Sèt konsèy pou ede w byen pwoteje sa w ap manje e rete an sante
Rezon ki fè sa w manje gen enpòtans
Sa w manje gen efè sou sante w. Si w pwoteje sa w manje e ou manje manje ki bon pou ou, w ap ka vin gen yon pi bon sante. Men, si w ap manje manje w pa byen pwoteje e si se manje ki pa bon pou ou w ap achte, sa ka lakòz ou vin gen pwoblèm sante. Se menm jan tou pou yon machin, si w ap mete vye gaz ladan l, l ap ba w pwoblèm. Yo ka pa parèt tousuit, men y ap vini kanmenm. — Galat 6:7.
Men sa Òganizasyon mondyal lasante deklare: “Chak peyi ki gen nan monn nan gen pwoblèm malnitrisyon, yon fason oswa yon lòt, paske malnitrisyon gen ladan l non sèlman kesyon pa manje kantite ou dwe a, men tou, li gen ladan l kesyon moun ki gwo depase limit. Depi w manje e bwè regilyèman manje ak bwason ki pa bon pou ou, sa ogmante risk pou gen maladi kè, stwok, pou fè sik e pou w gen kansè. Dapre yon ankèt, gen omwen 11 milyon moun ki mouri nan ane 2017 akoz manje move kalite moun sa yo t ap plede manje. Òganizasyon mondyal lasante fè konnen gen plis pase 1000 moun ki mouri chak jou akoz manje ki kontamine, epi gen plizyè santèn milyon moun ki gen pwoblèm sante akoz sa.
Bib la ankouraje nou pou n konsidere kesyon an kòm yon bagay serye. Li aprann nou Bondye se “sous lavi a”. (Sòm 36:9). Lavi se yon kado li fè n e nou montre n gen rekonesans pou sa lè n pran swen sante nou ak sante fanmi nou. Ann egzamine ki jan w kapab fè sa vre.
Kat konsèy k ap ede w byen pwoteje sa w ap manje
1. Prepare manje w yon kote ki pwòp.
Poukisa? Mikwòba ki reprezante yon danje nan manje ak nan dlo ka rantre nan kò w epi fè w malad.
Men sa espè nan domèn lasante yo rekòmande:
Anvan w kòmanse prepare manje, lave men w ak dlo ak savon.b Fwote men w youn ak lòt pandan omwens 20 segonn. Fwote do men w ak mitan dwèt ou epi grate anba zong ou. Rense epi seche men w byen.
Lè w ap netwaye kontwa ou pral koupe vyann ak legim yo, sèvi ak savon ak dlo. Fè menm bagay la pou asyèt ak kouto yo oswa nenpòt bagay manje a pral touche avè l. Anplis, evite sèvi ak menm plat yo pou manje ki pral kuit ak sa ki pap kuit.
Lave tout fwi ak tout legim yo, epitou, dezenfekte yo si w viv nan yon zòn kote yo wouze jaden yo ak dlo ki kontamine ak poupou.
2. Separe manje kuit ak manje ki pa kuit.
Poukisa? Vye jèm ki nan manje ki poko kuit ak ti dlo ki soti ladan yo kapab kontamine lòt manje.
Men sa espè nan domèn lasante yo rekòmande:
Lè w sot nan makèt oswa nan mache e w rive lakay ou, separe manje ki poko kuit yo, an patikilye vyann yo, pou yo pa kole ak manje tou prepare, apre sa, konsève yo.
Apre w fin koupe yon vyann ki poko kuit, lave byen lave ni men w ni kouto a ak kontwa a anvan w koupe lòt manje sou li.
3. Asire w manje ki bezwen yo kuit yo byen kuit.
Poukisa? Move jèm ki gen ladan yo ap mouri sèlman si manje a kuit sou yon dife byen cho pandan yon bon ti moman.
Men sa espè nan domèn lasante yo rekòmande:
Kuit manje a pou l vin byen cho. Manje ki mande kuit yo, sa ki gen ladan l nenpòt pati nan vyann bèt n ap kuit la, dwe pran bon chalè jis rive nan 70 degre Sèlsiyis pandan omwen 30 segonn.
Kite soup yo ak bouyon yo byen bouyi.
Lè w ap pral manje yon manje ki te kuit deja, chofe l pou l byen cho e pou vapè sot ladan l.
4. Konsève manje nan bon tanperati.
Poukisa? Depi yo mete manje yon kote tanperati a ant 5 ak 60 degre Sèlsiyis (oswa 40–140 degre Farennay) pandan 20 minit sèlman, kantite bakteri ki gen nan manje a kapab double. Mete sou sa, si nou pa konsève vyann nou genyen yon kote tanperati a ap byen pwoteje l, gen bakteri ki ka vin toksik nan yon nivo kote menmsi ou ta vin kuit vyann nan, sa pap detwi yo.
Men sa espè nan domèn lasante yo rekòmande:
Se pou n kenbe manje nou genyen swa cho, swa frèt pou n kapab ralanti oswa pou anpeche jèm yo miltipliye, pa kenbe l tyèd.
Pa janm kite yon manje konsa nan yon pyès ki nan tanperati nòmal pandan plis pase dezèdtan, oswa plis pase inèdtan si pyès la nan yon tanperati ki plis pase 32 degre Sèlsiyis (oswa 90 degre Farennay).
Apre manje a kuit, kenbe manje a cho jis lè w ap sèvi l bay moun.
Twa konsèy k ap ede w manje manje ki bon pou ou
1. Manje divès kalite fwi ak legim chak jou.
Fwi ak legim se sous vitamin ak mineral ki enpòtan pou sante n e yo gen lòt bagay ki bon pou nou. Òganizasyon mondyal lasante fè konnen nou bezwen pran fwi ak legim omwen senk fwa pa jou, men viv tankou pòmdetè ak manyòk pa ladan l.
2. Pa manje twòp grès ak twòp luil.
Òganizasyon mondyal lasante rekòmande pou n pa manje twòp manje ki fri nan grès ak manje ki soti nan izin oswa manje konsèv yo, paske manje sa yo gen grès ki pa bon pou kò nou. Lè sa posib, kuit manje ak luil vejetal ki pa gen move grès ladan l.c Luil sa yo pi bon pase grès ki pwès yo.
3. Pa manje ni twòp sik ni twòp sèl.
Òganizasyon mondyal lasante rekòmande pou moun ki adilt yo manje mwens pase yon ti kiyè sèl pa jou nan manje yo. Se menm jan an tou, li rekòmande pou se mwens pase douz ti kiyè sik yon moun pran pa jou.d Gen sik nan prèske tout pwodui pou manje ak bwason yo fè nan izin. Pa egzanp, nan yon boutèy kola nòmal, gen plizoumwen 10 ti kiyè sik. Alòske nan yon boutèy kola gen anpil kalori, pa gen anpil vitamin ladan l, si ta menm genyen.
Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.” (Pwovèb 22:3). Lè w aji tankou yon moun ki gen lespri e w fè chanjman ki nesesè yo, ou montre Bondye ou gen apresyasyon pou lavi l ba ou ak sante w genyen.
Sa anpil moun panse, men ki pa vre
Sa yo panse: Tout manje bon, depi li bèl, li santi bon e li gen bon gou.
Sa ki verite: Pou yon dlo parèt twoub, li dwe gen plis pase 10 milyon bakteri nan yon boutèy ki se yon lit, alòske 15 a 20 move bakteri kapab fè yon moun malad. Pou asire w manje w manje ak bwason ou bwè pa gen move bakteri, prepare yo, sèvi yo epi konsève yo nan tanperati ak tan yo rekòmande yo.
Sa yo panse: Mouch pa gate manje.
Sa ki verite: Se nan vye bagay mouch nouri tèt yo epi yo fè pitit, pa egzanp, poupou. Se sa k fè yo konn pote anba pat yo plizyè milyon jèm ki lakòz maladi. Pou w kapab pwoteje manje w kuit pou mouch pa poze sou li, kouvri l nèt.
Sa yo panse: “Sa fè anpil tan m ap manje manje ki pa bon, donk, sa pap sèvi anyen pou m chanje fason m manje.”
Sa ki verite: Moun k ap fè rechèch yo wè si yon moun manje manje ki bon pou sante l, sa ap bese risk ki genyen pou l mouri anvan lè, e moun sa a ap jwenn lòt avantaj depi l kenbe menm rejim nan.
a Mikwòb, se yon seri bagay ki vivan ki toupitipiti, sa fè moun pa ka wè yo ak je yo sèlman. Pami yo, gen bakteri, viris ak parazit. Gen ladan yo ki itil, men genyen ki ka fè w anpil mal e ki ka menm touye w.
b Savon ak dlo touye mikwòb pi byen pase dlo poukont li.
c Move grès vle di grès ki pwès lè w poko chofe l.
d Lè n di sik la a, n ap pale de kalite sik, tankou sik blan ak sik wouj, siwo myèl, siwo kann ak ji nan bwat. Nou pap pale la a de sik nou jwenn nan fwi, legim ak lèt.