BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwex atik 30
  • Yo te renmen lèt li yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo te renmen lèt li yo
  • Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
  • Sou menm sijè a
  • E si mwen pa renmen lekòl?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Li te sezi wè rezilta li jwenn
    Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
  • Rete djanm nan domèn espirityèl pandan w ap pran swen fanmi w ki malad
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Li te rekonfòte lòt moun malgre l t ap fè fas ak gwo pwoblèm sante
    Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
ijwex atik 30
Yon mesye ki kanpe devan bwat postal li, pandan li kenbe yon lèt moun te ekri l.

Yo te renmen lèt li yo

Brooke se yon dam Temwen Jewova k ap viv Etazini. Pandan pandemi COVID-19 la li te preche pa mwayen lèt. An reyalite, chak semèn Brooke te ekri anpil lèt. Men, apre ennan edmi li te dekouraje. Jiska moman sa a, te gen yon sèl moun ki te reponn li, e mesye a te di l pa janm ekri l ankò. Brooke pa t panse pèsonn te enterese nan lèt li yo.

Men, apre kèk tan, Kim, yon lòt dam Temwen Jewova k ap travay nan yon bank te pale ak Brooke de yon konvèsasyon li te gen ak yon kliyan. Mesye a te di Kim li te resevwa yon lèt yon Temwen Jewova te voye pou li. Pi devan, Kim te aprann se youn nan lèt Brooke te ekri yo! Semèn apre a, mesye a te retounen nan bank lan. Pandan l t ap pale avèk Kim, li te mande l si l te ka asiste youn nan reyinyon kongregasyon an ki te fèt pa mwayen videyo konferans nan moman sa a.

Yon ti tan apre, David, yon lòt Temwen, te fè Brooke konnen li gen yon kòlèg travay ki te resevwa yon lèt Brooke te ekri. Mesye sa a te vrèman enpresyone paske se alamen Brooke te ekri lèt la se pa tape li te tape l. Li te di: “Sa t ap bon si plis moun ta montre yo enterese nan lòt moun menm jan an.” David te pwofite okazyon an pou l pale plis de Bib la e li te ofri pou l pote piblikasyon pou li. Mesye a te byen kontan e li te aksepte.

Temwen Jewova yo byen konprann yo pa ka toujou konnen ki lè yon semans yo simen ap leve (Eklezyas 11:5, 6). Sepandan, eksperyans Brooke te fè a te ankouraje l kontinye travay nan sèvis li. — 1 Korentyen 3:6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje