa, nou pral aprann sa sa vle di pou yon moun se “pechè moun”. — Matye 4:19.
SEMÈN 11-17 JIYÈ 2016
15 Ki sa w fè lè w ap pran desizyon?
Lè w ap pran desizyon, èske w annik fè sa lide w di w? Oubyen, èske w mande lòt moun ki sa w dwe fè? Atik sa a esplike rezon ki fè lè n chèche konn panse Bondye, sa ap fè n pran pi bon desizyon.
SEMÈN 18-24 JIYÈ 2016
21 Èske Bib la kontinye chanje lavi w?
Petèt ou te fè anpil gwo chanjman nan lavi w anvan w te batize. Men, kounye a, èske w santi l difisil anpil pou w fè kèk ti chanjman yon fason pou w pi byen imite Jewova ak Jezi? Atik sa a esplike rezon ki fè l ka difisil anpil pou n fè chanjman sa yo ak fason Bib la ka ede nou.
SEMÈN 25-31 JIYÈ 2016
27 Byen pwofite tout sa Jewova ban nou
Nan atik sa a, nou pral pale de yon danje nou dwe evite e n pral aprann kòman nou ka byen pwofite tout sa Jewova ban nou.